Search
Postes à pourvoir

5


Introduction

Anvan seyis 12 Janvye, Ayiti te pi gwo Pwogram Peyi nan LACRO, ak yon bijè prèske $25 Miliyon chak lane ak yon staf nasyonal ki depase 300 moun. Apre seyis la, Pwogram Peyi a ogmante bijè anyèl li ak staf li, espesyalman nan Pòtoprens. Koulye a genyen 2 gwo biwo prensipal nan peyi a( Pòtoprens ak Okay) ak 5 ti biwo: Pòdepè, Gonayiv, Wanament, Jeremi ak Miragwàn..

An Me 2010, CRS koumanse redwi travay li tap fe nan kan yo pou koumanse travay nan kominote yo. Objektif CRRP se retabli 5,000 fanmi nan kominote lorijin yo. Pwogram sila gen yon eleman konstriksyon (demolisyon, konstriksyon abri tranzisyonèl. Reparasyon), WASH (infrastrikti, jesyon dechè solid, promosyon lijyèn), proteksyon as rekapitalizasyon mwayen ekonomik. Pwogram sa nan 5 kominote diferan nan zòn Metropolitèn Pòtoprens la, ak capasite ekspansyon. Yon pati entegral nan pwogram sa se patisipasyon kiminote yo nan pwogram nan ak zefò rekonstriksyon an, aka sire dialog and kominikasyon ant kominot/benefisyè ak pwogram yo.

Youn nan fòs CRRP jis pou koulye a se prezans ekip zòn yo nan kominote a. Kominote a konnen Ekip konstrikyon an, espesyalman, e li fe ekip la konfyans paske yo te te la chak jou depi komansman pwogram nan, yo devlope anpil konesans sou kominote a, e yo ka bay repons rapid a tout demann lot sektè yo fè sou travay ak kominote a pou ranmase enfòmasyon, òganize reyinyon. Kòm pwojè konstriksyon abri a ap fini, ak anpil staf kap kite pwogram nan selon kontra yo, gen yon gwo risk pou ekip CRRP a pèdi fòs ak konesans li devlope nan kominote a.

Pou konfwonte pwoblèm sa, nou genyen nouvo pozisyon OLK sa. Avek yon OLK nan chak ekip zòn yo, OLK a ap yon pozisyon kle nan asire kontinyite relasyon nou ak kominote a, ak tout kontinyite pwogram nan. OLK a ap pase pi fò tan li nan kominote a; lap gen pou li kolabore ak sipèvizè dirèk li ki se Depite Kowòdonatè Zòn nan ak lòt ekip lòt sektè yo

Li enpòtan pou konnen ke Legliz Katolik se Patenè preferansyèl CRS Haiti. CRS fe travay Levèk Peyi Etazini yo pou ede moun ki pòv ak moun ki vilnerab lòtbò dlo, ak ede tout moun sou baz bezwen; yo pa konsidere relijyon, ras ak nasyonalite kòm baz pou bay lèd. Avèk lidantite CRS, òganizasyon an anvi ranfose ak sipòte tout enstitisyon ak estrikti Katolik lokal nan enplemantasyon pwogram li. OLK a ap sèvi de pon ant enstitisyon Katolic yo ak Estrikti CRRP a.


Rezime Travay la:
Ofisye Lyezon nan Kominote pou chak zòn yo ap travay tètatèt ak Depite Kowodonate Zon yo pou nouri relasyon avek enstitisyon ak estrikti Katolik lokal yo, òganizasyon de baz (OCB) yo, ak kominote yo an jeneral; yap gen pou yo asire yon bon kominikasyon ant CRS ak oganizasyon katye yo ak benefisye yo. OLK yo ap kontinye pwogram CRRP a nan kominote a ak ranfòse dirabilite pwogram ak ranfòsman kapasite patenè potensyèl yo ak OCB yo pou fasilite transfè responsabilite nan men kominote a.


Fonctions

Reskonsabilite Pozisyon an:

Kontinye bon relasyon ant kominote a ak CRS, cheche ak mete opòtinite an plas pou dyalog ak kolaborasyon.
• Sèvi kòm pwen fokal nan kominote a pou nouri transparans relasyon nou ak kontinyite pwogram nan.
• Aprann tout detay sou tout moun ki gen enterè nan pwogram nan; devlope bon apròch ak metòd pou ogmante dyalog ak transparans ak moun sa yo.
• Sevi de referans ant ekip zòn yo ak enterese pwogram nan. Sipòte staff CRRP pou yo konprann estrikti Legliz Katolik pou yo ka angaje enstitisyon ak estrikti Katolik lokal yo nan CRRP e pou yo gen bon relasyon ak lot ajans Legliz Katolik ki nan kominote a.


