Search
Introduction

Entwodiksyon :
Depase Fwontyè Yo se yon fondasyon kap travay pou kore mouvman sosyal ann Ayiti. Fondasyon sa vize kore
kat (4) mouvman prensipal nan peyi a : Mouvman pou libere timoun ki nan eksplwatasyon ak nouvèl fòm esklavaj ; Mouvman pou fini ak vyolans sou fanm ak tifi ; Mouvman pou tout timoun jwenn bon kalite ledikasyon ; Mouvman pou pèmèt moun sòti nan povrete ekstrèm. Pou operasyonalize vizyon sa yo, Depase Fwontyè yo mete kanpe twa (3) pwogràm ki se : Inisyativ Kominote Modèl Riral (IKM Riral) ; Inisyativ Kominote Modèl Lavil (IKM Lavil) ; Repanse Pouvwa. Beyond Borders / Depase Fwontyè yo gen baz li nan Jakmèl, Pòtoprens ak Lagonav, Ayiti ansanm ak yon ekip ki baze nan plizyè zòn Ozetazini ak Kanada. Li travay an kolaborasyon ak plizyè patnè atravè peyi an Ayiti.

Nan travay pou gaye Inisyativ Kominote Modèl la, Depase Fwontyè yo genyen kolaborasyon ak patnè nan Lagonav, nan depatman Nò pou plis presizyon nan Sen Rafayèl, nan zanviwon Petyonvil.


Fonctions

Déskripsyon pos :
Fondasyon an ap chèche yon asistan Swivi Evalyasyon ak Aprantisaj pou travay nan Inisyativ Kominote Modèl. Riral.
Asistan Swivi Evalyasyon ak Aprantisaj pral sipòte tout aktivite swivi ak evalyasyon nan kad pwogram Fondasyon Depase Fwontyè yo ap mennen sou zile la Gonav nan ede nan ranfòsman kapasite patne ak pèsonèl pwogram yo nan itilizasyon zouti yo, kolekte done sou fonskyonman pwogram yo ak mete a jou baz done yo.




Responsablite Kle :

Planifikasyon
? Nan kolaborasyon ak responsab SEA, asistan SEA ap asire ak akonpaye manm pwogram ak patnè yo nan realizasyon divès aktivite yo.
? Bay sipò nan revisyon plan travay ekip pwogram lan.

Swivi ak Evalyasyon

? Asire mizajou diferan baz done yo
? revise rapo yo pou asire koreyans yo avek aktivite ki te prevwa yo
? Asire bon kolèk done yo
? realize visit pou verifye done yo
? Ranfòse kapasite estaf pwogràm yo ak patnè yo pou fè bon kalite rapò nan delè
Aprantisaj/jesyon konesans
? Nan kolaborasyon ak responsab SEA,elabore ak mete an plas plan fòmasyon ak ranfòsman kapasite pou estaf pwogram ak patnè yo


Qualifications Requises

Pwofil Kandida

Eksperyans ak Istorik
? Omwens 1 lane eksperyans nan jere pwosesis Planifikasyon, Swivi, Evalyasyon
? Nivo inivesite ou fomasyon nan syans sosyal ou nan domèn konèks
? Eksperyans nan kolekte done sou teren ak divès metodoloji, divès kalitite zouti pou mezire kantite ak kalite.
? Eksperyans nan jere divès baz done.
? Eksperyans nan prepare ak prezante fòmasyon.

Konpetans ak Kalite Kle

? Demontre konpreyansyon sistèm, pwosesis planifikasyon, Swivi, Evalyasyon ak Aprantisaj.
? Metrize eksel ak word
? Kreyatif avèk kapasite pou pran inisyativ.
? Alèz devan gwoup moun.
? Bon kapasite kominikasyon, ni pale ni ekri.
? Kapasite pou jere plizyè aktivite ansanm, motive pou wè rezilta.
? Kapasite pou aprann vit nan eksperyans.
? Kapasite adaptasyon nan anviwonman difisil.


Conditions particulières

Fondasyon Depase Fwontyè yo, nan lide pou ofri menm opòtinite ak tout moun, li ankouraje fanm aplike pou pozisyon sa.


Conditions de travail

Lendi a Vandredi avek posblite pou travay Samdi, de 8è a 4è


Dossier de candidature doit avoir ...

Pwosèsis pou aplike pou pòs la :
Voye yon dosye ki gen ladan l : 1) yon lèt motivasyon ki montre entère w pou pòs la e kapasite ak eksperyans ou
genyen ki bon pou pòs la ; 2) yon CV ak 3 bon referans ; 3) tout lòt prèv sou fòmasyon ak travay. Voye dosye a
nan adrès imel : rekritman@beyondborders.net. Tanpri, sou liy sijè imel la : Kanditati-asistan Swivi Evalyasyon ak
Aprantisaj.

Dat limit pou soumèt yon aplikasyon konplè se 22 Out 2022.
Sèlman kandida ki seleksyone pou pwochènn etap yo pral jwènn yon repons. Beyond Borders / Depase Fwontyè yo se yon òganizasyon ki ofri menm opòtinite pou tout moun


Remarque contact

rekritman@beyondborders.net


Autres remarques

Les candidats (tes) qui sont sur La Gonave peuvent passer déposer leur dossier de candidature dans notre bureau situé à "Nan Jozen" Anse-à-Galets


Envoyez à vos amis par


back top