Management/Gestion, Finance, Comptabilité et Commerce
Spécialité
Management/Gestion
Date publication
22 Dec 2016
Date limite
29 Dec 2016
Pays
Haiti
Ville
Mirebalais
Zone
Durée
Indeterminée
Introduction
Fondasyon FONKOZE se on enstitisyon Ayisyen ki a bi non likratif ki kreye nan lane 1994 pa Pè Joseph Philiipe ak yon gwoup òganizasyon de baz ki gen rekonesans itilite piblik depi 2005. Misyon Fondasyon Fonkoze se travay nan kolezepòl pou ofri sevis finansye ak sevis ki pa finansye pou tout ayisyen jwenn mwayen pou yo retire fanmi yo nan lamizè.
Jiska jounen jodia Fondasyon Fonkoze geneyn plis pase 100 anplwaye kap bay sèvis ak akonpayman nan plis pase 20 lokalite nan peyi a.
OBJETIF: Ede pwogram nan atenn objektif dapre misyon, filozofi, pwosedi Fonkoze pou manm CLM ak moun nan kominote kote yap viv la gen aksè pou patisipe nan aktivite ekonomik menm apre lè program nan fini nan zòn nan pou yo kontinye nan lit kont lamizè.
Asire tout pwosesis pwogram CLM nan respekte etap pa etap de seleksyon a gradyasyon. Asire lavi tout manm CLM yo chanje tout bon vre. Asire bidjè pwogram nan depanse nan bon kondisyon ak jan sa te pwevwa.
Fonctions
Jesyon Pwogram CLM+ ( Chaine de Valeur) CV
• Asire aktivite ekonomik ki fè pati chèn valè (CV) la devlope nan tout entegralite li pou pèmèt ni manm CLM ni Ti-machann Fonkoze ni man kominote yo patisipe nan nenpòt mayon nan chèn nan.
• Devlope relasyon ak diferan aktè ki nan chèn nan. Epi fasilite diferan aktè yo devlope lyen yonn ak lòt.
• Etabli yon sistem swivi ki ka pemet ou swiv evolisyon diferan aktè yo epi idantifye nouvo aktè ki dwe emèje pou li fasilite devlopman chenn valè .
• Devlope epi Kenbe a jou yon sistem enfomasyon (pri, entran, mache, nouvo aktè...)sou pwodiksyon pistach ak piman nan peyi a , an patikilye nan plato santral.
• Idantifye epi prepare epi fome ajan vant yo. Asire yo gen kontak ak pwodiktè CLM yo ak mache pou ekoule pwodwi yo.
• Oganize rankont ak froire ak diferan aktè
• Idantifye epi prepare tout modil fomasyon yo ansanm ak teknisyen VC a.
• Etabli kontak ak lyen ant tout manm ekip nan CLM ak CLM+ ak lot pwogram nan Fondasyon an epi patisipe nan tout aktivite yo lè sa posib.
• Devlope estrateji komèsyal ki dirab pou aktivite yo epi estrateji koman pou soti ladan lè sa pa mache.
• Prepare rapò sou jan bagay yo ap mache bay direksyon an
• Devlope patenarya ak aktè ki enterese
• Oganize pwosesis pou pèmèt aktè ki nan transfomasyon patisipe nan pwogram sibvansyon.
• Devlope epi antreteni relasyon ak ENSO pou swivi ak evalyasyon.
• Kenbe bon jan kominikasyon ak MEDA
• Asire ajan CV ak Case manager yo konpran enpòtans CV a nan pwogram CLM nan
• Fè fòmasyon pou staff CLM nan sou aprantisaj ki fèt nan enplimantasyon pwogram CV. Asire tout fòmasyon pou manm CLM yo sou aktivite ki nan CV a byen fèt.
• Verfye rapò sou depans pwogram lan. asire tout pyès jistifikatif yo la, otorizasyon yo la. Voye yo nan kontablite Analize yo epi bay rekomandasyon si nesesè.
