Tit pos Asistan Lojistik
Nan ki Pwogram: Pwogram Inisyatif Kominote Modèl (IKM)
Kote anplwaye a baze: Nan Jozen, Zile Lagonav
Dire Kontra: 9 mwa renouvlab
Ko-Sipèvizè: Ofisye Lojistik DF ansanm ak Ko-Koòdonatris Pwogram IKM
Pòs Anplwaye a Sipèvize: Gadyen / Mesaje /Menajèz
Entwodiksyon: Fondasyon Depase Fwontyè yo etabli an Ayiti depi 2015 pa Beyond Borders, yon ONG Ameriken k ap travay an Ayiti depi lane 1993. Depase Fwontyè yo ede moun konstwi mouvman pou yo soti tèt yo nan opresyon ak izolman. Depase Fwontyè yo soutni tout mouvman ki genyen kòm objektif pou konbat sistèm restavèk la (esklavaj Timoun), fasilite tout moun jwenn aksè ak edikasyon inivèsèl, lite kont vyolans k ap fèt sou fanm ak tifi epi ranplase sistèm k ap peze pòv yo ak yon lòt sistèm ki soutni travay diy epi ki bay dirab. Aktivite Depase Fwontyè yo reyalize dirèkteman ak estaf li an epi tou nan tèt kole ak lòt òganizasyon ki se patnè lokal li yo. L ap egzekite De (2) pwogram li genyen yo ki se: Repanse Pouvwa (elimine vyolans kap fèt sou fanm ak tifi), Inisyativ Kominote Modèl (IKM). Li genyen biwo nan twa kote nan peyi a: sou Zile Lagonav, Jakmèl ak Petyonvil/Delmas. Ekip Depase Fwontyè yo travay tèt kole ansanm ak ekip Beyond Borders ki baze Ozetazini ak Kanada.
Objektif pòs la: Sou ko-sipèvizyon Ofisye Lojistik ansanm ak Ko-Koòdonatris Pwogram IKM lan, Asistan Lojistik lan ap genyen reskonsablite tout swivi lojistik sou Lagonav. Asistan Lojistik la pral aktivman planifye, òganize, koòdone epi evalye aspè lojistik (konpri apwovizyonman) nan pwogram sou zile a. Li pral travay tèt kole ansanm ak reskonsab pwogram ansanm ak lòt depatman pou asire bonjan jesyon selon politik ak pwosedi Fondasyon Depase Fwontyè yo an akò ak egzijans bayè difon.
Fonctions
• Evalye an kolaborasyon avèk ekip pwogram sou bezwen lojistik yo
• Patisipe aktivman chak semèn nan rankont Pwogram IKM epi bay yon mizajou sou dosye lojistik ki ankou
• Sipòte konpreyansyon ak aplikasyon pwosedi ak règleman entèn Depase Fwontyè yo sou tout aspè lojistik pou asire konfòmite
• Asire preparasyon rapò sou plizyè aspè jesyon lojistik nan baz Lagonav la
• Patisipe nan swivi aksyon kontwòl entèn epi asire preparasyon pou odit, swa òganizasyonèl oswa bayè yo
• Patisipe nan analiz sekirite pwogram nan
• Sipòte ekip lojistik nan lòt pwogram nan kad ijans
• Sipòte ak devlopman kapasite ak konpreyansyon lòt kolèg sou zouti, sistèm pwosedi lojistik Depase Fwontyè yo
• Sipòte nan distribisyon kach sou teren
Jesyon Estòk ak Aktif (ekipman)
• Sipòte estaf pwogram IKM pou yo genyen aktif/ekipman yo bezwen pou fè travay yo
• Asire bon jesyon aktif/ekipman pwogram la (tout ekipman anrejistre nan fèy kontwol aktif yo (rejis) ak tout enfòmasyon kle, fè mizajou ak envantè ki fèt 2 fwa pa lane dapre règleman entènn Depase Fwontyè yo elatriye)
• Asire bon jan reparasyon ak antretyen sou tout aktif Pwogram yo (konpri delko, inverter elatriye)
• Asire jesyon estòk pwogram nan (òganize epi entwodi pwodwi nan stock la; kenbe fich estok, prepare dokiman pou rantre yo ak sòti nan atik, òganize achiv la nan dokiman estok, prepare fèy envantè, fè envantè elatriye)
• Soumèt rapò antre a sòti chak mwa bay Ofisye Lojistik ansanm ak Koòdonatris Pwogram IKM-Lagonav la
• Asire yon envantè regilye nan estòk li yo epi kenbe yon rejis detaye jan pwosedi Depase Fwontyè yo mande sa (2 fwa pa lane)
• Fin bati epi enplemante sistèm estokaj ak jesyon gaz nan biwo a
Apwovizyonman
• Travay an koòdinasyon pwogram ak depatman finans yo pou asire bon jan apwovizyonman (byen ak sèvis) nan kad tout aktivite yo, swivan règleman entènn Depase Fwontyè yo ak bayè yo (prepare yon Plan Apwovizyonman ak ekip Pwogram IKM Lagonav epi asire mizajou
• Trete epi egzekite rekizisyon ki fèt nan kad diferan aktivite yon (an kolaborasyon ak lòt aktè yo)
• Swiv pwosesis acha yo jiskaske yo fè kòmann, ki gen ladan pwovizyon, peman ak tout etap entèmedyè jiskaske yo achive dosye yo.
