Kowòdonatè IT pour FONKOZE | JobPaw.com
Introduction

Fondasyon Kole Zepol “FONKOZE” se yon enstitisyon Ayisyen ki a bi non likratif, ki kreye nan lane 1994 pa Pè Joseph Philippe ak yon gwoup òganizasyon de baz e ki gen rekonesans itilite piblik depi 2005. Fonkoze se yon fanmi òganizasyon k ap travay nan kole zepòl pou ofri sèvis finansye ak sèvis ki pa finansye pou tout Ayisyen – sitou fanm yo - jwenn mwayen pou yo retire fanmi yo nan lamizè.


Fonctions

Misyon

Kowòdonatè IT a responsab devlòpman ak enplemantasyon politik teknoloji enfòmasyon Fondasyon an pandan lap veye pou ekosistèm teknolojik la adekwa pou sipòte aksyon pwogram, pwojè ak depatman sipò yo. Lap veye tou pou ekosistèm nan a jou, sekirize e an mezi pou sipòte kwasans Fondasyon an, tout sa nan bon jan respè misyon, vizyon ak valè Fondasyon an.

Aktivite prensipal Plaifikasyon estratejik

• Revize epi asire mizannèv plan estratejik pou ranfòsman sistèm enfòmasyon Fondasyon an pou pèmèt teknoloji yo toujou alinye sou objektif a koutèm ak lontèm yo ;

• Asire yon evalyasyon kontini de bezwen nan domèn Teknoloji Enfòmasyon (TIC) yo epi rekòmande amelyorasyon ak inovasyon pou rive soutni objektif estratejik Fondasyon an ;

• Kolabore ak diferan depatman ak pwogram Fondasyon pou rive detèmine bezwen espesifik nan kesyon sistèm enfòmasyon epi rann disponib oubyen devlope solisyon teknolojik ki adapte a bezwen sa yo ;

• Asire yon vèy teknolojik ki dwe pèmèt Fondasyon an swiv tandans devlòpman teknoloji yo, evalye pètinans yo ak idantifye opòtinite inovasyon pandan lap toujou kenbe sistèm enfòmatik li an ajou nan fè bon chwa nouvo zouti pou asire pwodiktivite anplwaye li yo.

Jesyon sistèm enfòmatik:

• Nan kolaborasyon ak Depatman Swivi ak Evalyasyon, sipèvize ak jere aspe teknolojik sistèm enfòmasyon Fondasyon an, ki gen ladan lojisyèl, baz done, rezo ak sèvè yo pou asire disponibilite yo, pèfòmans yo, ak kapasite yo devlope ;

• Devlope politik sekirite ak jesyon aksè enfòmasyon Fondasyon an;

• Asire mizanplas ak kontinite mezi sekirite solid pou pwoteje ekipman, materyel enfòmatik ak done sansib ki lye ak travay Fondasyon an kont menas sibènetik ak vyolasyon sekirite ;

• Ranfòse sistèm envantè materyèl (òdinatè, sèvè, telefòn, elt.), lojisyèl, ak resous teknolojik ki itilize nan Fondasyon an epi asire w ke yo jere selon nòm teknik ki an vigè yo ak politik Fondasyon an ;

• Planifye swivi kontra ak jesyon lisans enfòmatik yo tankou Ofice 360, Accpac SAGE, MS Project, elatriye ;

• Asire ke sistem enfòmasyon Fondasyon an respekte tout règ ak nòm konfòmite nan domèn nan, sitou pou sa gen pou wè ak pwoteksyon done epi konfidansyalite.

• Asire bon jan aksè entènet pou tout itilizatè Fondasyon an ki bezwen sa, kelkeswa kote yo ye, epi fè sa yon fason ki efisyan.

Jesyon pwojè, fòmasyon ak sipò pou itilizatè yo:

• Sipèvize mizannèv tout nouvo pwojè enfòmatik Fondasyon an soti nan konsepsyon rive nan reyalizasyon pandan wap veye sou respè delè, bidjè ak egzijans teknik yo ;

• Akonpanye pwogram yo nan chwa ak itilizasyon solisyon enfòmatik ki gen pou wè ak planifikasyon, mizannèv ak swivi pwojè osinon lòt bezwen espesifik yo genyen ;

• Devlope, planifye ak òganize fòmasyon ak sèvis asistans teknik pou anplwaye Fondasyon yon mannyè pou pèmèt yo itilize ak plis efikasite sistèm enfòmatik ki a dispozisyon yo.

Lòt

• Asiste depatman sipò yo nan devlòpman ak revizyon zouti jesyon ak swivi nan kad travay yo ;

• Mete kanpe pwosedi ak mekanis pou achivaj elektwonik dosye pou Fondasyon an ;

• Reyalize tout lòt tach sipèvizè’w mande w fè oubyen lè sa nesesè.

• Defini objektif Ekip IT Fondasyon an, sipèvize epi kotche yo pou yo atenn objektif yo, asire yo grandi nan travay la.


Qualifications réquises

Konpetans

Fòmasyon ak eksperyans :

Yon diplòm inivèsitè (bac+4) nan syans enfòmatik, Jeni lojisyèl, administrasyon rezo oubyen nenpòt domèn ki gen rapò ;

Eksperyans pwofesyonel pou omwen de (5) lane kòm Responsab IT, Manadjè Sistèm Enfòmasyon oubyen lòt pòs similè.

Konesans •

Bon konesans nan sistèm enfòmasyon.

• Bon konesans nan pwogramasyon enfòmatik.

• Konesans langaj pwogramasyon tankou PHP, SQL, Python.
• Metriz zouti CMS, framework ak zouti edisyon code tankou : Laravel, JQuery, ReactJS, Material Design

• Konesans baz done MySQL, PostGreSQL, MongoDB
• Konesans sèvè Web tankou Apache, Tomcat, ODK ak kontwòl vèsyon : GITHUB, BitBucket, SVN, elt.

• Konesans sou zouti travay sa yo tankou: MS Excel, MS Word, PowerPoint, elatriye.

Bon nivo konesans nan fransè ak kreyòl (oral ak ekri), konesans nan lang anglè swete.

Aptitid ak Kapasite

• Dinamik, genyen espri ekip. • Aptitid pou planifye ak òganize ;

• Entegrite pèsonèl ak diskresyon;

• Bon kapasite analiz ak sans rezolisyon pwoblèm ; • Bon sans presizyon ak egzaktitid ;

• Onèt, ponktyèl ;

• Kapasite pou òganize aktivite fòmasyon/konferans pou anplwaye yo ;

• Bon konpetans nan depanaj òdinatè ;

• Bon konpetans nan kominikasyon ak lòt moun.


Dossier de candidature doit avoir ...

Dosye kandidati yo dwe genyen:

• Curriculum vitae
• Kopi diplòm, Sètifika ak papye travay
• Lèt motivasyon
• 2 referans pwofesyonèl


Remarque contact

N- B: Nan ka kote konpetans yo menm, Fonkoze prefere rekrite yon fanm oubyen yon moun ki an sitiyasyon andikap.


Date limite

2024-04-23