SOIL (Sustainable Organic Integrated Livelihoods) travay an Ayiti pou transfome deche an resous depi 2006. Misyon nou se kore diyite, lasante ak travay sosyal dirab nan transfomasyon dechè an resous enpòtan pu lanati. Sèvis EkoLakay se yon sevis twalet inovatif ke SOIL lanse depi 2011 nan Okap. EkoLakay genyen pliske 1800 kliyan nan zon Kap- Ayisyen anrejistre pou sèvis sa epi peye mansyelman pou yon koleksyon ki fasilite tout matyè a trete e transfòme nan yon konpòs. Konpòs sa, ki rele Konpos Lakay, rive teste nan laboratwa avan li anbale epi vann sou mache nasyonal la pou itilize nan domenn agrikol la. SOIL ak ekip EkoLakay la genyen objektif pou agrandi sèvis la pou li ka genyen 8000 kliyan pou lane 2025.
Manadjè Senyò Vant nan SOIL gen responsablite pou atenn tout objektif vant Oganizasyon an, nan EkoLakay menm jan nan Konpos Lakay. SOIL ap chache konble pos sa pi vit ke posib.
Fonctions
Tach Prensipal:
Jeneral
• Elabore epi egzekite estrateji pou atenn objektif agrandisman pou 3 sèvis ak pwodwi diferan andedan SOIL ki se EkoLakay, EkoMobil, epi Konpos Lakay.
• Jesyon bidje anyèl pou Vant ki asosye ak EkoLakay ni Konpos Lakay.
• Etabli epi jere yon rezo dinamik ak aktè nan depatman Nò ki angaje nan domenn kle ki asosye ak travay e sèvis SOIL (otorite yo, oganizatè evenman, konpayi konstwiksyon, enstitisyon agrikol, elatriye).
• Travay ak Manadje Senyo Nò e COO SOIL pou mete an plas kolaborasyon ak patenarya nesese pou avansè SOIL nan misyon li genyen epi objektif ki fikse pou sèvis ak pwodwi’l yo.
• Oganize evenman, oswa patisipasyon SOIL nan evenman lot akte, ki ogmante viziblite sèvis ak pwodwi SOIL nan yon fason estratejik.
• Byen konnen epi respekte nenpòt pwotokol ki konsene ou menm, epi pwopoze modifikasyon depi’w wè yo mande sa oubyen devlope pwotokol pou nouvo pwosèsis travay w.
Resous Imen
• Rekrite, fòme, epi sipèvize manm ekip Vant/ak moun ki gen kontak dirèk ak kliyan jan ke’w wè nesesè pou atenn objektif vant pou EkoLakay ak Konpostaj
• Kontinye amelyore ak ranfose youn sistèm gratifikasyon ki baze sou komisyon, ki genyen objektif endividyèl ni kolektif.
• Reyalize evalyasyon pèfomans regilye ak ekip ke wap sipèvize pou swiv pwogrè, idantifye obstak, epi pote koreksyon/modifikasyon ke’w wè ki nesesè.
EkoLakay
• Rive siyen omwen 150 nouvo kontra EkoLakay pa mwa nan zon sèvis aktyel
• Devlope yon gid Vant pou EkoLakay ki klarifye pwosesis ak mesaj ki itilize ak segman kliyan diferan, epi ki baze sou rechech ak done ki disponib sou kliyan aktyel ak ansyen kliyan.
• Travay ak ekip Operasyon ni Rechech pou evalye lot zon sèvis potansyel
• Travay ansanm ak Resous Imen e Manadje EkoLakay pou ranfose estrikti ak apwoch sèvis kliyantel pou fidelize kliyan EkoLakay yo.
• Pwodwi epi revize materyèl maketin EkoLakay yo (flyèz, bwochi, espòt piblisite, inifòm, elatriye).
Konpòs Lakay
• Elabore estrateji ak taktik maketin ki ka pèmèt nou vann omwen 6 ton konpos chak mwa, an mwayenn.
• Enplimantasyon ak amelyorasyon kontinyel sa ki nan Gid Vant Konpos Lakay la
• Travay pou etabli yon rezo distribisyon konpos nan Depatman Nò ki rann Konpos Lakay la disponib pou asosyasyon ak oganizasyon nan zon agrikol yo.
• Responsab pwodiksyon epi revizyon materyèl maketin Konpòs Lakay yo (flyèz, bwochi, elatriye).
Qualifications Requises
Fomasyon ak Eksperyans
• Degre nan Marketing ak Vant, oswa eksperyans ki asosye
• Siksè nan vant nan yon antrepriz lokal
• Elaborasyon ak enplemantasyon estrateji maketin
• Eksperyans nan monte ak jere yon ekip ki fokis sou rezilta
• Bon kapasite nan planifikasyon, jesyon ak analiz done pou pran desizyon ki baze sou
rezilta
Atou enpotan
• Eksperyans travay an kolaborasyon ak otorite Ayisyen nan kad maketin oswa relasyon gouvenmantal
• Bon konpetans nan pwodwiksyon materyel maketin
• Konpreyansyon onivo sektè asenisman an Ayiti
• Konpreyansyon onivo sektè agrikol Ayisyen epi itilizasyon amandman sol(angrè, fimye, konpòs, elatriye)
• Pemi kondwi (machin oswa moto)
Dossier de candidature doit avoir ...
Pou moun ki enterese nan pòs sa yo , Direksyon SOIL ap mande kandida a dokiman sa yo:
- CV
- Kopi diplom
- 3 referans, omwen yonn nan yo dwe yon referans pwofesyonèl