Search
Introduction

Fondasyon FONKOZE se yon enstitisyon Ayisyen ki a bi non likratif ki kreye nan lane 1994 pa Pè Joseph Philiipe ak yon gwoup òganizasyon de baz ki gen rekonesans itilite piblik depi 2005. Fonkoze se yon fanmi òganizasyon k ap travay nan kole zepòl pou ofri sèvis finansye ak sèvis ki pa finansye pou tout Ayisyen – sitou fanm yo - jwenn mwayen pou yo retire fanmi yo nan lamizè.


Fonctions

Objektif : Travay an kolaborasyon ak direkte pwogram Sante a pou ede Fonkoze atenn objektif li nan respè filozofi, misyon ak pwosedi enstitisyon an. Asistan Direktè a reskonsab pou li fè:
- Asire pwogram lan toujou bay bon kalite sèvis, lap kontinye devlope pou ede kliyan ak patnè Fonkoze amelyore lavi yo.
- Kenbe anplwaye yo nan yon anbyans agreyab, anplwaye yo pwodiktif, epi motive pou travay nan prenseip enstitisyon an.

TRAVAY CHAK JOU:

1. JESYON PWOGRAM

• Patisipe aktivaman nan konsepsyon estratejik pwogram santé Fonkoze a
• Prepare yon plan daksyon anyèl ki entegre tout entèvansyon ki prevwa nan pwogram sante a
• Fè swivi pwogram la, verifye lap mache dapre filozofi, misyon ak objektif FONKOZE. Vizite moun teren yo omwens yon fwa pa mwa
• Travay ak ekip Boutik Sante pou etabli Boutik Sante tankou yon vre antrepriz sosyal ki kouvri tout branch Fonkoze yo nan mezi li posib.
• Asire Boutik Sante fè manm Fondasyon yo jwenn bon jan pwodwi sante, lijyèn ak nitrisyon, sèvis depistaj ak enfomasyon sou lasante.
• Travay ak patnè pou plis kliyan ak manm Fonkoze posib jwenn akse ak swen sante ki pi senp yo toupatou nan peyi a;
• Fè rapò trimestriyèl pwogram nan epi ede direkte pwogram sante nan prepare rapo anyèl sou pwogram nan ak rapò pou donatè.
• Patisipe nan chache finansman; ekri pwojè. Akonpaye vizitè sou teren.
• Asire gen bon jan zoutil pou pwodwi enfòmasyon ki fyab epi analyze regilyèman enfòmasyon yo pou amelyore pwogram lan.
• Koòdone ak lò pwogram Fonkoze yo pou asire aksyon k ap poze yo konplemantè youn ak lòt pou sèvis menm kliyan ak manm yo.

1. Administrasyon

• Patisipe ak Direktè Pwogram Sante a nan prepare bidjè pou tout pwojè sante yo, fè swivi egzekisyon bidje sa yo yon fason pou nou depanse kòb la selon règ bayè ak Fonkoze yo.
• Jere depans pwogram sante a : tout demann ki fèt yo an akò ak previzyon yo, depans yo nesesè, tout pwosedi yo swiv, tout dokimantasyon an ekziste. Asire tout rapò depans yo rive jwenn depatman kontabilite
• Tabli bonjan relasyon ak Direktè Branch yo pou fasilite kominikasyon ansanm ak distribisyon materyèl pwogram lan.
• Asire jesyon materiel pwogram la yon jan pou tout ekip la gen resous pou li travay san pa gen gaspiyaj

2. Jesyon Resous Imen

• Patisipe nan rekritman ak evalyasyon kandida pou yon pòs nan depatman sante a
• Asire ke tout nouvo anplwaye byen fòme pou yo reyalize travay yo nan respè prensip Fonkoze
• Oganize evalyasyon anyèl enfimye teren yo
• Aplike pwosedi Fonkoze pou promosyon, ajustman salè, mezi disiplinè ak revokasyon.
• Asire staf teren santé a gen konesans ki nesesè pou yo fè travay yo byen
3. Lòt Tach

• Promouvwa misyon sosyal Fonkoze-a
• Reprezante Fonkoze nan evènman ki gen pou wè avèk travay depatman sante a
• Fè tout lòt aksyon Direksyon Devlopman Moun la Mande ki an rapò ak lasante.


Qualifications Requises

Etid : Pou pi piti yon nivo DESS osinon Sante kominote

Eksperyans : 5 lane eksperyans nan jesyon pwogram sante/devlopman, li tap bon pou kandida a genyen esperyans fòmasyon pou gran moun, sipevizyon ekip, travay nan zon riral epi pou li konn sistèm sante nan peyi d’Ayiti.

Kalite Pèsonèl ak Konpetans
• Kapasite pou travay avèk tout kouch sosyal
• Lidèchip ak inisyativ
• Sans responsabilite
• Entegrite
• Kapasite pou relasyon ak tout moun pou fè mesaj yo byen pase.
• Metrize byen zoutil biwotik : windows, word, excell ak Powerpoint
• Kapab li, ekri ak pale fransè ak Kreyòl. Li tap bon pou moun nan kapab konprann ak pale Angle tou.
• Kapasite pou bay pèfòmans sou baz objektif
• Kapasite pou travay an ekip


Dossier de candidature doit avoir ...

Curriculum Vitae
Lettre de motivation
2 references professionnelles
Copies des diplomes et certificats


Envoyez à vos amis par


back top