Entwodiksyon: Beyond Borders, ke yo rekonèt an Ayiti kòm “Fondasyon Depase Fwontyè yo” ap travay an Ayiti depi 1993. Beyond Borders / Depase Fwontyè yo ede sitwayen yo kreye mouvman an nan opresyon ak izolman Beyond Borders / Depase Fwontyè yo sipòte tout mouvman ki vize pou goumen kont sistèm "restavèk" la (esklavaj timoun), pou fasilite aksè nan edikasyon inivèsèl, pou goumen kont vyolans sou fanm ak tifi epi ranplase sistèm opresif pòv yo ak yon lòt. Sistèm ki sipòte travay dirab epi asire dirabilite. Beyond Borders / Depase Fwontyè yo aktyèlman ap aplike twa pwogram li yo: "Repanse Pouvwa" (elimine vyolans sou fanm ak tifi), "Inisyativ Kominote Modèl Riral (IKM) ak" Inisyativ Kominote Modèl Ibèn "(IKM). Beyond Borders / Depase Fwontyè yo gen baz li nan Jakmèl, Pòtoprens ak La Gonâve, Ayiti ansanm ak yon ekip ki baze nan plizyè zòn Ozetazini ak Kanada. Li travay an kolaborasyon ak plizyè patnè atravè peyi an Ayiti
Kore Tifi +: Beyond Borders / Depase Fwontyè yo ap lanse yon patenariya 4ran avèk Komisyon Ewopeyen an nan kad yon pwojè pou ankouraje dwa tifi adolesan yo. L ap kreye e pilote yon nouvo gid resous pou ajoute anndan metodoloji Kore Tifi li deja sèvi. Gid resous pral ranfòse kapasite ekonomik tifi yo pandan kominote a fè chanjman nòm sosyal pou anpeche vyolans sou fanm ak tifi atrave metodoloji Kore Tifi.
Kore Tifi konbine pwogram santre sou tifi ak mobilizasyon kominotè pou prevansyon de vyolans sou tifi. Li angaje tifi kòm lidè ak patisipan yo, ki pèmèt yo vin gwo lidè nan pwòp devlopman yo epi pou yo jwe yon pi gwo wòl nan lavi kominote yo. Kominote a tout antye (paran yo, lidè yo, manm kominote jeneral) ak lekòl kle yo angaje yo asire ke ti fi fè eksperyans ogmante nivo enklizyon ak sekirite nan anviwònman yo. Beyond Borders / Depase Fwontyè yo ap dirije pwojè pilòt la nan pwòp kominote enplemantasyon li yo nan Depatman Sidès ak an patenarya avèk yon lòt enstans pou fè pwojè pilòt la nan kominote sib nan Depatman Lwès la.
Fonctions
Deskripsyon jeneral pòs la : Ofisyèz Sipò Menntò a la pou asire ke pwojè a, nan premye tan, konsilte klèb tifi ki deja sou plas e kontribye nan devlopman Gid Resous Ekonomik la. Li ap mennen aktivite ak klèb tifi nan tout zòn yo selòn pwojè a, ak sipò Menntò yo, e kowòdone koneksyon yo ak lòt òganizasyon nan mouvman fanm ak nan kominote a. L ap asire yo jwenn fòmasyon sou pledwaye. Nan 2zyèm tan pandan pilòt Gid Resous Ekonomik la, l ap asire ke pwojè a genyen ase menntò klèb tifi ak kapasite y ap bezwen pou ankadre tifi nan klèb pa yo e swiv metodoloji Kore Tifi a. Ofisyèz la ap ba Menntò yo tout sipò yo bezwen, akonpanye yo pou pèmèt klèb tifi yo travay byen epi vin pi djanm. Li la pou fòme menntò yo, mennen yo, gide yo, sipèvize travay yo epi ede yo ranfòse kapasite yo e asire tout planifikasyon ki bezwen fèt pou bon mach klèb yo.
NB : Yon menntò se yon jèn fi ant 18 ak 30 lane ki bay tifi ki pi jèn sipò e ki sèvi kòm gid pou tifi yo nan kominote a. Li dwe yon manm kominote a, yon lidè solid ki genyen bon jan konfyans nan tèt li. Menntò a se yon moun ki dwe kapab itilize gid pwogram ki ekri pou fasilite rankont gwoup e ki kapab akonpanye tifi nan lavi yo e ki sèvi kòm modèl.