• Jwe wòl reseptè a resevwa, kontwole, anrejistre, estoke aktif ak ekipman ki sòti nan men founisè yo. Asire resèpsyon, tcheke si yo ak lòd inisyal la, klase ak kontwole bon jan kalite sa ki define nan bon kòmans.
• Prepare kontra sèvis oswa acha
• Monte dosye konplè pou fè demann pèman pote bay depatman finans
Antretyen biwo ak IT
• Siveye antretyen, reparasyon ak enstalasyon ki merite fèt nan biwo Pwogram IKM nan ansanm ak pwòpte ak sekirite (si nesesè pou enstalasyon sa yo) epi asire ke antretyen yo fèt alè
• Asire swivi sou kontra lwaye a chak ane
• Asire sekirite espas/lakou biwo a fizikman, ansanm ak depo ak estòk gaz, delko, panel solè ak lòt bagay
• Fè swivi ak ekip Potoprens pou asire sèvis kominikasyon (entènèt, tèlefòn) mache byen pou pwogram nan
Transpò
• Travay ak Ekip Pwogram IKM nan, ansanm ak direksyon Lojistik pou etabli yon Politik Transpò espesifikman pou Pwogram nan, nan Lagonav
• Prepare nouvo zouti ki merite pou jere pi byen transpò, itilizasyon moto, depans transpò, estok gaz elatriye
• Bati yon kalandriye antretyen ak reparasyon moto epi jere kontra ak bos mekanisyen an
Lòt Tach
• Sipòte ak aspè lojistik nan kad vizit ekip oswa gwoup entènasyonal ki desann Lagonav pou vizite pwogram nan
Deskripsyon tach sa pa konplè. Tout lòt responsabilite Fondasyon Depase Fwontyè yo jije nesesè pou Pwogram Inisyatif Kominote Modèl (IKM) Lagonav nan avanse ap fèt ak konsantman anplwaye a.
Qualifications Requises
Konesans
• Fòmasyon nan lojistik / chèn apwovizyonman
• Konesans de baz nan jesyon stock ak envantè
• Nivo Inivèsite nan Administrasyon, yon plis
• De (2) ane eksperyans nan yon pozisyon menm jan an
• De (2) ane eksperyans minimòm nan sipèvize anplwaye
• Trè bon konesans nan lojisyèl sa yo: Excel, Word, Google Drive
• Bon kapasite nan ekri Kreyòl
• Konesans angle, yon avantaj
Konpetans
• Bon relasyon entèpèsonèl
• Fleksibilite, onètete ak sansiblite kiltirèl
• Sans inisyativ ak kapasite pou travay avèk sipèvizyon minim
• Kapasite pou travay nan ekip ak sou presyon
• Ekselan konpetans kominikasyon oral ak ekri
• Rezilta ak sans kalite
• Kapasite pou etabli epi kenbe patenarya ak bon relasyon travay
• Kapasite pou jere ak koòdone plizyè travay ansanm
Depi li genyen konesans ak kapasite ki jije obligatwa, preferans ap bay pou kandida ki deja ap viv sou Lagonav.
Dossier de candidature doit avoir ...
1) yon lèt motivasyon ki montre entère w pou pòs la e kapasite ak eksperyans ou genyen ki bon pou pòs la ;
2) yon CV ak 3 bon referans ;
3) tout lòt prèv sou fòmasyon ak travay
Autres remarques
Fondasyon Depase Fwontyè yo, se yon anplwayè ki ofri menm opòtinite a tout moun. Nou ankouraje moun ki ap viv ak yon andikap, fanm ak manm gwoup ki depi lontan ki majinalize yo aplike.