Deskripsyon Tach Manadjè Ranfòsman Mouvman ak Enfliyans
Kote anplwaye a baze Jakmèl
Sipèvizè Kowòdinatris Pwogram Repanse Pouvwa
Pòs Anplwaye a Sipèvize Konsiltan / Konsiltant (Fòmatè/ Fòmatèz Sipò Teknik)
Tip ak Dire kontra Dire limite Jiska 30 jen 2025, renouvlab
Entwodiksyon:
Beyond Borders, anrejistre an Ayiti sou non “Fondasyon Depase Fwontyè yo” se yon òganizasyon Ameriken ki kreye depi lane 1993. Beyond Borders ede moun ranfòse mouvman pou yo soti anba opresyon, pou yo pa rete izole. Nan peyi d Ayiti ak peyi Etazini, li rasanble resous li yo pou li fè chanjman ki jis e ki dirab. Beyond Borders soutni tout mouvman ki genyen kòm objektif pou konbat sistèm restavèk la (esklavaj Timoun), fasilite tout moun jwenn aksè ak edikasyon, lite kont vyolans k ap fèt sou fanm ak tifi, ranplase sistèm k ap peze pòv yo ak yon lòt sistèm ki pèmèt moun travay nan diyite ak nan fason dirab.
Depi 1993, aktivite Beyond Borders yo te konn reyalize nan tèt kole avèk lòt òganizasyon ki se patnè lokal li. Men rive nan lane 2013, Beyond Borders te kanpe kontra li te genyen avèk patnè lokal sa yo. Depi lè sa, Beyond Borders atravè Fondasyon Depase Fwontyè Yo twouve li nan sitiyasyon pou li egzekite poukont li twa (3) pwogram li genyen yo ki se : Repanse pouvwa (SASA ak Kore Tifi), Pwoteksyon Timoun e Inisyativ Kominote Modèl (IKM) ki travay nan zòn riral.
Fonctions
Objektif pòs la:
Manadjè Ranfòsman Mouvman ak Enfliyans genyen pou li kolabore ak lòt manm Depase Fwontyè yo e lòt òganizasyon ak aktè nan mouvman kont vyolans sou fanm ak tifi/ mouvman feminis/ mouvman fanm pou l ranfòse mouvman sila yo. Ranfòsman an ap genyen anpil kolaborasyon ak ekout aktif lòt aktè ak òganizasyon ki nan mouvman sila yo ak mouvman ki alye. Ranfòsman mouvman kapab, pami lòt aktivite, gen pou wè ak: 1. sipò ranfòsman òganizasyonèl, 2. sipò teknik ak metòd prevansyon vyolans sou fanm ak tifi, 3. koneksyon ak enfliyans ak aktè ki kapab bay bon jan finansman, ak 4. rezotaj ak lòt òganizasyon ki kapab pèmet yon ajennda komen ak aksyon kolektif fèt sou prevansyon vyolans sou fanm ak tifi. Moun nan ap bezwen tabli relasyon estratejik, kolabore avèk divès patnè (nan Leta ak Sosyete Sivil plis bayè), kore aktivite pledwaye, itilize laprès pou ranfòse mouvman prevansyon kont vyolans sou fanm ak tifi nan peyi dAyiti.
Responsablite:
Devlopman Kapasite, Relasyon ak Bon Konprann nan Mouvman
? Resanse fianmezi divès tip aktè ki nan mouvman prevansyon kont vyolans sou fanm ak tifi plis lòt mouvman alye yo (mouvman fanm/ feminis, mouvman dwa moun andikape, elatriye). Òganize lis yo, mete kowòdone aktè yo plis yon ti paragraf sou sa yo fè e, kontinye fè mizajou sou enfòmasyon yo.
? Patisipe nan espas dyalòg/echanj, kreye espas dyalòg/echanj ki kapab pèmèt bon jan konpreyansyon sou reyalite aktè ak òganizasyon nan mouvman alye yo.
? Patisipe nan devlopman metòd ak zouti ki pèmèt bon jan sikilasyon lide ak enfòmasyon pou ranfòsman mouvman sosyal.
? Travay pou devlope bon jan kapasite sou metodoloji pwogram nan ap enplemante; toujou kontinye aprann, fè ranfòsman kapasite pèsonèl nan domèn nan; travay pou asire gen kreyativite ak inovasyon.
Ranfòsman Kapasite Òganizasyonèl ak Sipò Teknik sou Prevansyon Kont Vyolans sou Fanm ak Tifi
? Devlope pou Pwogram nan nouvo patenarya pou ranfòsman aktè ak lidèchip kritik nan mouvman kont vyolans sou fanm ak tifi.
