Management/Gestion, Finance, Comptabilité et Commerce
Spécialité
Gestion de Projets
Date publication
3 Sept 2024
Date limite
18 Sept 2024
Pays
Haiti
Ville
Jeremie
Zone
Jeremie
Durée
Indéterminée
Introduction
Fondasyon Kole Zepol “FONKOZE” se yon enstitisyon Ayisyen ki a bi non likratif, ki kreye nan lane 1994 pa Pè Joseph Philippe ak yon gwoup òganizasyon de baz e ki gen rekonesans itilite piblik depi 2005. Fonkoze se yon fanmi òganizasyon k ap travay nan kole zepòl pou ofri sèvis finansye ak sèvis ki pa finansye pou tout Ayisyen – sitou fanm yo - jwenn mwayen pou yo retire fanmi yo nan lamizè.
Fonctions
Kowòdonatè pwojè ProPiped la responsab pou asire pwojè ProPiPed reyalize objektif li kise amelyore enklizyon ekonomik pwodiktif moun andikape vilnerab nan rejyon Grandans lan. Li gen pou li kolabore ak UGP-MAST sou sipèvizyon BSEIPH pou garanti bon jan devlòpman tout aktivite/entèvansyon ki prevwa yo nan domèn fòmasyon, transfè cash chak mwa, sibvansyon ekonomik, akonpayman endividyèl (coaching) pèsonèl pou chak patisipan nan pwojè a.
Aktivite prensipal
Asiste Direktè pwogran CLM lan nan rejyon an;
Sou demann direktè pwogram CLM nan, patisipe nan diskisyon sou refleksyon estratejik epi nan definisyon ak amelyorasyon nan pwosedi pou pwogram yo.
•Akonpaye reprezantan pati prenant yo (UGP-MAST, BSEIPH, Banque Mondiale, Òganizasyon moun andikape yo) lè gen vizit teren nan rejyon an sou enstriksyon direktè pwogram CLM nan.
•Patisipe nan defini akò patenarya epi jere patenarya sayo nan rejyon an.
•Reprezante Direktè Pwogram nan nan reyinyon ak devan aktè nan rejyon an le li mande sa.
•Asire pwotokòl sipèvizyon an respekte pou tout estaf yo nan rejyon an.
•Pataje ak Direktè pwogram CLM lan tout enfòmasyon pètinant ki ka enfliyanse bòn mach pwojè a yon fason oubyen yon lòt;
•Ede jwenn solisyon ki jis epi vyab pou tout pwoblèm ki ka yon nwizans pou bon fonksyònman pwojè a;
Kowodinasyon ak sipevizyon aktivite Pwojè a;
•Asire gen bon jan kòdinasyon ant diferan patnè yo kap fasilite ranfòsman kapasite ak sansibilizasyon pou amelyore kondisyon lavi patisipan nan pwojè a;
•Aprann konprann, aprann konnen tout aspè pwojè a gen ladan l;
•Patisipe nan elaborasyon epi nan mete an aplikasyon yon Plan Detaye Entèvasyon pou pwojè a;
•Elabore epi soumèt atan tout rapò (mansyèl, trimèstryel, anyèl, sikonstansyèl) ki gen pou bay sou pwojè a;
•Pran lidèship devlòpman epi mete an aplikasyon estrateji ki defini pou mobilizasyon, entegrasyon ak patisipasyon moun andikape nan pwojè a;
•Asire bon jan itilizasyon lis SIMAST ak Rejis BSEIPH la pou idantifye, fè seleksyon patisipan yo ak fanmi yo;
•Kòdone travay seleksyon final patisipan plis anrejistreman yo apre ekip seleksyon fin fè premye seleksyon an;
•Asire tout planifikasyon fèt pou patisipan yo jwenn regilyèman transfè kach yo swivan modalite ki etabli a;
•Asire tout moun jwenn fòmasyon ki ap pèmèt yo ranfòse kapasite entreprenaryal yo epi ranfòse lyen ak solidarite kap fasilite enklizyon finansyè;
•Swiv travay Espesyalis operasyon ak sipèvizè yo, jan yo fòme, coacher, sipèvize ekip yo, jan yo swiv evolisyon aktivite yo, ak tandans evolisyon global manm yo nan zòn yo;
•Asire senkwonizasyon ant diferan plan aktivite chak sipèvizè, yon fason pou asire swivi sou aktivite yo pou evite reta nan ekzekisyon pwogram nan;
•Asire kowòdinasyon ak senkwonizasyon ant travay diferan Sektè espasyalis yo;
•Asire travay administratè (èz) fasilite dokiman jistifikatif pou finans yo korèk, epi fasilite jesyon resous nesesè pou fonksyonman kotidyen rejyon an;
•Fè swivi sou fason espesyalis operasyon an, sipèvizè rès ekip teren an, pou asire patisipan yo ap byen jere antrepriz yo te met kanpe ki pou ede yo chanje lavi yo, (tankou: pa maltrete bèt yo, pa gaspiye lajan kòmes yo epi fè epay tanzantan);
•Fè swivi ak espesyalis operasyon an sou fason Sipèvizè yo asire Ofisye Teren yo prepare tout rapò yo dwe pwepare tankou rapò sou evolisyon antrepriz yo, evolisyon sosyal elatriye;
•Fè swivi sou fason espesyalis operasyon an asire l sipèvizè fè respekte orè yo te planifye pou vizit ak chak patisipan yo plis orè reyinyon yo ak vizit endividyèl yo;
•Asire plan evalyasyon entèn pwojè a sou bon wout, pwosedi yo respekte ak kalite done yo fyab. Epi sipèvizè yo fè bon itilizasyon zouti kòlèk done yo (Impact Atlas) et garanti Ofisye Teren konprann epi ajou nan kolekte done sou Impact Atlas.
