Espesyalis Teknik nan devlopman Aktivite Ekonomik pou Pwogram CLM
Compagnie
Fondasyon Kole Zepol
Domaine
Management/Gestion, Finance, Comptabilité et Commerce
Spécialité
Management/Gestion
Date publication
30 Avril 2021
Date limite
7 Mai 2021
Pays
Haiti
Ville
Jacmel
Zone
Durée
Indéterminée
Introduction
Fondasyon FONKOZE se yon enstitisyon Ayisyen ki a bi non likratif ki kreye nan lane 1994 pa Pè Joseph Philiipe ak yon gwoup òganizasyon de baz ki gen rekonesans itilite piblik depi 2005. Fonkoze se yon fanmi òganizasyon k ap travay nan kole zepòl pou ofri sèvis finansye ak sèvis ki pa finansye pou tout Ayisyen – sitou fanm yo - jwenn mwayen pou yo retire fanmi yo nan lamizè
Fonctions
SIPEVIZE : Ekspè nan pwoteksyon sosyal ak “genre”
CLM, pwogran Fondasyon Fonkoze ki travay ak fanmi ki pòv anpil nan zòn rekile (riral) ak kèk katye nan lavil Jakmèl, deside rekrite yon moun ki kapab ede l gade kòman pwogram nan kapab ankadre fanmi sa yo pou yo konstwi chimen yo sou baz opòtinite ekonomik ki nan anviwonman yo. Pou soutni jefò fanmi sa yo ki deja genyen yon “coach” akonpayatè ki ap travay ak yo nan dinamik gwoup ak endividyèl. CLM bezwen yon Espesyalis ki kapab fokis sou koman jèn (16-20 lane) ak adilt yo kapab gen aksè a opòtinite ekonomik yo oswa konstwi yo ak tout kondisyon dirabilite ki nesesè.
Pòs la, se ap yon pòs plentan, epi Espesyalis pral entegre yon gwoup/ekip ki deja ap travay ak kèk lòt patnè, ak konsiltan ki ap fè kèk etid espesifik sou aksè jèn yo a devlopman filyè ekonomik epi konsiltan ki anchaje pou tabli “Club” pou jèn yo.
OBJEKTIF JENERAL
Ede pwogram CLM atenn objektif li yo, dapre misyon, filozofi, pwosedi Fonkoze pou fanmi manm CLM yo gen aksè pou patisipe nan aktivite ekonomik dirab;
OBJEKTIF ESPESIFIK
1. Koòdinasyon aktivite ki ap devlope kapasite fanmi CLM yo, prensipalman jèn ki soti nan fanmi sa yo, pou yo pwofite opòtinite ki genyen nan zòn sa pou asire yon revni ki pèmèt yo reponn a bezwen yo selon pwojè yo defini;
2. Patisipe nan komite pilotaj pou otonomizasyon ekonomik jèn yo ;
3. Planifye epi koòdone lojistik ak vizit echanj nan kad travay ki ap fèt ak konsiltan, patnè, ki fokis sou koneksyon ant fanmi CLM yo, espesyalman jèn fanmi sa yo ak filyè ekonomik ki ofri bon jan opotinite.
4. Asire bon dokimantasyon pwosesis devlopman aktivite ekonomik ak Club pou jèn pou fasilite elaborasyon rapò yo epi sitou pou pèmèt ektansyon pwogram nan.
5. Asire fomasyon estaf la pou li kapab konprann wòl li ak enplikasyon li nan developman aktivite ekonomik ki dirab pou manm CLM yo ak pitit yo (jèn 16-20 lane).
Tach jeneral
1. Devlope relasyon ak diferan aktè ki nan filyè yo nan travay koneksyon ant fanmi/jèn CLM yo ak aktè sa yo; epi fasilite rezolisyon difikilte ki ka parèt nan kad relasyon sa yo.
2. Patisipe nan etablisman yon sistem swivi sou evolisyon diferan aktivite yo ak diferan aktè yo epi siyale ki nouvo aktè ki ta dwe emèje nan kad devlopman koneksyon yo.
3. Devlope epi kenbe a jou yon sistem enfomasyon (pri, entran, mache, nouvo pwodui, nouvo aktè...) sou filyè kote manm CLM oswa pitit yo ka jwenn opotinite, an patikilye nan Sidès.
4. Idantifye nouvo filyè ki ka ofri lot opotinite pou manm/jèn CLM yo epi teste, analize opotinite sa yo ak manm/jèn CLM e si nesesè ak lòt aktè nan kominote kote yap viv yo.
