SOIL (Sustainable Organic Integrated Livelihoods) travay an Ayiti pou transfome dechè an resous depi 2006. Misyon nou se kore diyite, lasante ak travay sosyal dirab nan transfomasyon dechè an resous enpòtan pou lanati. Sèvis EkoLakay se yon sèvis twalèt inovatif ke SOIL lanse depi 2011 nan Okap. EkoLakay genyen pliske 1500 kliyan nan zòn Kap- Ayisyen ki anrejistre pou sèvis sa epi kap peye mansyelman pou yon koleksyon ki fasilite tout matyè a trete epi transfòme nan an konpòs. SOIL ap trete epi transfòme 45 ton dechè pa mwa jiska prezan ak plan pou agrandi ansanm ak agrandisman sèvis EkoLakay la. Konpòs la, ki rele Konpòs Lakay, rive teste nan laboratwa avan li anbale epi vann sou mache nasyonal la pou itilize nan domenn agrikòl la ak enviwònman. SOIL ak ekip EkoLakay la genyen objektif pou agrandi sèvis la pou li ka genyen 8000 kliyan pou lane 2025.
Manadjè Konpostaj genyen responsabilite pou jere tout aspè konsènan trètman ak transfomasyon dechè ke SOIL resevwa nan sit konpostaj la.
Fonctions
TACH PRENSIPAL:
Jeneral
• Dirije ak enplemante tout pwojè ki anba responsablite w nan yon fason ki efikas epi ki swiv yon kalandriye byen planifye.
Idantifye ak enplemante aksyon nesesè pou atenn endikatè pèfòmans kle (EPK) chak mwa/sezon/ane.
• Byen fikse endikatè pèfòmans kle (EPK) pou manm ekip Konpòstaj la ki fezab, ki apwopwiye, epi ki mache ak estrateji lontèm SOIL.
• Travay pwòch ak depatman Rechèch epi lòt patnè ekstèn yo pou enplemante plan tranzisyon pwosesis konpostaj la pandan ane kalandriye 2022 la.
• Byen konnen epi swiv nenpòt Pwotokòl, Pwosedi, ak Endikasyon Travay (PPET) ki genyen relasyon ak aktivite Konpòstaj
• Travay ansanm ak Direksyon SOIL pou kenbe bon relasyon ak enstitisyon leta Ayisyen apwopriye (MDE, MARNDR, MSPP, DINEPA, meri yo, elatriye)
• Travay ansanm ak depatman Rechèch ak Inovasyon pou bay sipò nan teste, pilote, epi koleksyon done parapò pwojè pa yo, depi genyen bezwen pou sa.
• Oganize visit nan Sit la depi genyen yon rezon estratijik pou sa.
Jerans
• Responsab kreyasyon, egzekisyon ak evalyasyon tout plan ak bidjè Konpostaj yo.
• Toujou asire ke nou kenbe “Pwotokòl Operasyon Estanda” yo ajou epi ke yo respekte
anndan sit konpòstaj nou a.
• Revizyon Plan Sekirite Sanitasyon (SSP), risk yo epi plan mitigasyon daprè kalandriye
ki egziste pou sa.
• Kolabore ak Manadjè Senyò Vant (MSV) pou asire ke genyen bon kominikasyon ak
planifikasyon parapò estòk konpòs nan Mouchinèt ni nan lòt sit yo, livrezon ki
bezwen fèt, epi lòt sijè parapò aktivite Vant.
• Asire ke laboratwa SOIL la ak manm ekip SOIL ki travay ladan swiv pwotokòl ki an
plas yo, ke done ak analiz yo fyab, epi ke nou kontinye travay pou asire ke laboratwa SOIL genyen kapasite pou fè tès nesesè pou pwosesis konpostaj la.
Resous Zimen
• Verifye ke tout ekip ke w’ap sipèvize ap swiv tach ki nan pwofil pòs pa yo epi ke y’ap reyalize aktivite ki nan plan semèn yo.
• Reyalize evalyasyon pou ekip pa’w daprè yon kalandriye byen defini.
• Travay ansanm ak Administrasyon/Resous Imen pou ekip la toujou ajou ak vaksen
yo epi genyen akse a medikaman pou vè
Sipevizyon
Pòs sa sipèvize direkteman pa Manadjè Senyo Nò SOIL la.
Qualifications Requises
Fomasyon ak Eksperyans
• Lisans nan Jeni Endistriyel/ Syans Agwonomik, oswa lòt disiplin ki asosye ak trètman epi transfòmasyon dechè
• Eksperyans pwouve nan Jesyon Ekip
• Bon kapasite pou fè analiz
• Eksperyans elaborasyon ak jesyon bidjè
• Konpetans avanse nan aplikasyon Microsoft (Word, Excel, Powerpoint) ni Google
(Drives, googlesheets, etc.)
Atou enpòtan
• Eksperyans travay nan Izin
• Ekspetiz nan pwosesis konpòstaj temofilik
• Nivo pwofesyonel nan pale/ekri an Fransè
Dossier de candidature doit avoir ...
CV
Kopi diplòm
3 referans, omwen yonn nan yo dwe yon referans pwofesyonèl
Si’w wè ke’w reponn a kritè yo epi’w enterese nan pòs sa, souple voye yon imèl ak tout dokiman yo nan adrès sa: jobs@oursoil.org epi ekri tit pos la ‘”Manadjè Konpostaj” nan objè imel la.