? Fè konnen nan mouvman an opòtinite Pwogram nan ofri pou aprantisaj, rezotaj ak sipò teknik.
? Kowòdone konsiltan, manm ekip, ak lòt moun nan fè analiz sou bezwen patnè; patisipe nan devlope ak egzekite plan ranfòsman patnè yo.
? Planifye ak kowòdone tout lojistik ak kontni pou divès entèvansyon sipò teknik, ni fòmasyon kout, ni sipò teknik lontèm sou metodoloji SASA! Ansanm, Kore Tifi, ak Yon Kominote Ini San Vyolans. Sa kapab genyen ladan li kou kout, vizit, echanj, ak lòt entèvansyon.
? Òganize, devlope kontni pou asire òganizasyon/aktè nan mouvman kont vyolans sou fanm ak tifi an Ayiti kontinye fè aprantisaj e yo enfòme sou inovasyon ki fèt nan mond la nan zafè prevansyon kont vyolans sou fanm ak tifi. Sa kapab gen pou wè avèk devlopman, adaptasyon ak tradiksyon materyèl kominikasyon ki enpòtan pou divès patnè ki ap resevwa sipò teknik.
? Fè kòdinasyon Vwayaj nan divès kote nan peyi a pou evalye posibilite patenarya avèk lòt òganizasyon.
? Etabli yon kalandriye travay avèk chak patnè ki ap resevwa sipò teknik lontèm pou ede manm ekip yo ranfòse kapasite yo.
? Kontak a distans (telefòn, WhatsApp, zoom, Skype ak lòt mwayen) avèk tout patnè ki ap resevwa sipò teknik selon plan ranfòsman kapasite chak òganizasyon.
? Kreye bon relasyon ak sistèm rann kont avèk patnè ki ap resevwa sipò teknik.
Rezotaj, Ranfòsman Ajennda Komen ak Aksyon Kolektif
? Asire koneksyon ak rezotaj ant komite pledwaye/aktivis nan kominote enplemantasyon ak aktè/ espas nan mouvman kont vyolans sou fanm ak tifi/ mouvman fanm/ mouvman feminis/ mouvman dwa moun andikape.
? Asire koneksyon ak rezotaj ant òganizasyon patnè ki pase nan kou kout/ òganizasyon nan mouvman an Ayiti ak aktè nan mouvman nasyonal ak entènasyonal
? Fè suivi avèk rezo pledwaye sidès la sou aktivite koneksyon li reyalize nan rejyon an ak patnè nan lòt depatman yo
? Asire nou pwofite espas kote aktè kreye ajennda komen ak kreye nouvo espas lè gen bezwen pou fè pwomosyon rezotaj, kreyasyon ajennda komen ak plan pou aksyon kolektif kont vyolans sou fanm ak tifi.
Enfliyans nan Domèn nan pou Asire Bon Jan Prevansyon Kapab Fèt
? Fè remak sou dokiman, entèveni avèk lòt aktè, patisipe nan konferans, ak pwofite lòt espas pou asire konpreyansyon sou kondisyon ki nesesè pou pèmèt bon jan prevansyon kont vyolans sou fanm ak tifi.
? Chèche mwayen pou enfliyanse bayè pou yo devlope relasyon san fòs kote avèk aktè nan mouvman kont vyolans sou fanm ak tifi an Ayiti ak ba yo bon jan finansman.
? Enfliyanse Leta Ayisyen lè sa posib pou li jwe wòl li nan asire bon jan prevansyon kont vyolans sou fanm ak tifi.
? Enfliyanse lidè nan divès sektè (sante, lidè kominotè, lidè relijye, elatriye) pou evalye ak amelyore politik ki gen pou wè avèk vyolans sou fanm ak tifi nan biwo oubyen nan rezo kote yo ye.
? Provoke deba piblik sou vyolans sou fanm ak tifi nan ekri atik pou jounal, lèt, nouvèl, livrè ak nan devlopman enfòmasyon pou divès gwoup.
Aprantisaj, Swivi ak Evalyasyon
? Ede devlope zouti pou evalye travay ranfòsman mouvman ak enfliyans e mezire enpak/ rezilta travay la.
? Bay patnè sipò teknik/ patnè nan mouvman sipò pou yo reyalize aktivite evalyasyon k ap fèt selon kalandriye pwojè sipò teknik Pwogram nan ede yo tabli.
? Dokimante aprantisaj sou travay ranfòsman mouvman ak enfliyans e lyen ant mobilizasyon kominotè ak ranfòsman mouvman.