Reskonsabilite prensipal yo :
• Swiv fòmasyon pou chak Faz Kore Tifi
• Patisipe nan kreyasyon modil ekonomik
• Asire bon jan patisipasyon klèb tifi nan kreyasyon modil ekonomik
• Asire tout aktivite prensipal ki gen pou wè ak klèb tifi yo nan pwojè a
• Konprann travay k ap fèt nan nivo kominote e travay ansanm ak lòt manm Depase Fwontyè yo/ Beyond Borders ak rezo kominote yo pou amonize travay la ak travay tout metodoloji Kore Tifi ak lòt metodoloji ekip la anplwaye
• Asire planifikasyon ak kalandriye travay Menntò yo
• Planifye ak kondwi sesyon fòmasyon Menntò klèb tifi yo
• Fè rankont omwen 2 fwa pa mwa avèk menntò y oak lòt ankadreman Menntò yo kapab bezwen pou yo reyisi nan wòl yo
• Rete disponib pou Menntò ki nan pwogram nan, nan lè ki pa genyen rankont, sitou si genyen ijans.
• Fè vizit epi asire swivi konsènan aktivite klèb tifi yo
• Ranpli fòm aprantisaj ak evalyasyon pou klèb yo
• Fè rapò chak mwa bay sipèvizè a selon fòm ki tabli pou sa
• Tout lòt tach ki gen pou wè ak swivi, evalyasyon epi planifikasyon aktivite menntò yo nan klèb tifi yo
• Jere bidje ki gen pou wè ak Menntò yo ak klèb tifi yo ; asire bon jan planifikasyon ak itilizasyon fon ki gen pou wè ak pwojè a
• Metrize word, eksèl yon diplis
• Reprezante pwojè a nan divès milyè
• Deskripsyon tach sa pa konplè. Tout lòt responsabilite Beyond Borders/Depase Fwontyè yo jije nesesè pou Pwogram Pwoteksyon Timoun nan avanse ap fèt ak konsantman anplwaye a
Orè Pòs la kapab diferan paske klèb yo souvan fonksyone nan wikenn. Sa mande disponibilite omwens kèk jou nan biwo pandan Ofisyèz Sipò Menntò a fè plis travay nan wikenn.
Qualifications Requises
Kalifikasyon :
• Dwe yon fi/fanm
• Gen eksperyans ak konpetans nan travay nan domèn Vyolans sou Fanm ak Tifi ak/oubyen dwa tifi andikape
• Gen eksperyans travay avèk klèb Tifi/ "Espas pa m"
• Genyen eksperyans nan fasilite rankont gwoup, oubyen abitye fè fòmasyon nan sante seksyèl ak repwodiktif, nan prevansyon vyolans
• Abitye fè fòmasyon epi swiv gid fòmasyon
• Bon konpetans nan kominikasyon ekri epi pale Kreyòl/ abitye fè rapò aktivite
• Kapasite pou travay sou òdinatè
• Bon relasyon ak moun/kapab konprann moun
• Gwo kapasite pou tande moun/ pale ak moun
• Demontre respè pou tout moun nan tout sikonstans selòn kondisyon ki prezante yo
• Merite konfyans/ kapab travay an ekip e pou kont li
• Kapasite pou respekte fason lòt moun aprann epi gen pasyans
• Disponib e dispoze chak fwa sa mande sa anplis tan travay obligatwa
• Kapasite resevwa ak apresye kritik pou amelyore pèfòmans
• Kapab swiv enstriksyon, fè kalandriye epi monte ajennda
• Disipline, motive, onèt
• Abitye patisipe epi akonpanye menntò klèb tifi ("Espas Pa m") yon diplis
• Konnen metodoloji SASA!/Kore Tifi yon diplis
Conditions particulières
Beyond Borders / Depase Fwontyè yo se yon òganizasyon ki ofri menm opòtinite pou tout moun. Nou ankouraje moun andikape, fanm ak lòt gwoup ki marginalize moun pou aplike pou pozisyon sa a.
Conditions de travail
Lendi a vandredi avek posiblite pou travay samdi tou, soti 8è pou rive 4è.
Dossier de candidature doit avoir ...
Pwosèsis pou aplike pou pòs la :
Voye yon dosye ki gen ladan l : 1) yon lèt motivasyon ki montre entère w pou pòs la e kapasite ak eksperyans ou genyen ki bon pou pòs la ; 2) yon CV ; 3. tout lòt prèv sou fòmasyon ak travay ; ak 3) 3 bon referans pwofesyonèl. Voye dosye a nan adrès imel : rekritman@beyondborders.net. Tanpri, sou liy sijè imel la : Kanditati-Ofisyèz-Sipò-Menntò. Dat limit pou soumèt yon aplikasyon konplè se 26 Avril 2021. Sèlman kandida ki seleksyone pou pwochènn etap yo pral jwènn yon repons.