Manadjè Swivi Evalyasyon ak Aprantisaj pour Fondasyon Depase Fwontyè | JobPaw.com
Introduction

Depase Fwontyè Yo se yon fondasyon kap travay pou kore mouvman sosyal ann Ayiti. Fondasyon sa vize kore
kat (4) mouvman prensipal nan peyi a : Mouvman pou libere timoun ki nan eksplwatasyon ak nouvèl fòm esklavaj ; Mouvman pou fini ak vyolans sou fanm ak tifi ; Mouvman pou tout timoun jwenn bon kalite ledikasyon ; Mouvman pou pèmèt moun sòti nan povrete ekstrèm. Pou operasyonalize vizyon sa yo, Depase Fwontyè yo mete kanpe twa (3) pwogràm ki se : Inisyativ Kominote Modèl Riral (IKM Riral) ; Inisyativ Kominote Modèl Lavil (IKM Lavil) ; Repanse Pouvwa. Beyond Borders / Depase Fwontyè yo gen baz li nan Jakmèl, Pòtoprens ak Lagonav, Ayiti ansanm ak yon ekip ki baze nan plizyè zòn Ozetazini ak Kanada. Li travay an kolaborasyon ak plizyè patnè atravè peyi an Ayiti.

Nan travay pou gaye Inisyativ Kominote Modèl la, Depase Fwontyè yo genyen kolaborasyon ak patnè nan Lagonav, nan depatman Nò pou plis presizyon nan Sen Rafayèl, nan zanviwon Petyonvil.


Fonctions

Deskripsyon jeneral pòs la:
Fondasyon an ap chèche yon Manadjè Swivi Evalyasyon ak Aprantisaj pou travay nan Inisyativ Kominote Modèl. Jesyonè Swivi Evalyasyon ak Aprantisaj la pral aplike pwogràm Fondasyon an ki kadre ak misyon li genyen pou sipòte mouvman sosyal. L ap genyen pou travay nan tèt kole ak estaf pwogràm yo, patnè yo pou asire genyen zouti planifikasyon, swivi, evalyasyon efikas ki anplas oubyen revize yo nan ka bezwen. L ap ede pou ranfòse kapasite estaf pwogràm yo ak patnè yo nan itilize zouti sa yo nan bay fòmasyon, ankadreman ak konsèy.

Reskonsablite Kle:

Planifikasyon
• Ankadre/akonpanye estaf pwogràm yo ak patnè yo nan pwosesis planifikasyon chak ane ;
• Bay patnè yo ak estaf pwogràm sipò, fòmasyon pou amelyore kapasite yo pou bati epi revize chak moman plan travay yo ;
• Apiye Direksyon DF ak ekip pwogràm yo nan konsepsyon ak planifikasyon nouvo pwogràm ak pwojè. Veye pou genyen estrateji ak zouti swivi evalyasyon efikas ki entegre depi nan faz konsepsyon (kad lojik ki genyen bon kalite ak endikatè SMART, liy de baz, zouti ak metòd pou ranmase done, estrateji aprantisaj ak evalyasyon)
Swivi ak Evalyasyon
• Veye pou pwogràm yo genyen yon plan swivi evalyasyon ki ka aplike epi estaf pwogràm ak patnè itilize l ;
• Asire zouti ak kapasite yo anplas pou pèmèt ranmase ak jere done ki kadre ak plan swivi evalyasyon an. Asire done yo byen sezi epi yo pataje ak moun ki konsène. Ede ekip pwogràm yo genyen yon baz done ki fonksyonèl epi kenbe l ajou ;
• Ranfòse kapasite estaf pwogràm yo ak patnè yo pou fè bon kalite rapò nan delè epi dapre fòma ki tabli. Revize rapo yo asire koyerans ak plan aktivite yo ;
• Asire tout pwogràm yo genyen yon estrateji evalyasyon ki kadre (entèk ak ekstèn, nan finisman oubyen nan mitan wout). Kodone estrateji evalyasyon an ;

Aprantisaj/jesyon konesans
• Ede ekip pwogràm yo reflechi sou travay yo ak estrateji yo pandan yo ap itilize done swivi evalyasyon yo;
• Ede ekip yo idantifye aprantisaj ki genyen anpil sans. Jere etid ka yo, dokimantasyon leson yo ak lot pwodwi jesyon konesans yo;
• Kolabore ak ekip pwogràm yo pou ranfòse echanj aprantisaj yo nan divès pwogràm yo Depase Fwontyè yo oubyen ak lòt òganizasyon


Qualifications réquises

Eksperyans ak Istorik

? Omwens 3 lane eksperyans nan jere pwosesis Planifikasyon, Swivi, Evalyasyon nan ONG.
? Konplete 4 lane etid oubyen yon lisans nan Syans Sosyal, ekonomi oubyen estatistik .
? Eksperyans nan kolekte done sou teren ak divès metodoloji, divès kalitite zouti pou mezire kantite ak kalite.
? Eksperyans nan defini metodoloji ak fè kalkil echantiyon pou ankèt pou mezire kantite.
? Eksperyans nan jere divès platfòm ak baz done.
? Eksperyans pwouve nan kapasite pou pwodwi rapò analiz done.
? Eksperyans nan prepare ak prezante fòmasyon.

Konpetans ak Kalite Kle
? Demontre konpreyansyon sistèm, pwosesis planifikasyon, Swivi, Evalyasyon ak Aprantisaj.
? Konn ekri epi pale kreyòl ak fransè. Kapasite pou ekri epi pale anglè se yon gwo avantaj epi se yon nesesite.
? Bon jan konpetans nan analiz ak sentèz enfòmasyon.
? Kapasite pou jere tan epi òganize travay yon fason otonòm selon priyorite ki idantifye.
? Fleksib avèk kapasite pou prezante enfòmasyon nan divès fason selon bezwen patisipan yo.
? Bon konpetans sou òdinatè (omwens bon metriz lojisyèl biwo : Word, Excel, Power Point, SPSS).
? Bon konpetans nan itilizasyon divès kalte plafòm mobil tankou : ODK Collect, KoboCollect, CommCare elatriye.
? Bon jan konpetans nan metodoloji Analiz Baryè, Ankèt KAP, Kat Sosyal (se yon atou).
? Ouvè pou vizite ak konekte ak tout kalte moun, ak tout kalte fwa ak relijyon, epi ki reprezante tout kouch sosyal, san diskriminasyon.
? Kreyatif avèk kapasite pou pran inisyativ.
? Alèz devan gwoup moun.
? Bon kapasite kominikasyon, ni pale ni ekri.
? Kapasite pou jere plizyè aktivite ansanm, motive pou wè rezilta.
? Kapasite pou aprann vit nan eksperyans.
? Alèz nan travay kominote a epi avèk divès kalite moun.
? Konn byen boule ak moun.
? Alèz nan kominote riral yo.
? Kapasite adaptasyon nan anviwonman difisil.


Conditions particulières

Nou ankouraje kandidati fanm ak moun andikape.


Conditions de travail

Lendi a vandredi ak posiblite pou travay samdi. 8h am pou 4h pm


Dossier de candidature doit avoir ...

Voye yon dosye ki gen ladan l : 1) yon lèt motivasyon ki montre entère w pou pòs la e kapasite ak eksperyans ou genyen ki bon pou pòs la ; 2) yon CV ak 3 bon referans ; 3) tout lòt prèv sou fòmasyon ak travay.


Date limite

2021-10-30