Management/Gestion, Finance, Comptabilité et Commerce
Spécialité
Gestion des Ressources Humaines
Date publication
3 Jan 2017
Date limite
13 Jan 2017
Pays
Haiti
Ville
Port-au-Prince
Zone
Durée
Indeterminée
Introduction
Fondasyon FONKOZE se on enstitisyon Ayisyen ki a bi non likratif ki kreye nan lane 1994 pa Pè Joseph Philiipe ak yon gwoup òganizasyon de baz ki gen rekonesans itilite piblik depi 2005. Misyon Fondasyon Fonkoze se travay nan kolezepòl pou ofri sevis finansye ak sevis ki pa finansye pou tout ayisyen jwenn mwayen pou yo retire fanmi yo nan lamizè.
Jiska jounen jodia Fondasyon Fonkoze geneyn plis pase 100 anplwaye kap bay sèvis ak akonpayman nan plis pase 20 lokaite nan peyi
Fonctions
I. Objektif pòs la
Asire Fondasyon an genyen resous moun li bezwen yo epi pou resous moun jwenn yon bon kad travay ki ede yo fè travay yo kòm sa dwa.
II. Tach pòs la
a. Mete Manyèl resous moun ak tout zouti jesyon resous moun ajou ansanm ak Sipèvizè a pou li toujou reflete bon pratik ak reyalite Fondasyon an; Asire manyèl la aplike;
b. Mete Manyèl Anplwaye yo ajou epi asire bon jan fòmasyon pou tout anplwaye byen konprann sa ki genyen nan manyèl sa a;
c. Patisipe nan fè fòmasyon sou valè Fondasyon yo, plan estratejik li a, epi konba n ap mennen kont fwòd ak koripsyon.
d. Oganize rekritman tout nouvo estaf jan manyel la preskri li;
e. Oganize oryantasyon nouvo anplwaye yo jan manyel la preskri li;
f. Ankadre evalyasyon pèfomans ak definisyon objektif tout sipevizè yo fè pou anplwaye yo nan fen peryòd pèfòmans epi chak ane;
g. Oganize fòmasyon pou estaf la jan direktè depatman yo made sa nan respè bidjè fòmasyon yo – fèswivi fòmasyon yo;
h. Kolabore ak ekip Resous Moun SFF la pou dosye anplwaye yo ajou, pou anplwaye yo jwenn papye administratif yo bezwen epi pou pewòl la fèt kòm sa dwa;
i. Fè swivi konje anplwaye yo;
j. Ede anplwaye yo nan jere dosye asirans sante AIC a;
k. Vizite anplwaye ki nan ka – bay yo yon kout men si posib epi nan respè pwosedi Fondasyon yo;
l. Jere pwosesis disiplinè yo ansanm ak direktè depatman yo. Asire pwosesis la respekte pwosedi Fondasyon an ak lalwa peyi d’Ayiti.
m. Mete an plas epi jere pwosesis pou Anplwaye yo pote plent si yo pa dakò ak yon bagay osinon si yo sibi abi.
n. Aprann konn lwa travay peyi a epi toujou respekte l – travay ak avoka yo pou ka difisil epi relasyon ak biwo travay epi tribinal yo.
Qualifications Requises
• Lisans an Jesyon osinon yon diplom ki gen menm valè
• Pou pi piti 10 lane esperyans pwofèsyonèl ki genyen ladann pou pi piti 5 lane esperyans jesyon resous moun
• Esperyans nan yon depatman jesyon resous moun se yon avantaj.
Conditions particulières
Konsesans Angle, Franse, Kreyòl
Konn itilize òdinatè (MS Office), Internet
Kapab kominike byen pa ekri epi nan pale
Montre yon bon sansibilite pou sitiyasyon anplwaye yo
Konn konstwi ekip – travay ak moun
Kapab travay ak moun ki gen lòt kilti
Dossier de candidature doit avoir ...
Tout moun ki enterese voye CV, kopi diplòm ak yon lèt motivasyon kap eksplike poukisa ou panse ou gen kapasite pou ou okipe pòs sa a.
Autres remarques
Atansyon: Nap kominike ak moun nou seleksyone yo sèlman.