Search
Introduction

Fondasyon FONKOZE se on enstitisyon Ayisyen ki a bi non likratif ki kreye nan lane 1994 pa Pè Joseph Philiipe ak yon gwoup òganizasyon de baz ki gen rekonesans itilite piblik depi 2005. Misyon Fondasyon Fonkoze se travay nan kolezepòl pou ofri sevis finansye ak sevis ki pa finansye pou tout ayisyen jwenn mwayen pou yo retire fanmi yo nan lamizè.

Jiska jounen jodia Fondasyon Fonkoze geneyn plis pase 100 anplwaye kap bay sèvis ak akonpayman nan plis pase 20 lokalite nan peyi a.
Objektif : Ede direktè pwogram santé a pou li planifye, egzekite avèk evalye entèvansyon biznis avèk maketin ki konsevwa nan kad pwojè « boutik sante » a


Fonctions

Men sa li genyen pou li fè:
1. Defini epi suiv plan biznis pou pwojè boutik sante a an kolaborasyon avèk sipevize li epi rès ekip la
2. Suiv mache ki gen rapo avèk pwodui « boutik sante » yo nan branch yo epi PAP, epi konseye regilièman nan analiz ekip la ap fè pou pran desisyon sou miks pwodui yo epi pou ajiste pri yo
3. Prepare sesyon fòmasyon jesyon biznis avèk maketin yo epi fòme mis yo pou yo kapab transmèt yo an kolaborasyon avèk sipèvizè li epi rès ekip la
4. Sipèvize aktivite biznis avèk maketin yo sou plas epi chak mwa soumèt yon rapò aktivite sipèvizyon yo
5. Ranmase chak mwa enfòmasyon an rapò avèk endikatè ekonomik pwojè a epi analize yo nan yon rapò teknik pou soumèt a sipevizè li
6. Koòdone avèk lòt ofisye pwojè sante yo pou asire aktivite yo konplete youn lòt san gaspiyaj (efisyans)
7. Ede depatman sante a nan redaksyon rapò yo chak 3 mwa, epi nan kominikasyon ant biwo santral la avèk branch yo
8. Pran responsab pou tout materyèl li resevwa sou responsabilite li nan kad travay li (telefòn, òdinatè, tablèt, lòt…)
9. Akonpli tout travay adisyonèl direktè depatman sante a ta mande li fè nan kad travay depatman sante a


Qualifications Requises

Diplòm inivèsitè (4 lane pou pi piti) nan yon domèn ki gen avwa avèk jesyon/administrasyon biznis epi devlopman antreprenarya


Conditions particulières

pi piti 2 lane travay nan on pozisyon kle pou devlopman biznis andeyò
• Lidèchip, espri ekip ak inisyativ
• Kapasite pou travay avèk tout kouch sosyal
• Entegrite ak respè pou moun
• Metrize zouti biwotik : word, excell, power point, access
• Kapasite pou li, ekri ak pale byen Kreyòl, Franse ak Angle.
• Kapasite fizik avèk disponibilite pou travay nan zòn difisil ki mande mache a pye oswa fè anpil tan sou moto
• Kapasite pou travay de fason endepandan


Dossier de candidature doit avoir ...

Curriculum Vitae ak Lèt Motivasyon


Autres remarques

Nap kominike ak moun nou seleksyone yo sèlman


Envoyez à vos amis par


back top