Search
Introduction

Manadjè Operasyonèl – Pwogram Repanse Pouvwa
Kote anplwaye a baze Jakmèl
Sipèvizè Koòdonatè/tris RP, Direktè Finans BB
Pòs Anplwaye a Sipèvize Ofisye Lojistik; Ofisyèz Finans-RP; Asistan Biwo-RP; Menajèz Biwo Jacmel


Entwodiksyon:

Beyond Borders, anrejistre an Ayiti sou non “Fondasyon Depase Fwontyè Yo” se yon ONG Ameriken ki kreye depi lane 1993. Beyond Borders ede moun ranfòse mouvman pou yo soti tèt yo nan opresyon ak izolman. An Ayiti ak Ozetazini, li rasanble resous li yo pou li fè chanjman ki jis e ki dirab. Beyond Borders soutni tout mouvman ki genyen kòm objektif pou konbat sistèm restavèk la (esklavaj Timoun), fasilite aksè ak edikasyon inivèsèl, lite kont vyolans k ap fèt sou fanm ak tifi e ranplase sistèm k ap peze pòv yo ak yon lòt sistèm ki soutni travay diy e ki dirab.

Depi 1993, aktivite Beyond Borders yo te konn reyalize nan tèt kole ak lòt òganizasyon ki se patnè lokal li. Men rive nan lane 2013, Beyon Borders te kanpe kontra li te genyen ak patnè lokal sa yo. Depi lè sa, Beyond Borders twouve li nan sitiyasyon pou li egzekite poukont li twa (3) pwogram li genyen yo ki se : Repanse pouvwa (SASA), Pwoteksyon Timoun e Inisyativ Kominote Modèl (IKM).


Fonctions

Objektif pòs la:

Manadjè Operasyonèl la genyen pou li rann Pwogram Repanse Pouvwa operasyonèl nan zafè finans, administrasyon, bidjè ak lojistik. Li dwe asire tout manm Ekip Pwogram nan suiv tout prensip ak règleman entèn, sistèm finansye, administratif, ak tout lòt prensip ki detaye nan akò Pwogram nan genyen avèk divès patnè finansye li yo.


Responsablite:


Finans:

1. Travay avèk Kòdonatris la plis lòt manm Ekip Pwogram nan pou devlope kad lojik, kalandriye aktivite ak bidjè lane fiskal.
2. Prepare bidjè lane fiskal Repanse Pouvwa nan kolaborasyon avèk responsab chak pwogram Depase Fwontyè yo, Koòdonatris Pwogram Repanse Pouvwa, Ofisyèz Finans Repanse Pouvwa ak rès Ekip Pwogram nan.
3. Asire swivi bidjè ki apwouve pou Pwogram nan e verifye gen bon jan adekwasyon ant depans ak pwosesis reyalizasyon aktivite yo pou evite depasman sou liy bijetè yo.
4. Sipèvize Ofisyèz Finans pou fè rapò finans regilye ki byen detaye selon fòma pwogram/òganizasyon an ak Bayè de fon yo.
5. Sipèvize Ofisyèz Finansye a, nan jesyon tach li, nan respè pwosedi Inyon Ewopeyen (IE). Asire Ofizyèz Finans la metrize pwosedi IE yo yon fason pou evite gen depans ki fèt an deyò pwosedi ki etabli pa IE.
6. Prodwi rapò finansyè final pou patnè yo nan kolaborasyon avèk Ofisyèz Finans Senyò Depase Frontyè Yo (Kontab Depase Frontyè Yo).
7. Angaje nan travay pou devlopman bon jan zouti ki respekte nòm ak prensip règleman entèn finans Pwogram nan.
8. Prepare eta finansye « eta rezilta, bilan ak eta revni yo » chak fen lane fiskal nan kad preparasyon odit anyèl.
9. Patisipe nan reòganizasyon, klasifikasyon chat kont yo ak nan tabli yon sistèm kontab ki respekte nòm ak prensip jesyon ak finans, plis règleman prensipal patnè Repanse Pouvwa yo.
10. Mete an plas yon sistèm swivi ak evalyasyon regilye sou finans Pwogram nan.
11. Apwouve rekizisyon depans, analiz d òf, peyman, elatriye sou nivo finans.
12. Asire tout kòb Òganizasyon an byen depanse nan evite pèt lajan ak byen Òganizasyon an. « Jesyon tikès, konsilyasyon ».
13. Pwodwi rapò sou revni ak depans chak mwa pou soumèt bay Direktè Finans BB.
14. Kominike avèk òganizasyon lokal ki gen patenarya finansye ak BB/DF/RP e ba yo sipò:
• Ede yo genyen yon systèm finans ki respekte estanda Bayè entènasyonal yo.
• Ede yo genyen zouti estandatize nan nivo lojistik.
• Fè fòmasyon pou sèten manm Ekip yo.
• Travay avèk estaf Finans/Lojistik yo nan finalizasyon rapò finans yo ak verifikasyon pyès jistikatif yo.
15. Travay nan Pwodiksyon rapò finansye pou Bayè de fon/Patnè finansye BB/ DF/RP yo nan kolaborasyon avèk Direktè Finans Beyond Borders.
16. Jere kominikasyon ant Pwogram nan ak tout Oditè; fè preparasyon pou odit epi asire Pwogram nan swiv konsèy ak rekòmandasyon Oditè yo.
Lojistik:

