Search
Introduction

Entwodiksyon:
Beyond Borders, anrejistre an Ayiti sou non “Fondasyon Depase Fwontyè” se yon ONG Ameriken ki kreye depi lane 1993. Beyond Borders ede moun konstwi mouvman pou yo soti tèt yo nan opresyon ak izolman. An Ayiti ak ozetazini, li rasanble resous li yo pou li fè chanjman ki jis epi dirab. Beyond Borders soutni tout mouvman ki genyen kòm objektif pou konbat sistèm restavèk la(esklavaj Timoun), fasilite tout moun jwenn aksè ak edikasyon inivèsèl, lite kont vyolans kap fèt sou fanm ak tifi epi ranplase sistèm k’ap peze pòv yo ak yon lòt sistèm ki soutni travay diy epi ki bay dirab.

Depi 1993, aktivite Beyond Borders yo te konn reyalize nan tèt kole ak lòt òganizasyon ki se patnè lokal li. Men rive nan lane 2013, Beyon Borders te kanpe kontra li te genyen ak patnè lokal sa yo. Depi lè sa, Beyond Borders twouve li nan sitiyasyon pou li egzekite poukont li twa (3) pwogram li genyen yo ki se : Repanse pouvwa (SASA), Pwoteksyon Timoun e Inisyativ Kominote Modèl (IKM).


Fonctions

Objektif pòs la:
Sou sipèvizyon dirèk Manadjè Lojistik la, Assistan Lojistik la ap genyen responsablite tout swivi lojistik sou Lagonav. Li ap genyen responsablite pou Jere
Responsablite:

Jesyon estòk / aktif

• Kenbe estòck pwovizyon yo yon kote ki an sekirite epi dapre yon rejis elektwonik ki byen swiv antre ak sòti;
• Soumèt rapò antre a sòti chak mwa bay sipèvizè Manadjè lojistik la.
• Asire yon envantè regilye nan stock li yo epi kenbe yon rejis detaye jan pwosedi Depase Fwontyè yo mande sa.
• Travay an kowòdinasyon ak depatman pwogram yo pou asire bon jan apwovizyonman (byen ak sèvis ) nan kad tout aktivite yo.
• Asire bon jan reparasyon ak antretyen sou tout aktif Depase Fwontyè yo.
• Asire ke antretyen ak reparasyon biwo yo fèt alè;
• Bay pèsonèl pwogram nan sipò adekwat an akò ak règ lojistik Òganizasyon an.

Apwovizyonman
• Trete epi egzekite sou sipèvizyon Manadjè lojistik la tout demand acha ki fèt nan diferan aktivite yo.
• Swiv pwosesis acha yo jiskaske yo fè kòmann, ki gen ladan pwovizyon, peman ak tout etap entèmedyè jiskaske yo achiv dosye yo.
• Jwe wòl reseptè a Resevwa, kontwole, anrejistre, estoke aktif ak ekipman ki sòti nan men founisè yo. Asire Asire resepsyon, tcheke si yo ak lòd inisyal la, klase ak kontwole bon jan kalite sa ki define nan bon kòmans.
• Prepare kontra sèvis, fè evalyasyon

Antretyen biwo
• Siveye antretyen enstalasyon Depase Fwonty¬è yo nan biwo a ansanm ak pwòpte ak sekirite ki nesesè pou enstalasyon sa yo;
• Asire sekirite byen Depase Fwonty¬è yo ak itilizasyon ak itilizasyon ki apwopriye ak yo;
• Fè antretyen ak jesyon ekipman Depase Fwonty¬è yo (òdinatè ak biwo, ekipman kominikasyon, ekipman enèji dèlko, motosiklèt, varyateur, elatriye)

Lòt tach
Deskripsyon tach sa pa konplè. Tout lòt responsabilite Fondasyon Depase Fwontyè yo jije nesesè pou Pwogram Pwoteksyon Timoun nan avanse ap fèt ak konsantman anplwaye a.


Qualifications Requises

Kalifikasyon obligatwa
Konesans
• Fòmasyon nan lojistik / chèn apwovizyonman
• Konesans de baz nan jesyon stock ak envantè
• Nivo Inivèsite nan Administrasyon, yon plis
• De (2) ane eksperyans nan yon pozisyon menm jan an
• De (2) ane eksperyans minimòm nan sipèvize anplwaye
• Trè bon konesans nan lojisyèl sa yo: Excel, Word, Access ak Power Point
• Kapasite pou jere ak kowòdone plizyè travay ansanm
• Bon kapasite nan ekri Kreyòl

Konpetans
• Fleksibilite, onètete ak sansiblite kiltirèl
• Sans inisyativ ak kapasite pou travay avèk sipèvizyon minim
• Kapasite pou travay nan ekip ak sou presyon
• Ekselan konpetans kominikasyon oral ak ekri anglè yon diplis
• Konesans angle, yon avantaj
• Bon relasyon entèpèsonèl
• Rezilta ak sans kalite
• Kapasite pou etabli epi kenbe patenarya ak bon relasyon travay


Conditions particulières

Fondasyon Depase Fwontyè yo, nan lide pou ofri menm opòtinite ak tout moun, li ankouraje fanm aplike pou pozisyon sa.


Conditions de travail

Lendi a Vandredi avèk posiblite pou travay samdi, de 8è a 4è


Dossier de candidature doit avoir ...

Pwosèsis pou aplike pou pòs la :
Voye yon dosye ki gen ladan l :
1) yon lèt motivasyon ki montre entère w pou pòs la e kapasite ak eksperyans ou genyen ki bon pou pòs la ;
2) yon CV ak 3 bon referans ;
3) tout lòt prèv sou fòmasyon ak travay.

Voye dosye a nan adrès imel : rekritman@beyondborders.net. Tanpri, sou liy sijè imel la :

Dat limit pou soumèt yon aplikasyon konplè se 21 Out 2022.


Remarque contact

rekritman@beyondborders.net


Autres remarques

rekritman@beyondborders.net


Envoyez à vos amis par


back top