Search
Introduction

Entwodiksyon
“Fondasyon Depase Fwontyè” etabli an Ayiti depi 2015 pa Beyond Borders, yon ONG Ameriken kap travay an Ayiti depi lane 1993. Depase Fwontyè yo ede moun konstwi mouvman pou yo soti tèt yo nan opresyon ak izolman. Depase Fwontyè yo soutni tout mouvman ki genyen kòm objektif pou konbat sistèm restavèk la (esklavaj Timoun), fasilite tout moun jwenn aksè ak edikasyon inivèsèl, lite kont vyolans kap fèt sou fanm ak tifi epi ranplase sistèm k’ap peze pòv yo ak yon lòt sistèm ki soutni travay diy epi ki bay dirab.
Aktivite Depase Fwontyè yo reyalize direkteman ak estaf li an epi tou nan tèt kole ak lòt òganizasyon ki se patnè lokal li yo. Lap egzekite twa (3) pwogram li genyen yo ki se: Repanse Pouvwa (elimine vyolans kap fèt sou fanm ak tifi), Inisyativ Kominote Modèl (IKM) Riral ak Inisyatif Kominote Modèl (IKM) Ibènn.


Fonctions

Objektif pòs la
Depase Fwontyè yo ap chache yon Asistan Finansye kalifye, ekspèrimante pou sipòte Depatman Finans lan nan diferan tach nan biwo Pòtoprèns, biwo pwovens li yo ak diferan patnè li yo.

Reskonsablite
Asistan Finans lan ap gen pou li travay sou sipevizyon direk Koòdonatè Finansye a nan ekzekisyon tach li yo. Li reskonsab pou li verifye egzaktitid ak fiabilite tout depans ki fèt anndan òganizasyon an, lap gen pou li verifye rapò finansye patnè yo, asire swivi ak patnè nou yo, asire travay kontwol nan diferan biwo nou yo "Jakmel, Lagonav",Asire ke tout depans Oganizasyon an fèt nan respè politik oganizasyon an ak politik bayè nou yo,asistan Finansye a ap gen pou li prepare demand Lajan pou biwo Pòtoprèns lan ak pou tout patnè yo. Ede nan swivi odit nan òganizasyon an.

Kontab la dwe egzekite tach sa yo:
• Prepare konsilyasyon bankè chak mwa pou tout kont Depase Fwontyè nan biwo Pòtoprèns, epi asire ke tout lot kont Depase Fwontyè yo byen konsilye an kolaborasyon ak kontab pwojè yo.
• Asire ke tout kont Oganizasyon an byen konsilye chak fen mwa epi asire ke montan ki sou sistèm "DF" reflete vre vale li pa rapò ak realite a
• Trete epi soumèt bay Koòdonate Finansye a chak trimès rapo ke patnè yo, e fè yon analyz sou chak liy depans yo.
• Tabli yon previsyon depans an kolaborasyon ak kontab pwojè yo chak trimès e soumèt li bay koòdonate finansye a.
• An kolaborasyon ak Koòdonate Finansye a asire ke tout swivi sou odit Oganizasyon an fèt.
• Sou sipèvizyon Kòodonate Finans lan, Verifye konfomite tout depans ki fèt yo nan respe “PCGR” ak nom kontwòl enten yo.
• Finalize, epi fè swivi dosyefinans yo.
• Pase ekriti jounalye yon an sistèm nan lè sa nesesè.
• Byen jere dosye finans yo pou fasilite odit yo fèt avèk siksè epi ede nan realizasyonodit yo.
• Patisipe nan tout rankont finans lè sa nesesè
• Patisipe nan preparasyon bidjè pou òganizasyon an ak patnè yo.
• Sou sipèvizyon Kòodonate Finans lan, Asire swivi dekesman ak Patnè yo.
• Asire tout swivi nan kad deplasman Direktè Biwo an kolaborasyon avèk lojistik.
• Prepare tout rekizisyon kap fèt pou depatman finans ak pou direksyon.
• Tout lòt responsabilite Fondasyon Depase Fwontyè yo jije nesesè pou Pwogram yo avanse ap fèt ak konsantman konsiltan an


Qualifications Requises

Kalifikasyon

• Etid an kontabilite/jesyon
• Pase o mwens 4 an ap travay nan yon domèn konsa
• Genyen konesans nan Odit ak kontwòl entenn.
• Genyen kapasite pou itilize lojisyèl de biwo tankou Word ak Excel, se yon obligasyon pou pòs la.
• Metrize lojisyèl Quickbooks, se yon obligasyon pou pòs la.
• Genyen kapasite pou ekri rapò
• Genyen konesans sou jesyon pwojè
• Genyen kapasite pou kominike byen
• Kapasite pou travay sou presyon epi respekte delè nan yon aviwonman difisil
• Kapasite pou Travay an ekip epi Devlope bon relasyon moun ak moun
• Kapasite pou jere avèk diskresyon enfomasyon ki sansib oswa konfidansyèl
• Eksperyans travay avèk ONG oubyen òganizasyon charite
• Angaje pou fè pwomotion egalite ak divèsite


Conditions particulières

Depase Fwontyè, se yon anplwayè ki ofri menn opòtinite a tout moun. Nou ankouraje moun ki ap viv ak yon andikap, fanm ak manm gwoup ki depi lontan ki majinalize yo aplike


Conditions de travail

Lendi a vandredi de 8è a 4è avek posiblite pou travay samdi tou.


Dossier de candidature doit avoir ...

Nou ankouraje kandida ki enterese yo pou yo soumèt :
• CV
• Kopy lisans ak lot diplòm
• yon lèt motivasyon
• tout lòt dokiman ki prouve fòmasyon l ak eksperyans travay li
• 3 referans pwofesyonèl


Envoyez à vos amis par


back top