1. Angaje nan travay pou devlopman bon jan sistèm ak zouti ki respekte nòm ak prensip règleman entèn apwovizsyonman Pwogram nan.
2. Asire tout planifikasyon sou aspè lojistik an akò avèk Ofisye Lojistik la, asire ke kolaboratè pwogram nan ki pa sou plas ap reyalize, akeyi kolaboratè sa yo e asire yo jwenn tout sipò ki nesesè pandan peryòd travay oubyen vizit yo.
3. Asire nan fason efikas sipèvizyon Ofisye Lojistik la, pandan ke l ap asire l ke tout pwosedi sou pasasyon mache yo respekte, tout aktif Òganizasyon an byen envantorye e byen kode, e planifikasyon Pwogram yo byen fèt pou asire bon jan dewoulman aktivite Pwogram nan.
4. Asire rapò sou envantè Òganizasyon an fèt nan tan regilye e kodifikasyon yo fèt nan respè nòm ak prensip ki etabli nan Òganizasyon an.
5. Asire apwovizyonman ak acha materyèl biwo, founiti biwo ak pwodui netwayaj fèt regilyèman pou fonksyonman biwo DF/RP.
6. Egzekite demann apwovizyonman materyèl kominikasyon ak founiti Ekip Pwogram nan pou aktivite teren ak retou yo.
7. Jwe wòl pwen fokal kominikasyon pou Pwogram nan, ede koneksyon ant Pwogram nan ak founisè, Oditè elatriye.
8. Veye jesyon byen pwogram nan pou asire itilizasyon byen sa yo nan fason ki efikas.
Administrasyon/Resous Moun:

1. Asire sipèvizyon Asistan Biwo ak Menajèz la (asire espas Pwogram nan aksesib, pwòp chak jou).
2. Ede nan rekritman e pwopoze pou rekrite nouvo manm Ekip si gen bezwen an pou bon fonksyonman Pwogram nan.
3. Patisipe nan redaksyon ki genyen pou wè ak revizyon/ranfòsman Pwosedi admnistratif Depase Fwontyè Yo.
4. Veye sou respè règleman entèn administratif Òganizasyon ak Pwogram nan.
5. Ede fè lyezon ant Pwogram nan ak prensipal patnè Pwogram nan sou tout dosye ak devlopman règleman pou resous moun, tankou règleman ak pwosesis envestigasyon sou tizonnay seksyèl, eksplwatasyon seksyèl ak lòt.
6. Kolabore avèk Kòdonatris Pwogram nan plis prensipal patnè Repanse Pouvwa sou zafè resous moun.
7. Etabli epi asire bon jan klasifikasyon dokiman Pwogram nan (finans, lojistik, administrasyon) nan fason ki respekte règleman bayè ak règleman entèn Òganizasyon an.
9. Angaje nan bon jan kominikasyon avèk Ofisyèz Finans Senyò DF pou fasilite bon dewoulman travay Depatman finans.
10. Asire respè aplikasyon pwosedi Òganizasyon “Depase Fwontyè Yo.“
11. Jwe wòl pwen fokal pou Depatman Resous Imèn Depase Fwontyè Yo (jesyon kominikasyon, jesyon ak swivi kontra ak lòt dokiman administratif Ekip DF/RP), ede jere sistèm benefis manm Ekip la.
12. Patisipe nan rankont planifikasyon, evalyasyon ak Rankont Komite Ekite Jan Òganizasyon an.
13. Patisipe nan rankont Pwogram nan ak Òganizasyon an.


Qualifications Requises

? Lisans nan finans, ekonomi oswa kontablite;
? 3 ak 5 ane eksperyans nan kontablite ak/oswa analiz finansye
? Kapasite pou fè sentèz gwo kantite done finansye konplèks
? Kapasite pou travay ak kominike efektivman ak patnè ansyen yo
? Konesans règlemantasyon finansyè an Haiti
? Jesyon tan, pwoaktif
? Ekselan jijman biznis, analiz ak ladrès pou pran desizyon
? Konesans nan redaksyon ak analiz rapò finansye ak bidjè ki gen divès bayè
? Demontre konpetans solid nan Excel, Word (ak ekivelan nan Google Sheets, Google Docs) ak QuickBooks
? Kapasite nan ekri an kreyòl, Franse. Anglè se yon avantaj.
? Disipline, motive, onèt.
? Merite konfyans.
? Kapasite resevwa ak apresye kritik pou amelyore pèfòmans.
? Kapasite pou aji ak tout moun ak menm nivo respè, kèlkeswa estati sosyal moun yo.
? Kapasite pou travay an ekip ak devlope bon relasyon moun ak moun.
? Kapasite pou jere avèk diskresyon enfòmasyon ki sansib oswa konfidansyèl.


Conditions de travail

1. Ansanm ak Kòdonatris Pwogram nan asire tout aktivite evalyasyon Pwogram nan fèt.
2. Disponib pou deplasman nan kad travay DF ak fòmasyon pou ranfòsman kapasite manm Ekip la.
3. Sipòte Ekip Pwogram nan nan reyalizasyon aktivite evalyasyon k ap fèt selon kalandriye ki etabli.
4. Prezan nan kominote kote Pwogram nan travay lè gen bezwen e dòmi si sa nesesè.


Dossier de candidature doit avoir ...

Voye yon lèt an Kreyòl ki esplike motivasyon ou pou pòs la, CV, salè ou konn touche/salè ou kapab aksepte, 3 referans (bay nimewo telefòn ak adrès kourye elektwonik).


Autres remarques

Fondasyon Depase Fwontyè yo, se yon anplwayè ki ofri menm opòtinite a tout moun. Nou ankouraje moun ki ap viv avèk yon andikap, fanm ak manm gwoup ki majinalize depi lontan yo aplike.


Envoyez à vos amis par


back top