Entwodiksyon:
Depase Fwontyè Yo se yon fondasyon kap travay pou kore mouvman sosyal ann Ayiti. Fondasyon sa vize kore
kat (4) mouvman prensipal nan peyi a : Mouvman pou libere timoun ki nan eksplwatasyon ak nouvèl fòm esklavaj ; Mouvman pou fini ak vyolans sou fanm ak tifi ; Mouvman pou tout timoun jwenn bon kalite ledikasyon ; Mouvman pou pèmèt moun soti nan povrete ekstrèm. Pou operasyonalize vizyon sa yo, Depase Fwontyè yo mete kanpe twa (3) pwogram ki se : Inisyativ Kominote Modèl Riral (IKM Riral) ; Inisyativ Kominote Modèl Lavil (IKM Lavil) ; Repanse Pouvwa. Beyond Borders / Depase Fwontyè yo gen baz li nan Jakmèl, Pòtoprens ak La Gonâve, Ayiti ansanm ak yon ekip ki baze nan plizyè zòn Ozetazini ak Kanada. Li travay an kolaborasyon ak plizyè patnè atravè peyi an Ayiti.
Nan travay pou libere timoun ki nan eksplwatasyon ak nouvèl fòm esklavaj/latrèt moun, Beyond Borders/Depase Fwontye yo sipote kominote yo ak fanmiy ki yo menm pran desizyon pou fasilite plizye santèn timoun retounen viv nan kominote yo ak nan fanmiy yo. BB/DF ede òganize granmoun ki te sibi pratik eksplwatasyon nan travay domestik. Pou kounye a genyen plizye santèn granmoun ki angaje nan Rezo Sivivan Restatvèk la. Timoun ki nan pwosesis liberasyon oubyen ki gentan retounen nan fanmiy yo, granmoun ki te viktim pratik eksplwatasyon nan travay domestik bezwen sipò sikolojik pou yo kapab geri anba twoma epi byen viv lavi yo nan tout dimansyon.
Fonctions
Deskripsyon jeneral pòs la:
Fondasyon an ap chèche yon Ofisye Akonpayman sikososyal pou entegre ekip IKM Lagonav ak Pòtoprens lan. Ofisye Akonpayman Sikososyal la pral aplike pwogram Fondasyon an ki kadre ak misyon li genyen pou sipòte mouvman sosyal. L ap genyen pou ranfòse kapasite otorite lokal yo, òganizasyon patnè Depase Fwontyè yo, kominote yo, Rezo Sivivan Restavèk yo, fanmiy yo pou asire akonpayman sikososyal timoun ki nan pwosesis liberasyon, timoun ki retounen nan fanmiy yo ak gran moun ki te viktim eksplwatasyon nan travay domestik/latrèt moun .
Reskonsablite Kle:
1. Konsevwa, kòdone ak egzekite travay Depase Fwontyè yo nan kesyon akonpayman sikososyal nan pwogram IKM lavil ak riral.
2. Analize wòl ak evalye kapasite Komite Pwoteksyon Timoun yo, Komite Ankadreman Timoun yo, branch rezo sivivan yo, fanmiy yo, otorite lokal yo nan pwosesis liberasyon ak reentegrasyon viktim pratik eksplewasyon timoun nan travay domestik.
3. Fè rechèch epi adapte nan ka sa nesesè metòd, teknik ak zouti pou akonpanye timoun ak granmoun ki twomatize apre yo fin viktim vyolans ak eksplwasyon/latrèt moun.
4. Sevi kòm pwen fokal epi jere aktivite fanmiy dakèy Depase Fwontyè yo ap egzekite.
5. Evalye epi revize dokiman fòmasyon (DDTJK) ekip IKM yo te konn itilize nan kesyon sikoloji.
6. Patisipe nan konsepsyon pwogram ak pwojè Fondasyon an.
7. Fè konsepsyon epi aplike zouti suivi ak evalyasyon aktivite ak pwojè yo.
8. Fè fòmasyon pou aktè yo sou aspè sikokolojik nan pwosesis liberasyon ak reentegrasyon viktim eksplwatasyon nan travay domestik/latrèt moun.
