Search
Postes à pourvoir

100


Introduction

Palmis Enèji gen pou objektif komèsyalizasyon an Ayiti de pwodwi nan domèn enèji ki aksesib a tout moun e ki gen bon kalite, ki dirab epi ekonomik pou tout fanmi. Se nan optik sa a ke Palmis Enèji kreye yon rezo revandè. Projè a ap fonksyone nan tout Pòtoprens lan.

Palmis Enèji ap vann lanp solèy, recho amelyore, recho gaz pwopàn. Vant yo te komanse deja nan zòn Croix des Bouquets epi nan zòn Bon Repos. Jedi a vant sa yo devlope nan tout Pòtoprens.

Fanmi aysyèn yo renmen pwodwi Palmis Enèji yo anpil e yo achte yo anpil tou. Gen vandè ki fè jiska 10 000 goud benefis chak mwa nan vann pwodwi Palmis Enèji yo.

ATANSYON : NOU PAP SIYEN OKEN KONTRA TRAVAY AVEK VANDÈ. ISI A, SE YON OPÒTINITE POU FÈ BIZNIS AVEK PALMIS ENÈJI


Fonctions

Vann lanp solèy ak recho amelyore nan boutik ou oubyen nan lari, elatriye


Qualifications Requises

Nenpòt moun ki renmen vann machandiz, moun ki pa pè inisyativ la e ki ka konvenk moun pou achte pwodwi yo.
Si w te gen tan gen yon biznis, pa ezite mete pwodwi Palmis Enèji ladann. Si w poko gen biznis, ki sa wap tann pou kapab gen yon ? Sa a se okazyon pou w monte biznis pa w la.
Machann ki gen biznis yo deja oubyen kap pwomennen, nou ka revann pwodwi sa yo san pwoblèm


Conditions particulières

Pou vin yon vandè endependan fòk ou :
- Achte pou pi piti 5 lanp solèy oubyen 3 recho amelyore
- Peye tout pwodwi yo pandan wap achte yo
- Adrès kote ou ka achte pwodwi yo se Pako (#1 ri la Montagne). Apre premyè acha ou ka ale swa nan Pako o swa nan Bon Repos (ri Nasyonal 1, touprè komisarya Bon Repos a).
Nap bay vandè a yon fòmasyon pandan 30 minit pou l ka byen konnen pwodwi yo e pou l ka bay kliyan yo bon sèvis . Nap bay vandè a zouti kominikasyon ak jesyon lavant lan.


Conditions de travail

Pri pwodwi yo fiks, men vandè a lib pou l byen jere aktivite l. Epi plis li pral motive, plis li pral vann e plis benefis yo ap grandi.
Bon opòtinite pou devlope yon biznis


Autres remarques

Palmis Enèji, un programme d’Entrepreneurs du Monde - ONG reconnue sous le matricule B-0541


Envoyez à vos amis par


back top