Search
Introduction

DEPATMAN SANTE FONKOZE/
DESKRIPSYON POS : ofisye pwojè
Baz : Biwo santral
Sipèvizè : Direktè pwogram sante-Depatman Devlopman Moun-Fonkoze


Fonctions

Objektif : Ede direktè pwogram santé a pou li planifye avèk evalye entèvansyon ki konsevwa pou pwojè ponktyèl ki entegre nan pwogram la. Ofisye pwojè ka gen youn oswa 2 pwojè anba responsabilite li, men sa li genyen pou li fè:
1. Defini plan daksyon pou pwojè li a
2. Asire ke entèvansyon ki prevwa yo ap reyalize
3. Reyalize tout travay ki se responsabilite li e ki defini nan dokiman pwojè-a
4. Koòdone avèk branch ki sonsène yo pou asire patisipasyon yo nan pwojè-a
5. Sipèvize aktivite yo sou plas
6. Ranmase chak mwa enfòmasyon an rapò avèk endikatè pwojè a
7. Pwodui chak mwa yon rapò sou tout aktivite ki anba responsabilite li
8. Ede depatman sante a nan elaborasyon dokiman pwojè, nan redaksyon rapò anyèl, nan kominikasyon ant biwo santral la avèk branch yo
9. Akonpli tout travay adisyonèl direktè depatman sante a ta mande li fè nan kad travay depatman sante a


Qualifications Requises

Pwofil ak konpetans
ETID : diplòm inivèsitè nan yon domèn syans sosyal/syans devlopman
KONPETANS :
• Lidèchip, espri ekip ak inisyativ
• Kapasite pou travay avèk tout kouch sosyal
• Entegrite ak respè pou moun
• Metrize zouti biwotik : word, excell, power point, access
• Kapasite pou li, ekri ak pale byen Kreyòl ak Franse. Li avantaje si li konn angle tou.
• Kapasite fizik avèk disponibilite pou travay nan zòn difisil ki mande mache a pye oswa fè anpil tan sou moto
• Kapasite pou travay de fason endepandan


Conditions de travail

Baz : Biwo santral
Sipèvizè : Direktè pwogram sante-Depatman Devlopman Moun-Fonkoze


Dossier de candidature doit avoir ...

CV ak dokiman yo


Envoyez à vos amis par


back top