Kote anplwaye a baze Jakmèl
Sipèvizè Ko-Direktè/ Ko-Direktris Pwogram Repanse Pouvwa
Pòs Anplwaye a Sipèvize Tout manm Ekip Repanse Pouvwa a
Tip ak Dire kontra Dire limite Jiska 30 jen 2025, renouvlab
Entwodiksyon:
Beyond Borders, anrejistre an Ayiti sou non “Fondasyon Depase Fwontyè yo” se yon òganizasyon Ameriken ki kreye depi lane 1993. Beyond Borders ede moun ranfòse mouvman pou yo soti anba opresyon, pou yo pa rete izole. Nan peyi d Ayiti ak peyi Etazini, li rasanble resous li yo pou li fè chanjman ki jis e ki dirab. Beyond Borders soutni tout mouvman ki genyen kòm objektif pou konbat sistèm restavèk la (esklavaj Timoun), fasilite tout moun jwenn aksè ak edikasyon, lite kont vyolans k ap fèt sou fanm ak tifi, ranplase sistèm k ap peze pòv yo ak yon lòt sistèm ki pèmèt moun travay nan diyite ak nan fason dirab.
Depi 1993, aktivite Beyond Borders yo te konn reyalize nan tèt kole avèk lòt òganizasyon ki se patnè lokal li. Men rive nan lane 2013, Beyond Borders te kanpe kontra li te genyen avèk patnè lokal sa yo. Depi lè sa a, Beyond Borders ap i egzekite pou kont li de (2) pwogram li genyen yo ki se : Repanse Pouvwa, Inisyativ Kominote Modèl (IKM) ki genyen yon branch nan zòn vil ak yon branch nan zòn riral.
Objektif pòs la:
Kòdone, sipèvize ak asire jesyon Pwogram Repanse Pouvwa nan divès nivo: Pwogramatik, Evalyasyon, Finansye ak lòt an fonksyon objektif pwogram nan ki se fè prevansyon kont vyolans sou fanm ak tifi selon 2 metodoloji li yo (SASA! Ansanm ak Kore Tifi+) plis Yon Kominote Ini San Vyolans ak misyon/vizyon òganizasyon an. Tabli relasyon estratejik, kolabore avèk divès patnè (nan Leta ak Sosyete sivil), kore aktivite pledwaye, itilize laprès pou ranfòse mouvman prevansyon kont vyolans sou fanm ak tifi nan peyi d Ayiti.
Fonctions
Jesyon Pwogram
? Travay ansanm avèk Ekip Pwogram Repanse Pouvwa plis divès manm Ekip Beyond Borders/Depase Fwontyè yo pou devlope kad lojik, bidjè, kalandriye aktivite, materyèl kominikasyon, pwopozisyon pwojè ak lòt zouti travay pou Ekip Repanse Pouvwa.
? Prepare rapò regilyèman ki byen detaye, selon fòma fondasyon an ak bayè de fon yo.
? Asire bon jesyon tout pwojè Repanse Pouvwa ap enplemante/sipèvize ansanm avèk Kowòdinasyon Repanse Pouvwa plis reskonsab Beyond Borders/Depase Fwontyè yo. Pami yo youn nan priyorite pou premye lane sa a se bon finalizasyon ak kloti yon pwojè ak Komisyon Ewopeyèn.
? Patisipe nan chèche fon pou aktivite yo fèt bò kote bayè lokal ak entènasyonal.
? Travay ansanm avèk Espesyalis Pwogram Vyolans sou Fanm ak Tifi nan devlopman, adaptasyon ak tradiksyon materyèl kominikasyon plis zouti pou suivi/aprantisaj ak evalyasyon.
Jesyon Ekip ak Ranfòsman Kapasite Entèn
? Ankadre, sipòte manm Ekip la nan tout etap travay yo ap fè e fè sipèvizyon.
? Òganize espas e kreye opòtinite pou ranfòse kapasite manm Ekip la (chèche kolaborasyon pou sa fèt).
? Chèche epi ofri manm ekip la opòtinite pou ranfòse kapasite yo.
? Sèvi kòm modèl pou bon jesyon, respè pou tout moun, kolaborasyon ak bon relasyon ant moun ak moun.
Jesyon Finans
? Resevwa epi, an kolaborasyon ak Manadjè Operasyonèl la, analize rapò finans regilyèman pou asire dekesman/depans koresponn ak kalandriye bòn mach reyalizasyon aktivite yo.
? Apwouve rekizisyon depans, demann chèk ak pèman; epi siyen chèk yo.
? An kolaborasyon avèk Manadjè Operasyonèl la, fè suivi ak analiz sou bidjè nan nivo pwogramatik e pou bayè yo.
? Asire kòdinasyon, jesyon, egzekisyon ak depans pou aktivite yo ansanm avèk manm estaf pwogram nan apati règleman finans entèn ak pwosedi administratif òganizasyon an.
