Nan kad nouvo pwojè ki rele "AKSYON " , Fondasyon FONKOZE ta renmen rekrite yon Ofisye pwojè Nitrisyon.
Fondasyon FONKOZE se on enstitisyon Ayisyen ki a bi non likratif ki kreye nan lane 1994 pa Pè Joseph Philiipe ak yon gwoup òganizasyon de baz ki gen rekonesans itilite piblik depi 2005. Misyon Fondasyon Fonkoze se travay nan kolezepòl pou ofri sevis finansye ak sevis ki pa finansye pou tout ayisyen jwenn mwayen pou yo retire fanmi yo nan lamizè.
Jiska jounen jodia Fondasyon Fonkoze geneyn plis pase 100 anplwaye kap bay sèvis ak akonpayman nan plis pase 20 lokaite nan peyi
Fonctions
Ede Jesyonè pwojè nitrisyon a pou li planifye, egzekite avèk evalye entèvansyon nitrisyon ki konsevwa nan kad pwojè « AKSYON »
1. Travay an akò avèk ekip AKSYON a pou asire tout aktivite yo ap fèt kòm sa dwa nan tout branch ki sible yo
2. Ansanm avek ekip la, Defini epi suiv plan pou frennen malnitrisyon nan branch sible yo
3. Akonpaye mis teren yo nan travay yo pou asire li fèt sou baz standa kalite epi san gaspiyaj
4. Etabli lyen ant kominote Fonkoze ap sèvi yo epi enstitisyon sante kote timoun ki soufri malnitrisyon yo ap refere
5. Asire koòdinasyon teren pou tout entèvansyon ki ap fèt dirèkteman ant patnè yo avèk kliyan Fonkoze yo
6. Prepare sesyon fòmasyon nitrisyon yo epi fòme mis yo pou yo kapab transmèt yo an kolaborasyon avèk sipèvizè li epi rès ekip la
7. Travay avèk seksyon Suivi ak evalyasyon a pou garanti chak timoun ki enskri resevwa suivi kòm sa dwa
8. Ede depatman sante a nan redaksyon rapò yo chak 6 mwa, nan kominikasyon ant biwo santral la avèk branch yo
9. Soumèt chak mwa yon rapò kosolide sou baz rapò tout mis teren yo reyslize an relasyon avèk aktivite nitrisyon yo
10. Patisipe nan evalyasyon pèfomans mis teren yo chak ane
11. Responsab pou tout materyel li resevwa sou responsabilite li nan kad travay li (telefòn, òdinatè, tablèt, lòt…
12. Akonpli tout travay adisyonèl direktè depatman sante a ta mande li fè nan kad travay depatman sante a
Qualifications Requises
Diplòm inivèsitè nan yon domèn ki gen avwa avèk sante kominotè oswa nitrisyon
Pou pi piti 2 lane nan travay sante kominotè
Conditions particulières
• Lidèchip, espri ekip ak inisyativ
• Kapasite pou travay avèk tout kouch sosyal
• Entegrite ak respè pou moun
• Metrize zouti biwotik : word, excell, power point, access
• Kapasite pou li, ekri ak pale byen Kreyòl ak Franse. Li avantaje si li konn angle tou.
• Kapasite fizik avèk disponibilite pou travay nan zòn difisil ki mande mache a pye oswa fè anpil tan sou moto
• Kapasite pou travay de fason endepandan
Dossier de candidature doit avoir ...
CV, kopi diplòm ak yon lèt motivasyon kap eksplike poukisa ou panse ou gen kapasite pou ou okipe pòs sa a