Search
Introduction

Fondasyon FONKOZE se on enstitisyon Ayisyen ki a bi non likratif ki kreye nan lane 1994 pa Pè Joseph Philipe ak yon gwoup òganizasyon de baz ki gen rekonesans itilite piblik depi 2005. Fonkoze se yon fanmi òganizasyon k ap travay nan kole zepòl pou ofri sèvis finansye ak sèvis ki pa finansye pou tout Ayisyen – sitou fanm yo - jwenn mwayen pou yo retire fanmi yo nan lamizè />
OBJEKTIF:
1. Ede pwogram nan atenn objektif li dapre misyon, filozofi, ak pwosedi Fonkoze, yon fason pou enstitisyon an bay kliyan kredi yo bon jan fòmasyon pou ede yo soti nan lamizè tout bon vre.
2. Tabli bon jan metòd ak zouti pou jere resous pwogram nan (moun yo, sant yo, materyèl yo), epi patisipe nan egzekite yo.
3. Patisipe avèk direktris la nan devlopman sèvis Edikasyon an pou li rive disponib nan tout branch Fonkoze yo, ak pou fonksyònman sèvis la byen dokimante pou Enstitisyon an.


Fonctions

Jesyon Pwogram
• Kolabore avèk direksyon Edikasyon pou suiv e devlope objektif pwogram nan epi asire objektif yo atenn.
• Idantifye ki sa pwogram nan bezwen pou l fonksyone byen
• Fè deplasman sou teren pou vizite Ajan yo
• Resevwa epi jere tout evalyasyon, tès ak dokiman administratif

Jesyon Resous Imèn
• Asire dosye anplwaye yo jwenn bon tretman nan RH
• Kowòdone epi sipèvize aktivite Ajan Edikasyon yo.
• Tabli yon bon sistèm pou fè sipèvizyon Ajan yo.
• Toujou kominike ak pèsonèl teren an pou yo okouran sa k ap fèt.

Jesyon administrasyon
• Planifye lojistik pou deplasman ekip la
• Asire klasman dosye yo nan santral
• Kontwole rapò jistifikatif depans ki soti sou teren
• Fè envantè anyèl

Lòt tach
• Sipèvize dosye baz done a.
• Prezante pwogram nan bay lòt depatman oswa lòt branch lè sa nesesè
• Akonpaye Ajan yo pou fè fòmasyon sou teren pou monitris Alfa yo


Qualifications Requises

Etid: 4 lane invèsite nan disiplin sosyal (sosyoloji, sikoloji, travayè sosyal, antwopoloji), administratif, maketing, jesyon, oubyen edikasyon granmoun/fòmasyon, evalyasyon pwogram.

Eksperyans : Pou pi piti 5 lane eksperyans travay teren ak/oswa travay Administrasyon. Esperyans jesyon pwojè ak fòmasyon granmoun enpòtan.


Conditions particulières

Kalité Pèsonèl ak Konpetans

• Enterese nan domèn soyal, fòmasyon ak mikwofinans
• Lidèchip ak konn pran inisyatif
• Lespri pou travay ak detay
• Kapasite pou boule byen ak moun
• Fò nan kominikasyon oral ak ekri, sitou an kreyòl
• Kapasite pou fòme ak sipèvize moun
• Kapab analyze ak rezoud pwoblèm
• Kapab travay byen pou kont li ak an ekip
• Konn monte motosiklèt se yon avantaj
• Konn itilize byen tout ekipman biwo yo, òdinatè ak lojisyèl Word ak Excel sitou


Dossier de candidature doit avoir ...

CV a jou, Yon lèt motivasyon ak kopi tout diplòm ki pwouve konesans yo


Envoyez à vos amis par


back top