Direktè Lojistik pour Sevis finansye Fonkoze | JobPaw.com
Introduction


Fonctions

Objektif Jeneral : Asire bon jan jesyon byen mobilye enstitisyon yo pou pèmèt :
1. Filosofi, misyon, objektif, pwosedi Fonkoze respekte.
2. Akizisyon, antretyen, reparasyon ak acha byen ak sèvis an jeneral toujou fèt nan chache pi bon rapò kalite/pri.
3. Itilizasyon ak antretyen byen epi swivi kontra ak dosye yo fèt avèk rigè pou evite pèt nan enstitisyon yo.
4. Pèsonèl administrasyon yo pwodiktif, konpetan ak travay ak kè kontan.

Responsabilite w :

A. Acha
• Asire tout estaf Fonkoze okouran pwosedi acha yo epi respekte yo; revize ak amelyore pwosedi yo tanzantan (2 lane).
• Asire pwosedi acha yo respekte demann bayè yo pou tout sa ki gen anwè ak acha pou Fondasyon an.
• Idantifye founisè ak kontraktè enstitisyon yo pou acha materyèl, ekipman pou biwo, elatriye pou tout acha yo kit se pou biwo santral kit se pou branch yo;
• Jere pwosesis acha materyèl ak ekipman pou nou jwenn pi bon kalite/pri, ak apwi teknik CIO ak depatman li an pou acha materyèl enfòmatik la ;
• Sipèvize swivi rekizisyon yo epi jan pwofòma yo ap pran pou acha materyèl ; epi asire tout rekizisyon ki sòti nan operasyon/pwogram jwenn repons rapid apre akò finans;
• Kontwole fakti pou peye, otorize yo, fè swivi pwosedi pou pèman ;
• Asire tout dosye founisè yo ajou : pyès jistifikativ, fakti peye, pwofòma;

B. Kontra imobilizasyon ak sèvis
• Prepare kontra pou depatman an lè sa nesesè ;
• Asire avoka enstitisyon yo revize kloz kontra yo ;
• Jere kontra antretyen ekipman ak antrepriz ki ka vann nou pwodwi ak sèvis nou bezwen regilyèman, epi tout lòt kontra ki an rapò ak administrasyon;
• Kenbe dosye administrasyon yo ajou tankou : lwaye, imobilizasyon, elatriye ;

C. Envantè ak Antretyen
• Asire tout zafè envantè pase òdit extenn nan kòm sa dwa.
• Fè envantè fizik konplè ekipman ak materyèl enstitisyon an 1 fwa pa ane, epi fe kek tchek pou verifye ki jan bagay yo ye toutolon ane an.
• Pran enfòmasyon nan men kontablite, operasyon, direkte branch ak IT pou mete envantè ki nan òdinatè a a jou chak trimès;
• Konpare rapò envantè ane ankou a ak lòt rapò ane pase, yon fason pou w asire tout materyèl nan plas yo ; epi fe swivi sou sa ki pa anplas yo, bay direksyon an rapo sou tout pwoblem ki gen anwe ak envante a;
• Lè transfè branch epi lè sa nesesè, vizite branch yo epi bay yon rapò sou : eta imèb ak materyè epi fè rekomandasyon ;
• Kolabore ak kontabilite pou kenbe envante a ajou
• Sipèvize jesyon estòk yo.

D. Jesyon Transpò
• Asire tout dosye machin ak motosiklet yo disponib epi nòmal.
• Bay rapò sou itilizasyon machin ak motosiklet Fonkoze yo. Analize done yo epi bay sijesyon pou itilizasyon machin ak motosiklet nan oganizasyon yo vin pi efisyan.
• Asire sèvis antretyen kenbe yon kalandriye pou antretyen machin,delko, envètè, moto ak asirans ajou epi tout antretyen yo fèt kòm sa dwa pou tout ekipman sa yo ka dire plis tan ;
• Kontwole rapò depans kantite gaz ki te achte ak itilize ak kantite deplasman nan pwovens ki te genyen nan mwa a 3 jou aprè mwa a fini ;
• Bay apwi ak dispatchè pou planifikasyon transpò, epi jesyon materyel roulan yon fason pou estaf Fonkoze toujou rive kote li bezwen rive pou li fè travay li san reta.

E. Bidjè
• Prepare epi patisipe nan elaborasyon bidjè enstitisyon yo ;
• Prepare rapò depans previzyonèl bay kontabilite, analize rapo depans depatman yo epi toujou chache jwenn de fason pou travay la fet yon fason ki pi efisyan;
• Pran enfòmasyon sou nouvo acha ki pou fèt : reparasyon, amenajman, lwaye ;
• Asire depans depatman an fèt nan respè bidjè yo pou asire pi bon kalite/pri.


F.Resous Imen
• Patisipe nan pwosesis rekritman pèsonèl pou depatman an, pwopoze kandida pou pòs administrasyon yo bay direksyon jeneral yo pou aprobasyon.
• Prepare epi revize deskripsyon tach pèsonèl sou sipèvizyon l ;
• Sipèvize travay pèsonel depatman a;
• Otorize tout travay ovètym ki fèt nan depatman a;
• Defini objektif pou tout pèsonèl nan depatman an, fè evalyasyon pèsonèl depatman an, planifye fòmasyon yo bezwen;
• Planifye konje pèsonèl depatman an;

G. Sekirite
• Patisipe nan tout reynyon epi nan desizyon konsey sekirite.

H. Lòt tach
• Prepare rapò sou aktivite depatman administrasyon an ;
• Prepare epi revize pwosedi aktivite depatman administrasyon an ;
• Prepare plan aktivite depatman administrasyon an ;
• Asire jesyon ti kès fèt dapre pwosedi ki anplas ;
• Egzekite tout lòt tach ki nesesè pou bòn mach Enstitisyon an;
• Sipevize oganizasyon resepsyon an epi asire li bay tout vizite yo bon jan akey ak sevis.


Qualifications réquises

Pwofil ak Kritè Seleksyon :

Inivèsite : gen yon diplòm inivèsitè 4 lanne nan jesyon, ekonomi, kontabilite oubyen tout lòt domen ki ta sanble.

Eksperyans : 5 lane eksperyans nan yon pòs responsab administrasyon nan ONG oubyen yon lòt gwo bwat ki genyen anpil biwo an pwovens, oubyen tout lòt pòs ki ta sanble.


Pèsonalite avèk Konpetans :
• Etik pwofesyonèl avèk entegrite
• Lidèchip
• Kapab òganize, planifye travay pal avèk travay lòt
• Kapab mete kontwòl sou anplwaye yo ansanm ak tout byen enstitisyon an
• Travay avèk anpil swen
• Kaptab kominike avèk lòt
• Konpran ak pale angle


Conditions de travail

Tit pòs la : Direktè Lojistik
Depatman : Administrasyon
Biwo : Babyòl
Responsab ou : Direktè Jeneral Fonkoze / CEO SFF


Date limite

2012-05-12