Depase Fwontyè yo ap chache yon kontab kalifye, ekspèrimante pou sipòte Depatman Finans Pòtoprèns lan pandan pèyòd konje matènite Kontab prènsipal la. pourFondasyon Depase Fwontyè| JobPaw.com
Introduction

“Fondasyon Depase Fwontyè” etabli an Ayiti depi 2015 pa Beyond Borders, yon ONG Ameriken kap travay an Ayiti depi lane 1993. Depase Fwontyè yo ede moun konstwi mouvman pou yo soti tèt yo nan opresyon ak izolman. Depase Fwontyè yo soutni tout mouvman ki genyen kòm objektif pou konbat sistèm restavèk la (esklavaj Timoun), fasilite tout moun jwenn aksè ak edikasyon inivèsèl, lite kont vyolans kap fèt sou fanm ak tifi epi ranplase sistèm k’ap peze pòv yo ak yon lòt sistèm ki soutni travay diy epi ki bay dirab.
Aktivite Depase Fwontyè yo reyalize direkteman ak estaf li an epi tou nan tèt kole ak lòt òganizasyon ki se patnè lokal li yo. Lap egzekite twa (3) pwogram li genyen yo ki se: Repanse Pouvwa (elimine vyolans kap fèt sou fanm ak tifi), Inisyativ Kominote Modèl (IKM) Riral ak Inisyatif Kominote Modèl (IKM) Ibènn.


Description de taches

Reskonsablite Konsiltan an
Konsiltan an ap gen pou li asiste Reskonsab Finans lan nan ekzekisyon tach li yo. Li reskonsab pou li kontabilize tout tranzaksyon kap fèt anndan òganizasyon an, lap gen pou li bay rapò finansyè pwogram sa epi jere kès yo
a. Konsiltan an ap gen pou li prepare pewòl estaf yo epi peye DGI, ONA ak OFATMA tou. Konsiltan an dwe asire ke Depase Fwontyè yo respekte nòm kontab nasyonal ak entènasyonal ak pwosèdi jesyon finans
Fondasyon Depase Fwontyè yo tabli.
Kontab la dwe egzekite tach sa yo:
• Fè kontabilite tout transkasyon pou pwogram Potoprens
• Prepare rapò finansye swivan bezwen
• Asiste nan fè jesyon pewòl
• Kreye, finalize, epi fè swivi dosyefinans yo
• Asiste nan prepare rapò pou aktivite pwogram yo
• Fe rekonsilyasyon kont bank yo chak mwa
• Peye Taks: DGI, ONA, OFATMA ak Asirans Sante nan dat sa dwe fèt la
• Pase ekriti jounalye yon an sistèm nan
• Byen jere dosye finans yo pou yo kapab odite avèk fasite epi travay ak oditè yo
• Asire ke tout dokiman finans yo byen klase
2
• Prepare, eskane, voye bay pyès jistikatif ki makonne ak pewòl/depans resous imèn pou ekip Repanse
Pouvwa Jakmèl chak mwa
• Patisipe nan tout rankont finans lè sa nesesè
• Patisipe nan tout rankont planifikasyon ak evalyasyon ak ekip IKM Pòtoprèns
• Tout lòt responsabilite Fondasyon Depase Fwontyè yo jije nesesè pou Pwogram yo avanse ap fèt ak
konsantman konsiltan an


Profil du consultant ou des consultants ou de la firme

Kalifikasyon
• Etid an kontabilite/jesyon
• Pase o mwens 2 zan ap travay nan yon domèn konsa
• Genyen konesans nan fiskalite Ayisyèn nan
• Genyen kapasite pou itilize lojisyèl de biwo tankou Word ak Excel
• Metrize lojisyèl Quickbooks
• Genyen kapasite pou ekri rapò
• Genyen konesans sou jesyon pwojè
• Genyen kapasite pou kominike byen
• Genyen yon bòn konesans Kòd Travay Ayisyen an
• Kapasite pou travay sou presyon epi respekte delè nan yon aviwonman difisil
• Kapasite pou Travay an ekip epi Devlope bon relasyon moun ak moun
• Kapasite pou jere avèk diskresyon enfomasyon ki sansib oswa konfidansyèl
• Eksperyans travay avèk ONG oubyen òganizasyon charite
• Angaje pou fè pwomotion egalite ak divèsite
Depase Fwontyè, se yon anplwayè ki ofri menn opòtinite a tout moun. Nou ankouraje moun ki ap viv ak yon
andikap, fanm ak manm gwoup ki depi lontan ki majinalize yo aplike


Dossier d’appel d’offres

Cliquer ici pour télécharger le dossier complet d’appel d’offres


Envoyer le pli à

consultant@beyondborders.net