• Fè deplasman sou teren pou vizite mamn CLM yo ak lòt aktè ki nan CV a epi diskite, pran epi bay konsèy, fè rekòmandasyon ki ka pèmèt tout patisipan nan CV a reyisi nan mayon pa yo a.
• Dokimante tout detay nan jan CLM+ CV a ap evolye pandan wap fè soti tout etap ki te swiv pou etabli pwogram CV a. Dokiman sa yo dwe disponib pou sevis pwogram nan oswa Fonkoze oswa nenpot lot pwogram ki entèrese ak filyè a.
• Fè rechèch non selman sou aktivite nou deja chwazi pou CV yo men tou sou lòt aktivite w wè ki ka devlope nan kominote kote nap travay la.
Jesyon Aktivite manm CLM
• Asire Ajan CV ak teknisyen an fè fòmasyon pou manm CLM sou aktivite CV yo epi yo konprann enfòmasyon yo epi yo mete yo an pratik
• Asire ajan CV ak teknisyen an byen dokimante tout aktivite ak echanj ki fèt ant li menm ak manm CLM yo epi lòt aktè nan chèn nan. Asire ajan CV a trete tout manm CLM ak lòt aktè yo kòm moun tankou tout moun avèk respè.
• Asire ajan CV ak teknisyen an akonpaye manm CLM pou yo ka byen jere aktivite CV yo etabli yo ki pou ede yo chanje lavi yo tankou rouze, netwaye epi itilize ensektisid lè sa nesesè
• Asire ajan CV ak teknisyen an pwepare tout rapo li dwe pwepare tankou rapo sou evolisyon aktivite CV yo, rapò depans elatriye
• Asire ajan CV yo respekte orè li te planifye pou vizit sou teren swa avèk manm CLM swa avèk lòt aktè ki konsène nan pwogram nan.
•
Jesyon Resous Imèn
• Asire ajan CV ak teknisyen an gen aktivite pou li fè chak semèn ki gen pou wè ak aktivite Chèn Valè ak manm CLM, staff CLM oswa lòt aktè ki enplike nan pwogram nan.
• Ede nan bay fòmasyon a Case manager yo nan diferan aktivite CV nan pwogram nan pou yo menm ka bay fòmasyon a manm CLM yo Asire yo byen konprann myson, filozofi ak objektif pwogram lan. Fè fòmasyon kontini pou Case manager yo.
• Fè evalyasyon anyèl ajan CV ak teknisyen an, bay rekòmandasyon pou devlopman yo.
• Fè reyinyon ak ajan CV ak teknisyen an pou yo toujou okouran de sakap fèt Nan depatman an epi pataje eksperyans yonn ak lòt nan lide pou amelyore fason nou rezoud pwoblèm yo
• Jere prezans ak konje ajan CV ak teknisyen an. Fè konpliman, fè lèt disiplin ak fè rekomandasyon pou revokasyon lè sa nesesè ankò ak pwosedi ki anplas nan enstitisyon an.
Lòt tach
.
• Pataje nan reyinyon staff eksperyans ak enfòmasyon sou evolisyon pwogram CLM+ CV a. Bay lòt depatman konsène enfòmasyon sou pwogram lan epi ede yo konprann jan pwogram nan fonksyone
Qualifications Requises
4 lane inivèsite nan yon pwogram jesyon, finans, administrasyon elatriye.
Genyen pou pi piti 4 lane eksperyans nan yon pwogram devlopman filyè, nan vant oswa maketingepi pwogram pou ede moun defavorize jwenn mwayen pou amelyore kondisyon lavi yo.
Conditions particulières
Lidèchip
Konprann moun
Ki pa timid
Kapasite pou kominike epi diskite ak moun(ajan vant, marketing)
Kapasite pou travay avèk moun kondisyon sosyal defavorize
Imilite
Kapasite fè bon analyz sou anviwonman ak analyz finansyè
Kapasite pou travay an ekip
Lang Kreyòl, Fransè. Anglè ap yon plis.