Management/Gestion, Finance, Comptabilité et Commerce
Spécialité
Comptabilité
Date publication
3 Mars 2022
Date limite
18 Mars 2022
Pays
Haiti
Ville
Port-au-Prince
Zone
Petion-Ville
Durée
Déterminée
Introduction
Entwodiksyon
“Fondasyon Depase Fwontyè” etabli an Ayiti depi 2015 pa Beyond Borders, yon ONG Ameriken kap travay an Ayiti depi lane 1993. Depase Fwontyè yo ede moun konstwi mouvman pou yo soti tèt yo nan opresyon ak izolman. Depase Fwontyè yo soutni tout mouvman ki genyen kòm objektif pou konbat sistèm restavèk la (esklavaj Timoun), fasilite tout moun jwenn aksè ak edikasyon inivèsèl, lite kont vyolans kap fèt sou fanm ak tifi epi ranplase sistèm k’ap peze pòv yo ak yon lòt sistèm ki soutni travay diy epi ki bay dirab.
Aktivite Depase Fwontyè yo reyalize direkteman ak estaf li an epi tou nan tèt kole ak lòt òganizasyon ki se patnè lokal li yo. Lap egzekite twa (3) pwogram li genyen yo ki se: Repanse Pouvwa (elimine vyolans kap fèt sou fanm ak tifi), Inisyativ Kominote Modèl (IKM) Riral ak Inisyatif Kominote Modèl (IKM) Ibènn.
Fonctions
Objektif pòs la
Depase Fwontyè yo ap chache yon Asistan Finans kalifye, ekspèrimante pou sipòte Depatman Finans lan nan diferan tach nan biwo Pòtoprèns.
Reskonsablite
Asistan Finans lan ap gen pou li travay sou sipevizyon direk Koòdonatè Finansye a nan ekzekisyon tach li yo. Li reskonsab pou li verifye egzaktitid ak fiabilite tout depans ki fèt anndan òganizasyon an, Asire ke tout depans Oganizasyon an fèt nan respè politik oganizasyon an ak politik bayè nou yo. Li reskonsab pou li kontabilize tout tranzaksyon kap fèt anndan òganizasyon an. Asistan Finans la ap gen pou li peye DGI, ONA, OFATMA ak AIC. Asistan Finans la dwe asire ke Depase Fwontyè yo respekte nòm kontab nasyonal ak entènasyonal ak pwosèdi jesyon finans Fondasyon Depase Fwontyè yo tabli.
Ede nan swivi odit nan òganizasyon an.
Asistan Finans la dwe egzekite tach sa yo:
• Pase ekriti jounalye yo nan yon sistèm kontab (Quickbooks).
• Kreye, finalize, epi fè swivi dosye finans yo
• Peye Taks: DGI, ONA, OFATMA ak Asirans Sante nan dat sa dwe fèt la
• Fè rekonsilyasyon kont bank yo chak mwa.
• Byen jere dosye finans yo pou yo kapab odite avèk fasite epi travay ak oditè yo.
• Asire ke tout dokiman finans yo byen klase
• Patisipe nan tout rankont finans lè sa nesesè.
• Asiste nan prepare rapò pou aktivite pwogram yo.
• Ede nan preparasyon bidjè pwogram yo
• Prepare rapò finansye pwogram yo e fè swivi bidjè yo.
• Patisipe nan tout rankont planifikasyon ak evalyasyon ak ekip la.
• Patisipe nan tout rankont planifikasyon ak evalyasyon ak ekip la.
• Tout lòt responsabilite Fondasyon Depase Fwontyè yo jije nesesè pou Pwogram yo avanse
Qualifications Requises
Kalifikasyon
• Etid an kontabilite/jesyon
• Pase o mwens 3 zan ap travay nan yon domèn kontabilite nan ONG.
• Genyen kapasite pou itilize lojisyèl biwo yo tankou Word ak Excel, se yon obligasyon pou pòs la.
• Metrize lojisyèl Quickbooks, se yon obligasyon pou pòs la.
• Genyen kapasite pou prepare rapò finansye.
• Genyen konesans sou jesyon pwojè.
• Genyen kapasite pou kominike byen.
• Kapasite pou travay sou presyon epi respekte delè nan yon anviwonman difisil.
• Kapasite pou Travay an ekip epi Devlope bon relasyon moun ak moun.
• Kapasite pou jere avèk diskresyon enfomasyon ki sansib oswa konfidansyèl.
• Eksperyans travay avèk ONG oubyen òganizasyon charite.
• Angaje pou fè pwomotion egalite ak divèsite.
Depase Fwontyè, se yon anplwayè ki ofri menn opòtinite a tout moun. Nou ankouraje moun ki ap viv ak yon andikap, fanm ak manm gwoup ki depi lontan ki majinalize yo aplike
Conditions particulières
Depase Fwontyè yo se yon oganizasyon ki ofri menm opòtinite a tout moun. Nou ankouraje fanm, moun ki andikape ak manm gwoup ki depi lontan ki majinalize yo postile.
Conditions de travail
Lendi a vandredi avek posiblite pou travay samdi.
Dossier de candidature doit avoir ...
Nou ankouraje kandida ki enterese yo pou yo soumèt :
• CV
• Kopy lisans ak lot diplòm
• yon lèt motivasyon
• tout lòt dokiman ki prouve fòmasyon l ak eksperyans travay li
• 3 referans pwofesyonèl
nan kourye elèktronik sa: rekritman@beyondborders.net, tanpri mete nan tit imèl la : Asistan Finans
Dat limit pou soumèt dosye yo pou pi ta 17è00 jou kap Lendi 18 Mas 2022. Se selman kandida ki preselèksyone yo ke nou ap kontakte.