Suivi ak Evalyasyon
? Sipòte ekip pwogram nan nan reyalize aktivite evalyasyon yo e asire yo fèt byen selon kalandriye a.
? Analize, epi entegre nan rapò pwogram nan rezilta travay yo selon endikatè ki defini yo.
? Travay pou adapte oubyen kreye nouvo zouti evalyasyon pou asire bon jan evalyasyon sou pwogram nan.
Medya, Pledwaye ak Kòdinasyon avèk Lòt Òganizasyon
? Travay avèk lòt manm ekip la pou reprezante Pwogram nan nan evenman nasyonal kou entènasyonal.
? Devlope bon relasyon estratejik avèk pwofesyonèl, lidè nan divès sektè, òganizasyon, enstitisyon.
? Travay avèk manm estaf Pwogram nan pou ofri lòt Aktè sipò teknik selon estrateji Pwogram nan.
? Enfliyanse lidè nan divès sektè (sante, lidè kominotè, lidè relijye, elatriye) pou evalye epi chanje politik ki gen pou wè avèk vyolans sou fanm ak tifi nan biwo oubyen nan rezo kote yo ye.
? Provoke deba piblik sou vyolans sou fanm ak tifi nan ekri atik pou jounal, lèt, nouvèl, livrè epi nan devlopman enfòmasyon pou tout gwoup moun ki konsène yo.
? Travay avèk jounalis pou yo amelyore jan yo prezente fanm nan medya.
? Devlope lidèchip nan pledwaye pou dwa fanm ak zafè vyolans sou fanm onivo nasyonal
Kolaborasyon nan Re-estriktirasyon
Kowòdinatè (tris) pwogram nan ap pran lidèchip ansanm ak lidèchip Fondasyon Depase Fwontyè yo ak Beyond Borders pou kolabore nan kreye ak egzekite yon estrateji pou chanjman estrikti ki baze sou nouvo Teyori Chanjman òganizasyon an.
LÒT TACH
Deskripsyon tach sa a pa konplè. Tout lòt responsabilite Fondasyon Depase Fwontyè yo jije nesesè pou Pwogram Repanse Pouvwa a avanse ap fèt ak konsantman anplwaye a.
Qualifications Requises
? Omwens 5 ane eksperyans ak bon jan konpetans nan travay nan domèn jesyon pwojè.
? Diplome nan yon domèn apwopriye. Yon metriz ka bay plis avantaj.
? Eksperyans travay nan domèn dwa fanm, sitou sa ki gen pou wè avèk vyolans sou fanm.
? Eksperyans travay avèk òganizasyon de baz oswa ONG; eksperyans jere pwojè Inyon Ewopeyèn se yon diplis.
? Eksperyans nan metòd lidèchip pataje ki ankouraje patisipasyon ak bon sistèm rann kont.
? Eksperyans travay nan pledwaye ak/oubyen nan medya.
? Konpetans travay ak òdinatè: kominike pa kourye elektwonik; bon konpetans nan lojisyèl Word ak Excel; konesans nan Quickbooks.
? Bon kapasite kominikasyon oral nan divès kontèks, ekri pou divès objektif an kreyòl ak an franse.
? Konpetans nan jere depans sou bidjè, verifye pwogrè sou depans. Kapasite travay ak chif, fè kalkil.
? Konesans sou mobilizasyon kominotè ak mouvman jistis sosyal yo.
? Disipline, motive, onèt, merite konfyans.
? Kapasite pou jere plizyè aktivite ansanm, apresye kritik ak fè chanjman.
? Kapasite pou respekte fason lòt moun aprann epi gen pasyans.
? Kapasite adaptasyon nan anviwonman difisil, epi fleksib pou vwayaje nan transpò piblik anndan peyi a.
? Kapasite pou devlope sans ekip ak lespri kritik nan ekip la sou pwogram nan ak aktivite yo.
? Kapasite pou travay sou presyon ak respekte delè nan yon aviwonman difisil.
? Kapasite pou travay an ekip ak devlope bon relasyon moun ak moun.
? Kapasite pou jere avèk diskresyon enfòmasyon ki sansib oswa konfidansyèl.
? Angaje pou fè pwomosyon egalite ak divèsite.
Dossier de candidature doit avoir ...
Voye yon lèt an Kreyòl ki esplike motivasyon ou pou pòs la, CV, salè ou konn touche/salè ou kapab aksepte, 3 referans (bay nimewo telefòn ak adrès kourye elektwonik).
Autres remarques
Fondasyon Depase Fwontyè yo, se yon anplwayè ki ofri menm opòtinite a tout moun. Nou ankouraje moun ki ap viv avèk yon andikap, fanm ak manm gwoup ki majinalize depi lontan yo aplike.