Search
Introduction

Entwodiksyon:
Depase Fwontyè Yo se yon fondasyon kap travay pou kore mouvman sosyal ann Ayiti. Fondasyon sa vize kore
kat (4) mouvman prensipal nan peyi a : Mouvman pou libere timoun ki nan eksplwatasyon ak nouvèl fòm esklavaj ; Mouvman pou fini ak vyolans sou fanm ak tifi ; Mouvman pou tout timoun jwenn bon kalite ledikasyon ; Mouvman pou pèmèt moun soti nan povrete ekstrèm. Pou operasyonalize vizyon sa yo, Depase Fwontyè yo mete kanpe twa (3) pwogram ki se : Inisyativ Kominote Modèl Riral (IKM Riral) ; Inisyativ Kominote Modèl Lavil (IKM Lavil) ; Repanse Pouvwa. Beyond Borders / Depase Fwontyè yo gen baz li nan Jakmèl, Pòtoprens ak La Gonâve, Ayiti ansanm ak yon ekip ki baze nan plizyè zòn Ozetazini ak Kanada. Li travay an kolaborasyon ak plizyè patnè atravè peyi an Ayiti.

Fondasyon an kolabore ak otorite lokal (Konsèy administrasyon kominal, KASEK, ASEK) pou devlope estrateji pou pwoteje timoun kont krim latrèt moun. Nan tout 6 seksyon nan komin Ansagalè, kominote yo fè kat sosyal,fè klasman nivo lavi, òganize gwoup dyalòg ESK. Travay sa a ap etann nan bouk Ansagalè.
Nan travay pou libere timoun ki nan eksplwatasyon ak nouvèl fòm esklavaj/latrèt moun, Beyond Borders/Depase Fwontye yo sipòte kominote yo ak fanmiy ki yo menm pran desizyon pou fasilite plizye santèn timoun retounen viv nan kominote yo ak nan fanmiy yo. BB/DF ede òganize granmoun ki te sibi pratik eksplwatasyon nan travay domestik.


Fonctions

Deskripsyon jeneral pòs la:
Fondasyon an ap chèche yon Animate mouvman kont eksplwatasyon timoun pou entegre ekip IKM Lagonav la. Ofisye pwoteksyon Timoun nan pral aplike pwogram Fondasyon an ki kadre ak misyon li genyen pou sipòte mouvman sosyal. L ap genyen pou: 1) kontribye nan konsyantizasyon, òganizasyon ak mobilizasyon kominote yo pou fini ak pratik eskplwatasyon timoun nan travay domestik/pratik restavèk la. 2) Ranfòse patenarya ak otorite lokal yo pou fini ak pratik eksplwatasyon timoun nan travay domestik.

Reskonsablite Kle:
1. Sipòte otorite lokal ak kominote yo pou fe ranmase done sou evolisyon seksyon ak kominote yo pa mwayen kat sosyal, nivo lavi, ankèt sou konesans, atitid ak pratik moun yo, anket sou byennet timoun.
2. Asire seksyon yo ak kominite yo genyen fasilitatè ak animatè metod ESK (Edikasyon Se Konvesasyon) TRS (Ti Rankont Sektè) ki byen fòme.
3. Fasilite pwosesis mizanplas Komite Ankadreman Timoun oubyen branch rezo sivivan nan kominote yo.
4. Fè dyagnostik kapasite oganizasyonèl, bati epi egzekite plan ranfòsman kapasite òganizasyonel pou branch rezo oubyen Komite Ankadreman Timoun yo.
5. Fe fomasyon oubyen fasilite fomasyon espesifik pou otorite lokal ak estrikti lokal yo parapo a bezwen yo genyen.
6. Fasilite kominote yo nan jwenn konesans sou pledwaye, bati epi egzekite plan pledwaye.
7. Fasilite reyalizasyon mobilizasyon kominote ( kwazad pou idantifye sivivan, kanpay zewo restavek) nan kominote
8. Sevi kòm pwen fokal mouvman kont eksplwatasyon timoun nan, nan seksyon kote kote li responsab.
9. Patisipe nan konsepsyon pwogram ak pwojè Fondasyon an.
10. Respèkte tout prensip administratif, finansyè ak jesyon Fondasyon an genyen.
11. Prepare rapò ki byen detaye regilyèman sèlon kondisyon Fondasyon ak bayè de fon yo mande.
12. Travay kòm manb ekip avèk tout estaf nan Fondasyon an.
13. Reprezante Fondasyon an nan divès milye.
14. Rete ouvè pou Nenpòt lòt responsablite ke Kòdinatè/tris Pwogram oubyen Dirèktè fondasyon an ka mande.


Qualifications Requises

Pwofil Kandida
Eksperyans ak Istorik
? Eksperyans travay nan animasyon kominotè, ranfòsman òganizasyonel ak mobilizasyon kominotè.
? Bon metriz zouti kat sosyal, metodoloji ESK.
? Omwens 3 lane eksperyans nan animasyon kominotè ak jesyon oganizasyon kominotè.
? Genyen pou pi piti Sètifika fen etid segondè. (etid inivèsitè nan domen syans sosyal se yon plis)
? Kapasite pou pran inisyatif epi motive tèt ou.
? Konesans sou pwoblèm dwa moun espesyalman latrèt moun.
? Byen fò nan Kreyòl ak Franse.

Konpetans ak Kalite Kle
? Fleksib avèk kapasite pou prezante enfòmasyon nan divès fason selon bezwen patisipan yo.
? Bon konpetans sou òdinatè (omwens bon metriz lojisyèl biwo : word, eksèl, power point).
? Ouvè pou vizite ak konekte ak tout kalte moun, ak tout kalte fwa ak relijyon, epi ki reprezante tout kouch sosyal, san diskriminasyon.
? Kreyatif avèk kapasite pou pran inisyativ.
? Alèz devan gwoup moun.
? Bon kapasite kominikasyon, ni pale ni ekri.
? Bon kapasite analiz.
? Kapasite pou jere plizyè aktivite ansanm, motive pou wè rezilta.
? Kapasite pou aprann vit nan eksperyans.
? Pale klè, kredib, konvenkan.
? Alèz nan travay kominote a epi avèk divès kalite moun.
? Konn byen boule ak moun.
? Alèz nan kominote riral yo.
? Kapasite adaptasyon nan anviwonman difisil.
? Kapasite pou kondui moto.


Conditions particulières

Beyond Borders / Depase Fwontyè yo se yon òganizasyon ki ofri menm opòtinite pou tout moun. Nou ankouraje moun andikape, fanm ak lòt gwoup ki marginalize moun pou aplike pou pozisyon sa a.


Conditions de travail

Du Lundi au Vendredi avec possibilité de travailler les Samedis de 8h am à 4h pm


Dossier de candidature doit avoir ...

Voye yon dosye ki gen ladan l : 1) yon lèt motivasyon ki montre entère w pou pòs la e kapasite ak eksperyans ou genyen ki bon pou pòs la ; 2) yon CV ; 3. tout lòt prèv sou fòmasyon ak travay ; ak 3) 3 bon referans pwofesyonèl. Voye dosye a nan adrès imel : rekritman@beyondborders.net Tanpri, sou liy sijè imel la : Kanditati-Ofisye-Pwoteksyon timoun. Dat limit pou soumèt yon aplikasyon konplè se 20 Out 2021. Sèlman kandida ki seleksyone pou pwochènn etap yo pral jwènn yon repons.


Envoyez à vos amis par


back top