Management/Gestion, Finance, Comptabilité et Commerce
Spécialité
Comptabilité
Date publication
13 Nov 2013
Date limite
27 Nov 2013
Pays
Haiti
Ville
Zone
Port-au-Prince
Durée
Indeterminé
IntroductionFonctions
Rezime dyòb la Pòs sa a reponsab pou fè odit sou tout operasyon finans Fonkoze ak operasyon kredi nan branch yo.
Sa vle di:
• Revize operasyon yo tou tan, gade si pa gen feblès nan jan kontwol entèn nan ap fonksyone. Fè tès sou tranzaksyon yo ak rapò yo pou wè si yo respekte prensip ak prosedi kontab ki rekoni yo. Fè Odit sou aktivite finans ak eta finansye yo, mande tou pou asire’w ke Fonkoze travay swivan la lwa, li respekte nòm legal ak tout règleman yo.
• Toujou ap verifye operasyon yo ak tout tranzaksyon yo pou konfime ke rapò sou operasyon yo ak rapò sou pòtfey kredi diy de konfyans. Youn nan responsablite pòs sa a, se fè tès sou kontwol aktivite kredi yo, asire ke yo daprè prensip ak pwosedi ke direksyon enstitisyon an mete sou pye.
Responsablite yo:
• Asire ke tout prensip ak pwosedi yo respekte daprè règleman direksyon an ak lot otorite sou afè mikrofinans.
• Verifye epi evalye eske kontwol entèn sou finans, kontablite ak tout operasyon yo efikas ase pou mete yon bon anvirònman travay ki pou pèmet byen enstitisyon an pwoteje, e pou ka fè tranzaksyon yo ak rapò yo konfyans.
• Revize epi verifye ke valè aktif enstitisyon an korèk sitou pòtfey kredi a avèk pwovizyon pou move kredi e rezèv, daprè règleman kap sèvi kounya yo.
• Egzekite odit detaye sou teren, kap genyen pou tieke kontra kredi yo, tieke ti machann yo tieke klyan individyel yo, verifye balans kredi yo, verifye sa rapò bay sou klyan ki delenkan yo, ki donk tieke tout klyan avèk kalite komès yo, eske yap ka peye.
• Fè verifikasyon sipriz sou ti kès tanzantan, epi konfime balans kont prensipal yo ki nan bilan an, sitou kont bank yo.
• Toujou analize, evalye sistèm kontwol entèn Fonkoze, sa ki gen pou we ak tout tranzaksyon nan operasyon, nan finans, nan kontablite pandan aktivite odit yo.
• Bay direksyon an ak lot chef yo konsey, ki jan pou yo amelyore kontwol entèn nan, pou l ta vin n pi efikas.
• Ede depatman operasyon devlope kèk aksyon pou korije sa ki merite korije.
• Prepare rapò odit detaye ke ou fè, pou chef depatman Odit Entèn nan.
• Remèt yon kopi rapò final odit ke ou Mennen bay depatman operasyon yo ansanm ak direktè branch yo pou yo ka konnen pwoblèm ou jwenn yo e pran dispozisyon pou korije yo.
• Fè swivi sou rekòmandasyon ou fè yo, pou asire’w ke yo pote koreksyon ki nesesè.
• Patisipe nan etid ak pwojè jan yo mande ou.
• Travay ansanm ak ekip depatman Odit Entèn nan, direksyon jeneral la, tout depatman operasyon yo avèk direkte biwo yo, pou fè systèm kontwol la e systèm verifikasyon vini pi djanm nan Fonkoze avèk tout aktivite e operasyon odit yo.
Qualifications Requises
Kalifikasyon oditè a
Etid Lisans an syans kontab
Eksperyans, Fòk ou gen 2 lane pou pi piti depi wap travay nan verifikasyon sitou nan sektè mikrofinans.
Lang Fòk ou ka ekri rapò an Angle ak an Kreyòl
An plis Pòs sa a mande anpil deplasman nan tout peyi a. Fòk ou pare pou ale an pwovens. Fòk ou motive, konn travay an ekip, konn kominike byen, montre ke ou gen taktik pou abòde tout kategori moun, Fòk ou ka travay sou presyon
Conditions de travail
Tit pòs la Odit Entèn
Chèf ou se Responsab depatman Odit Entèn nan
Estati Wap travay jounen nòmal