5. Idantifye nan kad patenarya ak lot aktè nan zòn nan kòman aktivite manm yo kapab entegre aktivite ekonomik rantab e dirab ke patnè yo ap enplemante.
6. Kenbe bon jan kominikasyon ak Patnè nou yo ki enplike nan devlopman aktivite ekonomik manm/jèn CLM yo ta ka benefisye.
7. Fè deplasman sou teren pou vizite mamn CLM yo ak lòt aktè ki nan aktivite filyè yo a epi diskite, pran epi bay konsèy, fè rekòmandasyon ki ka pèmèt tout patisipan nan aktivite filyè yo reyisi nan mayon pa yo.
8. Idantifye epi prepare ansanm ak estaf Espesyalis sektoryèl yo, tout modil fòmasyon sou ekonomi ak mache sou tout filyè yo pou manm/jèn CLM yo ak diferan aktè nan filyè yo.
9. Fè fòmasyon pou estaf CLM nan sou aprantisaj ki fèt nan enplemantasyon aktivite ki devlope ak manm/jèn CLM yo oswa patnè nou yo.
Tach espesifik
• Asire Konsiltan ki rekrite nan kad devlopman CLUB ak aktivite ekonomik jèn yo ajou nan planifikasyon ak livrab yo.
• Asire kominikasyon ak estaf teren pwogram nan pou planifikasyon evènman ki genyen awè ak aktivite pou jèn, chak fwa yo dwe enplike.
• Vizite Club ak aktivite ekonomik jèn yo pou asire perimèt rezilta (kou, delè, kalite) ki pwopoze nan kad travay konsiltan yo respekte
• Pwodwi yon rapò sou planifikasyon/reyalizasyon livrab konsiltan yo ki angaje nan aktivite ak jèn yo chak mwa.
• Swiv epi dokimante tout travay konsiltan yo fè nan kad aktivite ekonomik ak Club pou jèn yo, rezime gwo leson pou pataje nan reyinyon estaf yo chak mwa.
• Planifye, ansanm ak administrasyon rejyonal sidès la, lojistik ki nesesè pou pèmèt sipèvizyon aktivite konsiltan yo nan kad “club” jèn yo e nan kad koneksyon jèn CLM yo ak aktivite ekonomik filyè yo.
Lot tach
• Ede nan verifikasyon final nouvo manm CLM k ap rantre nan pwogram nan.
• Patisipe nan fòmasyon manm/jèn CLM.
• Ede nan tout lòt tach sipevizè yo jije nesesè pou fè pwogram nan vanse nan bon direksyon
Qualifications Requises
Pwofil pou pòs la
Pwofesyonèl
1. Genyen lisans ou metriz nan Ekonomi, Agronomi oswa Jesyon
2. Genyen 3-5 lane eksperyans nan travay sou devlopman mache, marketing, oswa devlopman aktivite ekonomik ak popilasyon (endividi ou gwoup) pòv/vilnerab
3. Genyen bon kapasite pou kominike ak moun, sitou moun ki nan zòn riral yo, oswa nan katye popilè nan vil yo
4. Genyen eksperyans oubyen sansibilite sou koze « genre » nan aktivite ekonomik epi sou dinamik sosyal fanmi ki pòv yo
5. Genyen eksperyans (2 lane pou piti) nan travay sou sistèm suivi/evalyasyon
6. Genyen eksperyans nan animasyon seyans fomasyon, fokis gwoup, ak atelye aprantisaj
7. Konn pwodwi rapò ak dokiman ki genyen bon kalite nan lang kreyòl ak franse
8. Genyen eksperyans (2-3 lane) nan rechèch, espesyalman rechèch sou teren
9. Konn itilize zouti enfòmatik tankou : Word, Excel, Powerpoint ak platfòm elektwonik pou reyinyon.
Kalite pèsonèl
• Kreyatif, disipline epi onèt.
• Konprann sitiyasyon moun k ap viv nan povrete
• Genyen entèlijans emosyonèl / Kapab jere relasyon tansyon ak konfli moun ak moun
• Kapab viv nan zòn riral
• Kapab tabli bon relasyon ak moun
• Alèz pou travay sou motosiklèt, mache nan wout ki difisil
• Kapab travay anba presyon.
Conditions particulières
BAZ : Sidès men kapab travay, sou demand direksyon pwogram nan, tout kote pwogram nan
prezan.
Dossier de candidature doit avoir ...
o CV,
o lèt motivasyon,
o 2 referans pwofesyonèl
o kopi diplòm ak sètifika,