Management/Gestion, Finance, Comptabilité et Commerce
Spécialité
Management/Gestion
Date publication
30 Aout 2021
Date limite
10 Sept 2021
Pays
Haiti
Ville
Port-au-Prince
Zone
119, Ave Christophe, Port-au-Prince
Durée
Indéterminée
Introduction
Fondasyon Kole Zepol FONKOZE se yon enstitisyon Ayisyen ki a bi non likratif ki kreye nan lane 1994 pa Pè Joseph Philiipe ak yon gwoup òganizasyon de baz ki gen rekonesans itilite piblik depi 2005. Fonkoze se yon fanmi òganizasyon k ap travay nan kole zepòl pou ofri sèvis finansye ak sèvis ki pa finansye pou tout Ayisyen – sitou fanm yo - jwenn mwayen pou yo retire fanmi yo nan lamizè.
Fonctions
Pwofil pòs la
Direktè Jeneral Adjwen an fòme yon ekip ak Direktè Jeneral la. Ansanm yo responsab pou yo fè misyon òganizasyon an ateri nan aktivite ak inisyative chak jou.
Yo travay ansanm pou pi fò travay la fèt mè yo separe tach jeneral jesyon Fondasyon an yon fason pou yo chak responsab kèk pwogram/depatman ak tach espesifik jan sa dekri pi ba.
Fondasyon an ap chache yon Direktè Jeneral Adjwen ki kapab konplemante kapasite Direktè Jeneral la, sitou nan depatman/aktivite sa yo:
- Jesyon resous moun
- Kontak ak gouvenman epi sektè prive peyi a
- Relasyon ak manm yo epi travay k ap fèt ak òganizasyon yo
- Jesyon pwogram devlopman ekonomik ak antrepriz sosyal yo.
Tach ak responsablite
Direktè Jeneral Adjwen an responsab pou li apiye Direktè Jeneral la nan jesyon ak operasyon Fondasyon an. Li genyen responsablite espesifik pou tout sa ki genyen anwè ak relasyon ak otorite piblik epi patnè prive nan peyi Dayiti, devlopman ak sipèvizyon antrepriz sosyal Fonkoze yo ak tout inovasyon ki mache avè yo, epi asire bon jan relasyon ak manm Fondasyon yo. Li patisipe nan reprezante Fonkoze anndan peyi Dayiti tankou lotbò dlo.
Men tach espesifik li yo:
1. Planifikasyon Estratejik ak Operasyonèl
- Apiye Direktè Jeneral la nan devlope yon plan estratejik sou plizyè lane nan kad misyon ak vizyon Fondasyon an, egzamine anviwònman ekstèn ak entèn pou idantifye sa ki bezwen atansyon epi defini objektif pou òganizasyon an, ak tout endikatè ki nesesè pou swiv rezilta pwogram ak sèvis Fondasyon yo.
- Travay ak Direktè Jeneral pou defini bon jan pwosesis ak pwosedi planifikasyon, swivi, evalyasyon ak aprantisaj pou tout aktivite Fondasyon Fonkoze yo
- Asire planifikasyon kou tèm pou antrepriz sosyal yo, pwogram CLM ak devlopman ekonomik, depatman administrasyon ak resous moun, etan li apiye direktè pwogram/depatman nan prepare plan operasyonèl ak bidje chak ane, ak tout endikatè ki nesesè pou swivi rezilta yo.
- Patisipe nan bay rapò pou konsey la epi prepare yon rapò anyèl sou tout sa k ap fèt nan pwogram ak depatman li sipèvize.
- Analize rezilta operasyon yo an jeneral ak yon atansyon espesyal pou depatman li spèvize direkteman, epi asire nou korije tout move pèfòmans osinon kondisyon ki pa bon.
2. Jesyon Finansye ak Jesyon Risk
- Patisipe nan devlope pwopozisyon pwojè epi jwenn finansman pou pwogram li sipèvize yo;
- Apiye tout lot prezantasyon k ap fet pou jwenn finansman pou aktivite Fonkoze
- Sipevize jesyon finansye antrepriz sosyal Fondasyon yo, asire done finansye sou yo disponib kòm sa dwa, epi apiye direktè pwogram yo nan asire yon bon sante finansye pou antrepriz sa yo.
- Patisipe nan asire yon planifikasyon finansye solid ak transparan pou tout Fondasyon an nan respè tout lwa ak règleman peyi a.
3. Relasyon ak tout moun ki enterese ak Fondasyon an (Stakeholders)
- Prezante epi fè pwomosyon misyon ak objektif Fondasyon an, sitou pou reprezantan gouvènman ak enstitisyon piblik ak sektè prive Ayisyen.