Jesyon Finansyè
•Swiv bidjè pwojè a epi kontwole nivo depans yo. Bay fidbak sou rapò finansye chak mwa; kontwole tout depans ki alwe pou bòn mach pwojè selon liy bidjetè yo; swiv nivo depans epi avèti sipèvizè lè gen depasman osinon lè nivo depans two ba.
•Asire jesyon resous ki alwe pou konpozant akonpayman byen jere, epi asire chak espeyaslis operasyon an genyen bon konesans sou liy bidjetè yo, epi rapò finansye yo pou fasilite bon jan planifikasyon depans yo sou teren;
•Fè previzyon bidjè pou pwojè a selon peryòd direksyon an mande sa a;
•Fè revizyon bidjè chak fwa direksyon an ta mande sa.
Jesyson Materyèl
•Jere yon fason responsab epi rasyonèl tout materyèl ak ekipman ki mete disponib pou pèsonèl la nan kad travay yo (moto, òdinatè, elatrye);
•Prepare, soumèt nan pi bon moman epi fè swivi sou rekizisyon tout materyèl ki nesesè pou reyalizasyon aktivite yo;
•Asire materyèl sa yo disponib epi yo an bon eta pou fonksyone;
•Asire tout amplwaye pwojè a fè yon bon itilizasyon ekipman yo (moto, enprimant, odinate, …) pou yo byen kenbe;
Jesyon Resous Moun
•Bay tout sipò a estaf pwojè a nan preparasyon ak mete an aplikasyon pwogram travay yo;
•Asire kòdinasyon ak sipèvizyon travay estaf pwojè a;
•Rankontre estaf pwojè a regilyèman, sipèvizè yo epi ba yo sipò yo bezwen pou yo atenn objektif yo;
•Asire tout moun nan pwogram nan konn pwosedi Fondasyon an epi respekte yo;
•Asire moun l ap sipèvize yo pataje valè oganizasyon an nan respekte moun, fè djòb la ak seryezite epi fè yo konnen yo responsab pou ede moun yo soti nan sitiyasyon lamizè yo ye a;
Bay moun l ap sipèvize yon apwi lè yo bezwen negosye ak lòt enstitisyon pou patisipan yo jwenn sevis.
Qualifications Requises
Fòmasyon ak eksperyans :
Genyen yon diplòm inivèsite ki ekivalan ak yon nivo metriz (Bacc + 5) nan ekonomi, jesyon, syans politik, oubyen nan yon lòt domèn ki apwopriye;
Gen pou pi piti 8 a 10 ane nan kowòdone pwojè, espesyalman pwojè devlopman ki komplèks ak/oubyen pwojè ki gen yon apwòch patisipatif;
Disponib pou travay nan zòn kote pwojè a ap fèt, espesyalman nan zòn riral yo;
Gen eksperyans travay ak donatè yo ak lòt moun ki enplike nan pwojè a;
Gen inisyativ pou rezoud pwoblèm;
Byen metrize lan Franse ak Kreyòl. Kapasite pou pale ak ekri anglè, sa se yon avantaj;
Kapab sèvi avèk òdinatè, sitou pou fè travay sou Word ak Excel.
Konesans sou milye riral ayisyen;
Konesans sou sitiyasyon ekonomik ak sosyal moun pov yo sitou moun andikape ki nan bezwen;
Metriz nan pwosesis fomasyon granmoun, travay sosyal;
Metriz nan lojisyèl Word ak Excel.
Conditions particulières
Aptitid ak Kapasite :
Bon kominikasyon ekri ak pale an Franse, kreyòl. Konesans pale ak ekri Anglè se yon plis;
Kapasite lideship, motive ak anime yon ekip;
Kapasite fonksyone yon fason ki otonòm;
Sans inisyativ;
Kapasite pou rezoud pwoblèm ak anpil kreyativite
Byen dispoze pou al travay nan milye riral nan kondisyon ki pa toujou fasil.