Management/Gestion, Finance, Comptabilité et Commerce
Spécialité
Gestion de PME
Date publication
5 Oct 2021
Date limite
18 Oct 2021
Pays
Haiti
Ville
Port-au-Prince
Zone
119, Avenue Christophe, Port-au-Prince
Durée
Indéterminée
Introduction
Fondasyon FONKOZE se yon enstitisyon Ayisyen ki a bi non likratif ki kreye nan lane 1994 pa Pè Joseph Philiipe ak yon gwoup òganizasyon de baz ki gen rekonesans itilite piblik depi 2005. Fonkoze se yon fanmi òganizasyon k ap travay nan kole zepòl pou ofri sèvis finansye ak sèvis ki pa finansye pou tout Ayisyen – sitou fanm yo - jwenn mwayen pou yo retire fanmi yo nan lamizè
Fonctions
Objektif : Asire pwogram nan ede Fondasyon Kole Zepòl (Fonkoze) atenn objektif li nan respè filozofi, misyon ak pwosedi enstitisyon an. Jesyonè a reskonsab pou li fè yon jan pou:
1. Pi fò patisipan nan pwogram yo satisfè ak sèvis yo resevwa nan men ekip la epi pwogram lan ka montre li genyen yon enpak sou revni yo.
2. Anplwaye yo konpetan, pwodiktif, epi motive pou travay ak kè kontan.
Travay chak jou :
Patisipe nan ekip lideship Fondasyon an
- Patisipe nan reyinyon chak mwa yo yon fason aktif
- Kontribye nan defini estrateji pou oganizasyon an ranpli misyon li
- Toujou fè pwomosyon misyon ak valè oganizasyon yo
Jesyon pwogram nan
- Jere pwoje patenarya ak Fondasyon Rockefeller yon fason pou pwojè a atenn objektif li ke se bay 450 moun mwayen pou yo grandi osinon devlope yon biznis ak yon aparèy elektrik.
- Devlope yon pwosesis pou teste ti antrepriz pou manm Fonkoze, AVEK ak kominote yo epi devlope plan dafè pou yo.
- Konstwi patenarya ak antrepriz epi òganizasyon ki kapab ranfòse yon chènn valè yon fason pou antrepriz manm Fonkoze yo vin grandi epi vin pi dirab.
- Kolabore ak Sèvis Finansye Fonkoze nan idantifye opotinite kolaborasyon ant Fondasyon ak SFF pou kliyan/manm Fondasyon yo jwenn mwayen pou yo ogmante revni yo.
- Patisipe nan chache finansman; ekri pwojè. Akonpaye vizitè sou teren.
- Asire gen bon jan zoutil pou pwodwi enfòmasyon ki fyab epi analyze regilyèman enfòmasyon yo pou amelyore pwogram lan.
Asire yon bon jesyon resous moun pwogram nan
- Planfifye kantite ak kalite anplwaye ki nesesè pou reponn a objektif pwogram nan.
- Patisipe nan rekritman ak evalyasyon kandida pou pòs.
- Asire l tout nouvo anplwaye byen fòme, yo konprann misyon pwogram la.
- Asire evalyasyon anyèl tout anplawye nan depatman an fèt. Asire l yo pèfòman ak travay ak kè kontan.
- Aplike pwosedi Fonkoze pou promosyon, ajustman salè, mezi disiplinè ak revokasyon.
- Motive anplwaye yo epi bay yo sipò pou yo kontinye devlope kapasite yo.
Asire yon bon jesyon resous finansye ak materyel
- Prepare chak lane bidjè global pou pwogram nan. Fè swivi ekzekisyon bidjè a, fè tout rapò ki pou bay enfòmasyon sou devlopman bidjè a.
- Jere depans pwogram nan : tout demann ki fèt yo an akò ak previzyon yo, depans yo nesesè, tout pwosedi yo swiv, tout dokimantasyon an ekziste. Prepare tout rapò depans yo pou depatman kontabilite.
- Asire tout depans yo rete nan kad bidje bayè yo, osinon mande chanje bidje a alavans si sa nesesè
- Asire tout rapò finansye ak naratif al jwenn bayè yo jan sa prevwa nan kontra yo
Bon kolaborasyon ak patnè yo
- Asire bon jan kominikasyon ak patnè yo. Rankontre yo/pale avè yo nan telefòn regilyèman pou asire yon bon echanj enfòmasyon.
- Travay ak tout patnè yo pou objektif patenarya a atenn nan respè ak transparans.
Qualifications Requises
Etid : Pou pi piti 4 lane inivèsite nan domèn ekonomi osinon jesyon.
Eksperyans : 5 lane eksperyans nan apiye ti antrepriz. Eksperyans jesyon pwogram devlopman se yon atou.
Kalite Pèsonèl ak Konpetans
Kapasite pou travay avèk tout kouch sosyal
Lidèchip ak inisyativ
Sans responsabilite
Entegrite
Disponib
Kapasite pou relasyon ak tout moun pou fè mesaj yo byen pase.
Metrize byen zoutil biwotik : windows, word, excell ak Powerpoint
Metrize byen Anglè ak Kreyòl
Kapasite pou bay pèfòmans sou baz objektif
Kapasite pou travay an ekip