- Oganize osinon patisipe nan aktivite pou kreye relasyon ak tout moun sa yo, ansanm ak SFF epi/osinon Fonkoze USA, Inc. jan li nesesè (egzanp: salon, konferans bayè, konferans envestisè, elatriye)
- Patisipe nan konstwi epi ranfòse relasyon Fondasyon an deja genyen ak bayè, patnè epi sipòtè.
- Jwenn nouvo opotinite pou patenarya osinon finansman (prive ak piblik) sitou nan domèn li sipèvize direkteman.
- Devlope epi swiv strateji pou nou rekrite manm, epi asire oganizasyon an genyen pwotokol ak pwosedi pou anrejistre epi swiv manm yo.
- Devlope epi asire bon jan relasyon ak òganizasyon manm yo.
4. Pwogram yo
- Fasilite rechèch, planifikasyon, devlopman, egzekisyon ak evalyasyon pwogram ak sèvis Fondasyon yo an jeneral ak yon atansyon espesyal pou pwogram ak depatman li sipèvize direkteman, etan li respekte priyorite ki defini nan plan estratejik la.
- Sipèvize pèfomans tout pwogram li sipèvize direkteman yo ansanm ak direktè pwogram yo.
- Patisipe nan asire tout rapò finansye ak naratif rive jwenn bayè yo jan kontra yo mande sa.
- Asire pwogram ak pwojè li sipèvize direkteman yo evalye yon fason objektif pou oganizasyon an kapab aprann epi amelyore kalite sèvis li bay. Sèvi ak evalyatè ekstèn ki vreman bon lè sa nesesè.
5. Ranfòse òganizasyon an epi jere resous moun
- Travay ak depatman RH pou li:
o asire òganizasyon an genyen kalite resous moun (konpetans ak eksperyans) ak estrikti li bezwen pou atenn objektif ki defini nan plan estratejik yo.
o Patisipe nan asire oganizasyon an aprann tout tan pou li amelyore sevis li yo bay manm li yo.
o Patisipe nan asire oganizasyon an kapab atire epi kenbe lidèship ak espetiz nan domèn devlopman li bezwen.
o Asire oryantasyon estaf la fèt kòm sa dwa, apiye jesyonè resous moun nan devlope epi revize deskripsyon pòs pou estaf yo epi defini tout kondisyon travay, salè ak benefis pou anplwaye yo selon politik resous moun òganizasyon an.
o Patisipe nan ankouraje devlopman pwofesyonèl ak kolaborasyon nan mitan estaf yo etan li fasilite bon kominikasyon, relasyon travay pozitif ak yon anviwònman travay sekiritè. Bay estaf yo sipò epi asire estaf yo jwenn fòmasyon jan li nesesè.
- Asire direktè Fondasyon li sipèvize yo genyen plan ak objektif anyèl epi revize pèfòmans yo – asire tout lòt manm estaf nan depatman li spèvize yo genyen objektif ak revizyon pèfòmans kòm sa dwa.
- Patisipe nan devlope plan siksesyon pou tout direktè fondasyon yo.
- Sipèvize angajman ak jesyon kontraktan ak konsiltan selon bezwen òganizasyon an.
6. Relasyon ak Konsey la epi manm Fondasyon yo
- Patisipe nan apiye konsèy la ak komite konsèy yo (li menm osinon atravè yon manm ekip lidèship) epi bay tout enfòmasyon yo bezwen. Patisipe nan reyinyon konsèy yo jan Konsey ak DG mande sa.
- Sipèvize planifikasyon epi preparasyon asanble biwo ak asanble jeneral la.
- Asire aktivite chak jou depatman li sipèvize yo byen fèt, epi patisipe nan asire bon jan kominikasyon ak manm konsèy yo epi enfòme yo sou kesyon enpòtan yo lè sa nesesè.
- Patisipe nan fè Konsèy la konnen kisa ki vreman bezwen atansyon ak desizyon li, epi fè rekomandasyon si li nesesè;
- Patisipe nan oryante nouvo manm konsèy yo epi patisipe nan fòme manm konsèy yo.
Patisipe nan sipèvize egzekisyon tout politik konsèy yo apwouve.
Qualifications Requises
Yon diplòm inivèsitè – nivo metriz – nan Devlopman Entènasyonal, Jesyon Biznis, Finans, Kontablite osinon Jesyon.
Conditions particulières
Dyob sa baze nan potoprens ak posibilite deplasman swa an pwovens oubyen nan kapital ak vwayaj a letranje
Dossier de candidature doit avoir ...
o CV,
o lèt motivasyon,
o 2 referans pwofesyonèl
o kopi diplòm ak sètifika,