Jesyon pwojè
? Prepare rapò regilyèman ki byen detaye, selon fòma Fondasyon an ak Bayè de fon yo.
? Patisipe nan chèche fon pou aktivite yo fèt, ni bò kote Bayè Lokal, ni bò kote Bayè Entènasyonal.
? Patisipe nan devlopman kad lojik, bidjè, kalandriye aktivite ak pwopozisyon pwojè pou ranfòsman mouvman ak enfliyans.
? Asire bon jan pwosedi nan kreyasyon, egzekisyon ak finalizasyon tout patenarya ak lòt aktè nan mouvman/ patnè sipò teknik.
? Fè bon jesyon depans ak swivi sou bidjè ki apwouve.
? Travay avèk kontab la pou jenere rapò finans ki gen arevwa avèk Ranfòsman Mouvman ak Enfliyans, dapre bidjè ki soumèt bay patnè finansye yo.
? Swiv tout prensip ak regleman entèn, sistèm finansye, administratif, ak tout lòt prensip ki detaye nan akò ki siyen avèk divès patnè finansye yo.
? Reprezante Pwogram nan nan evenman nasyonal kou entènasyonal, si gen bezwen.
Qualifications Requises
? Omwens 3 lane eksperyans ak konpetans nan travay nan domèn vyolans sou fanm ak tifi.
? Eksperyans travay nan domèn dwa fanm, sitou sa ki gen pou wè avèk vyolans sou fanm.
? Diplòm inivèsitè nan syans sosyal oubyen nan yon domèn apwopriye.
? Eksperyans fè fòmasyon ak ede moun devlope kapasite yo.
? Eksperyans ak metodoloji SASA! Ansanm, Kore Tifi ak/oubyen Yon Kominote Ini San Vyolans se yon avantaj.
? Eksperyans travay nan pledwaye.
? Eksperyans nan fè rezotaj.
? Patisipasyon aktif deja nan mouvman sosyal an Ayiti se yon diplis, sitou mouvman fanm.
? Kapasite adaptasyon nan anviwonman difisil, epi fleksib pou vwayaje anndan peyi a.
? Bon konpetans nan kominikasyon: ekri epi pale Kreyòl.
? Kapasite an Franse oswa Angle se yon avantaj .
? Konpetans travay sou òdinatè: kominike pa kourye elektwonik; bon konpetans nan lojisyèl Word ak Excel.
? Kapasite pou ekri rapò regilyèman sou pwogrè pwojè a ki klè e presi.
? Konpetans nan jere depans sou bidjè epi verifye pwogrè sou depans. Kapasite travay ak chif, fè kalkil.
? Disipline, motive, onèt.
? Merite konfyans.
? Kapasite resevwa ak apresye kritik pou amelyore pèfòmans.
? Kapasite pou jere plizyè aktivite ansanm.
? Kapasite pou respekte fason lòt moun aprann epi gen pasyans.
? Kapasite pou aji ak tout moun ak menm nivo respè, kèlkeswa estati sosyal moun yo.
? Kapasite pou fè analiz ak kritik sou devlopman pwogram nan ak pwogrè ki ap fèt.
? Konesans sou mobilizasyon kominotè ak mouvman jistis sosyal yo.
? Kapasite pou travay an ekip ak devlope bon relasyon moun ak moun.
? Kapasite pou jere avèk diskresyon enfòmasyon ki sansib oswa konfidansyèl.
? Angaje pou fè pwomosyon egalite ak divèsite.
Conditions de travail
? Travay omwen 40èd tan pa semèn; malgre pòs la se 8:30-?4:30 lendi pou vandredi, rete fleksib pou aktivite ki oblije fèt nan lè ak jou ki pa sa ki site yo, sitou nan vwayaj pou bay sipò teknik ak lè patnè ap vizite oswa fè echanj.
? Deskripsyon tach sa a pa konplè. Tout lòt reskonsabilite Fondasyon Depase Fwontyè yo jije nesesè pou Pwogram Repanse Pouvwa a avanse ap fèt ak konsantman anplwaye a.
Dossier de candidature doit avoir ...
Voye yon lèt an Kreyòl ki esplike motivasyon ou pou pòs la, CV, salè ou konn touche/salè ou kapab aksepte, 3 referans (bay nimewo telefòn ak adrès kourye elektwonik).
Autres remarques
Fondasyon Depase Fwontyè yo, se yon anplwayè ki ofri menm opòtinite a tout moun. Nou ankouraje moun ki ap viv avèk yon andikap, fanm ak manm gwoup ki majinalize depi lontan yo aplike.