Travay ak lòt sektè pou ranfose angajman kominote a, pou asire plis entegrasyon pwogram nan.
• Asire transparans ak dyalog ant CRS ak kominote a:
o Kowòdone ak fasilite reyinyon kominotè chak mwa ak lòt sektè ak patenè pou prezante yon mesaj inifye. Asire ke pwen daksyon yo byen pataje ak lot dirijan pwogram yo.
o Asire Misajou ak mentnans tablo afichaj nan kominote a.
o Travay ak patenè yo, idantifye lòt apròch pou bay kominote a enfomasyon presi, atan e nesesè apropo de CRS ak aktivite patenè yo, ak tande fidbak.
• Idantifye bezwen enfòmasyon yo.
• Sipòte pwogram Tande M nan – Mekanis Plent ak Repons CRRP a:
o Fasilite koleksyon plent yo atravè staf la.
o Cheche opotinite pou enfome kominote a (pale de dwa yo pou bay fidbak yo sou aktivite CRS yo.)
o Motive staf teren an ak bay nouvo staf rapo sou Tande M.
• Oganize aktivite patisipativ ak kominote a, ak patenè yo, ak fasilite diskisyon and planifikasyon ansanm.
o Idantifye opotinite pou sektè yo travay ak kominote yo ak reprezantan yo pou pran desizyon ansanm.
o OLK a ap genyen bon jan kapasite patisipasyon ak konesans, e lap ede lot staf nan domen sa
• Ede ak enplemantasyon operasyon baze sou konsyans kominote a ak mobilizasyon san konte lyezon ak otorite lokal yo, kominote yo, OCB yo, Enstitisyon Katolik yo ak manm kominote a.
• Sevi de koneksyon an ekip teren an ak Inite Redevabilite a. Travay ak Dirijan Teren Redevabilite a ak Manadje Fidbak la pou devlope aktivite ki focalize sou ogmante redevabilite nan kominote yo

Tann men ou bay kominote a ak ranfoòse kapasite kominote yo
• kominote yo nan chak zon CRRP yo. Ak diferan entere yo, fos yo kote yo ka amelyore. Si genyen JILAP nan zon nan, oswa lot gwoup Caritas nan kominote ye, fok yo enkli nan prosesis sila ak pwen sa yo:
• Travay ak OCB yo pou idantifye rol yo ta renmen jwe nan rekonstriksyon ak retablisman kominote a, ak idantifye lot bezwen sou ranfosman kapasite.
• Travay ak OCB yo, ak lot ekip CRS yo, pou ranfose kapasite OCB yo pou evalye pwogram y oak CRS ak Gouvenman Ayisyen ak lot fon Pwogram lot ONG.
• Ranfose OCB yo sou sije antrenman kou ekri pwojè ak kontabilite pou yo vin patenè fyab CRS ak lot ONG.
• Sevi kom koneksyon ant OCB ak CRS, idantifye opotinite pou ogmante kolaboryasyon sou pwogram koulye a ak pwogram nou planifye poy enplemante.
• yo pou yo delope kapasite pledwaye yo.


Qualifications Requises

Kapasite:
• Diplom nan Syans Sosyal, Travay Sosyal, oswa yon sije ki simile
• 2-4 lane eksperyans nan travay ONG
• Eksperyans travay nan kominote ak travay ak OCB. Konesans sou kominote CRS ye yo ap yon avantaj.
• Dezi pou travay ak Legliz Katolik Peyi a
• Eksperyans nan fasilitasyon- espesyalman nan itilizasyon diefran aproch ak teknik pou ankouraje patisipasyon ak dyalog nan kominote a
• Eksperyans ak Antrenman ak Ranfosman Kapasite
• Bon jan kapasite langay (Kreyol ak Franse)
• Kapasite pou travay sou Word, Excel, Outlook
• Sa ki dezirab: Lot eksperyans sou devlopman proje ou propozisyon.

Atitid:
• Lidechip ak endepandans
• Kapasite pou konpran moun
• Etik profesyonèl (konfidansyalite, respe diyite)
• Fasilite pou kreye ak kenben bon relasyon ak moun pou kreye ak fasilite bon dyalog.
• Proaktif le pou pran desizyon
• Kapasite pou travay sou presyon e pou jere plizye tach a la fwa.


Dossier de candidature doit avoir ...

Nou tap apresye resevwa dosye konplè kandida ki enterese pou pozisyon sa tankou CV, lèt motivasyon ak kopi diplòm yo) avèk kòd pozisyon an C-CLO-1111


Envoyez à vos amis par


back top