Search
Introduction

Entwodiksyon
Fondasyon Depase Fwontyè yo etabli an Ayiti depi 2015 pa Beyond Borders, yon ONG Ameriken k ap travay an Ayiti depi lane 1993. Depase Fwontyè yo ede moun konstwi mouvman pou yo soti tèt yo nan opresyon ak izolman. Depase Fwontyè yo soutni tout mouvman ki genyen kòm objektif pou konbat sistèm restavèk la (esklavaj Timoun), fasilite tout moun jwenn aksè ak edikasyon inivèsèl, lite kont vyolans k ap fèt sou fanm ak tifi epi ranplase sistèm k ap peze pòv yo ak yon lòt sistèm ki soutni travay diy epi ki bay dirab. Aktivite Depase Fwontyè yo reyalize dirèkteman ak estaf li an epi tou nan tèt kole ak lòt òganizasyon ki se patnè lokal li yo. L ap egzekite De (2) pwogram li genyen yo ki se: Repanse Pouvwa (elimine vyolans kap fèt sou fanm ak tifi), Inisyativ Kominote Modèl (IKM). Li genyen biwo nan twa kote nan peyi a: sou Zile Lagonav, Jakmèl ak Petyonvil/Delmas. Ekip Depase Fwontyè yo travay tèt kole ansanm ak ekip Beyond Borders ki baze Ozetazini ak Kanada.

Objektif pòs la
Ofisye Akonpayman Sikososyal la ap genyen pou Akonpaye ak ranfòse kapasite otorite lokal yo, òganizasyon patnèyo, estriki kominotè yo, fanmi yo nan prizanchaj timoun ki nan pwosesis liberasyon, swen ak reyentegrasyon ak prizanchaj granmoun ki te viktim eksplwatasyon nan travay domestik/latrèt moun.


Fonctions

1- Konsevwa, kòdone ak egzekite estrateji Fondasyon an nan akonpayman sikososyal pou timoun viktim yo ak sivivian pratik restavèk yo nan pwogram IKM.
2- Konsevwa epi egzekite metòd ak zouti ranfòsman kapasite pou estrikti kominotè yo, fanmi yo, otorite lokal yo nan pwosesis liberasyon, swen ak reyentegrasyon timoun ki viktim pratik eksplwatasyon yo.
3- Fè rechèch epi adapte, nan ka sa nesesè, metòd, teknik ak zouti pou akonpanye timoun ak granmoun ki twomatize aprè yo fin viktim vyolans ak eksplwasyon.
4- Sevi kòm pwen fokal ant Fondasyon an ak lòt enstans (Leta kou Prive) k ap entèvni nan apwi sikososyal pou viktim eksplwatasyon yo epi jere aktivite fanmi dakèy Pwogram nan ap egzekite.
5- Evalye epi revize tout dokiman fòmasyon IKM yo ap itilize ki gen rapò ak sikoloji.
6- Patisipe nan konsepsyon pwogram ak pwojè Fondasyon an.
7- Fè konsepsyon epi aplike zouti suivi ak evalyasyon aktivite ak pwojè yo.
8- Fè fòmasyon pou aktè yo sou aspè sikokolojik nan pwosesis liberasyon, swen ak reyentegrasyon viktim eksplwatasyon.
9- Akonpanye timoun ki viktim vyolans, timoun viktim latrèt moun ki nan pwosesis liberasyon oubyen ki retounen nan fanmi yo.
10- Kòdone pwosesis idantifikasyon, analiz sitiyasyon nivo risk timoun yo, plan prizachaj timoun yo nan tèk kole ak lòt estaf yo, estrikti kominotè yo, otorite lokal yo, IBESR elatriye
11- Jere baz done ki gen timoun ki idantifye, ki nan pwosesis liberasyon, ki libere, ki swa nan fanmi dakèy, ki swa reyentegre nan fanmi yo.
12- Respèkte tout prensip administratif, finansyè ak jesyon Fondasyon an genyen.
13- Prepare rapò ki byen detaye regilyèman sèlon kondisyon Fondasyon ak bayè defon yo mande.
14- Travay kòm manb ekip avèk tout estaf nan Fondasyon an.
15- Reprezante Fondasyon an nan divès milye.


Qualifications Requises

1. Lisansye nan domèn Sikoloji, Travay sosyal, oubyen yon lòt domèn ki sanble ak yo.
2. Omwens 3 lane eksperyans nan akonpayman sikolojik, nan sipòte moun ki viktim twoma.
3. Metriz metòd terapi gwoup ak endividyèl.
4. Genyen kapasite nan itilize lojisyèl biwo yo (Word, Excel, Power Point).
5. Genyen kapasite pou ekri rapò ki gen bon kalite.
6. Genyen konesans sou dwa moun ak dwa timoun an patikilye.
7. Gen kapasite pou travay nan milye riral, epi nan zòn ki difisil.
8. Konn kondwi Motosiklèt se yon gwo atou.
9. Genyen kapasite pou kominike nan lang kreyol, franse, angle se yon atou
Konpetans
1. Bon relasyon entèpèsonèl
2. Fleksibilite, onètete ak sansiblite kiltirèl
3. Sans inisyativ ak kapasite pou travay avèk sipèvizyon minim
4. Kapasite pou travay nan ekip ak sou presyon
5. Ekselan konpetans kominikasyon oral ak ekri
6. Kapasite pou etabli epi kenbe patenarya ak bon relasyon travay
7. Kapasite pou jere ak kowòdone plizyè travay ansanm
8. Depi li genyen konesans ak kapasite ki jije obligatwa, preferans ap bay pou kandida ki deja ap viv sou Zile Lagonav


Dossier de candidature doit avoir ...

1) Yon lèt motivasyon ki montre entère pou pòs la epi kapasite ak eksperyans ki reponn ak egzijans pòs la ;
2) Yon CV ak 3 bon referans ;
3) Tout lòt prèv sou fòmasyon ak Eksperyans.


Autres remarques

Fondasyon Depase Fwontyè yo, se yon anplwayè ki ofri menm opòtinite a tout moun. Nou ankouraje moun ki ap viv ak yon andikap, fanm ak manm gwoup ki depi lontan ki majinalize yo aplike. Nan ka konpetans egal ant yon fanm ak yon gason, fanm nan ap genyen priyorite.


Envoyez à vos amis par


back top