9. Akonpanye timoun ki viktim vyolans, timoun viktim latrèt moun ki nan pwosesis liberasyon oubyen ki retounen nan fanmiy yo.
10. Konsevwa epi egzekite aktivite ranfòsman kapasite ekip Depase Fwontyè yo, òganizasyon patnè, estrikti kominote yo ak otorite lokal yo.
11. Mete anplas yon sistèm jesyon ka timoun ki libere oubyen ki reentegre nan fanmiy yo.
12. Respèkte tout prensip administratif, finansyè ak jesyon Fondasyon an genyen.
13. Prepare rapò ki byen detaye regilyèman sèlon kondisyon Fondasyon ak bayè de fon yo mande.
14. Travay kòm manb ekip avèk tout estaf nan Fondasyon an.
15. Reprezante Fondasyon an nan divès milye.
16. Rete ouvè pou Nenpòt lòt responsablite ke Kòdinatè/tris Pwogram oubyen Dirèktè fondasyon an ka mande
Qualifications Requises
Pwofil Kandida
Eksperyans ak Istorik
? Eksperyans travay nan domèn sikoloji ak travay sosyal.
? Omwens 3 lane eksperyans nan akonpayman sikolojik, kòm travayè sosyal, sipòte moun ki viktim twoma.
? Diplome nan domèn sikoloji oubyen travayè sosyal.
? Kapasite pou pran inisyatif epi motive tèt ou.
? Konesans sou pwoblèm dwa moun espesyalman latrèt moun.
? Byen fò nan Kreyòl ak Franse (pale angle se yon diplis).
Konpetans ak Kalite Kle
? Fleksib avèk kapasite pou prezante enfòmasyon nan divès fason selon bezwen patisipan yo.
? Bon konpetans sou òdinatè (omwens bon metriz lojisyèl biwo : word, eksèl, power point).
? Ouvè pou vizite ak konekte ak tout kalte moun, ak tout kalte fwa ak relijyon, epi ki reprezante tout kouch sosyal, san diskriminasyon.
? Kreyatif avèk kapasite pou pran inisyativ.
? Alèz devan gwoup moun.
? Bon kapasite kominikasyon, ni pale ni ekri.
? Bon kapasite analiz.
? Kapasite pou jere plizyè aktivite ansanm, motive pou wè rezilta.
? Kapasite pou aprann vit nan eksperyans.
? Pale klè, kredib, konvenkan.
? Alèz nan travay kominote a epi avèk divès kalite moun.
? Konn byen boule ak moun.
? Alèz nan kominote riral yo.
? Kapasite adaptasyon nan anviwonman difisil.
? Kapasite pou kondwi moto.
Conditions de travail
Du Lundi au Vendredi avec possibilité de travailler les samedis de 8h am à 4h pm
Dossier de candidature doit avoir ...
Voye yon dosye ki gen ladan l : 1) yon lèt motivasyon ki montre entère w pou pòs la e kapasite ak eksperyans ou genyen ki bon pou pòs la ; 2) yon CV ; 3. tout lòt prèv sou fòmasyon ak travay ; ak 3) 3 bon referans pwofesyonèl. Voye dosye a nan adrès imel : rekritman@beyondborders.net Tanpri, sou liy sijè imel la : Kanditati-Ofisye-Akonpayman-Sikososyal. Dat limit pou soumèt yon aplikasyon konplè se 20 Out 2021. Sèlman kandida ki seleksyone pou pwochènn etap yo pral jwènn yon repons. Beyond Borders / Depase Fwontyè yo se yon òganizasyon ki ofri menm opòtinite pou tout moun. Nou ankouraje moun andikape, fanm ak lòt gwoup ki marginalize moun pou aplike pou pozisyon sa a.