Management/Gestion, Finance, Comptabilité et Commerce
Spécialité
Gestion Financière
Date publication
31 Aout 2020
Date limite
11 Sept 2020
Pays
Haiti
Ville
Petion-Ville
Zone
Delmas 68
Durée
Déterminée
Introduction
“Fondasyon Depase Fwontyè” etabli an Ayiti depi 2015 pa Beyond Borders, yon ONG Ameriken kap travay an Ayiti depi lane 1993. Depase Fwontyè yo ede moun konstwi mouvman pou yo soti tèt yo nan opresyon ak izolman. Depase Fwontyè yo soutni tout mouvman ki genyen kòm objektif pou konbat sistèm restavèk la (esklavaj Timoun), fasilite tout moun jwenn aksè ak edikasyon inivèsèl, lite kont vyolans kap fèt sou fanm ak tifi epi ranplase sistèm k’ap peze pòv yo ak yon lòt sistèm ki soutni travay diy epi ki bay dirab.
Aktivite Depase Fwontyè yo reyalize direkteman ak estaf li an epi tou nan tèt kole ak lòt òganizasyon ki se patnè lokal li yo. Lap egzekite twa (3) pwogram li genyen yo ki se: Repanse Pouvwa (elimine vyolans kap fèt sou fanm ak tifi), Inisyativ Kominote Modèl (IKM) Riral ak Inisyatif Kominote Modèl (IKM) Ibènn.
Objektif pòs la
Depase Fwontyè yo ap chache yon Asistan Finansye kalifye, ekspèrimante pou sipòte Depatman Finans Pòtoprèns lan nan diferan tach nan biwo Pòtoprèns ak diferan patnè nou yo.
Fonctions
Reskonsablite
Asistan Finans lan ap gen pou li travay sou sipevizyon direk Reskonsab Finans lan nan ekzekisyon tach li yo. Li reskonsab pou li verifye egzaktitid ak fiabilite tout depsna ki fet anndan òganizasyon an, lap gen pou li verifye rapò finansye patne yo. Asistan finansye a ap gen pou li asire yon bon jesyon ti kès. Asistan Finansye a ap gen pou li prepare demand Lajan pou biwo Pòtoprèns lan ak pou tout patnè yo. Ede nan swivi odit nan òganizasyon an.
Kontab la dwe egzekite tach sa yo:
• Prepare konsilyasyon bankè chak mwa pou tout kont Depase Fwontyè nan biwo Pòtoprèns.
• Sou sipèvizyon Kòodonate Finans lan, Verifye konfomite tout depans ki fet yo nan respe “PCGR” ak nom kontwòl enten yo.
• Asiste nan fè jesyon pewòl.
• Kreye, finalize, epi fè swivi dosyefinans yo..
• Asiste nan prepare rapò pou aktivite pwogram yo
• Pase ekriti jounalye yon an sistèm nan lè sa nesesè.
• Byen jere dosye finans yo pou yo kapab odite avèk fasite epi travay ak oditè yo
• Patisipe nan tout rankont finans lè sa nesesè
• Patisipe nan preparasyon bidje pou òganizasyon an ak patnè yo.
• Sou sipèvizyon Kòodonate Finans lan, Asire swivi dekesman ak Patnè yo.
• Asire tout swivi nan kad deplasman Direktè Biwo a.
• Prepare tout rekizisyon kap fèt pou depatman finans ak pou direksyon.
• Tout lòt responsabilite Fondasyon Depase Fwontyè yo jije nesesè pou Pwogram yo avanse ap fèt ak konsantman konsiltan an
Qualifications Requises
Kalifikasyon
• Etid an kontabilite/jesyon
• Pase o mwens 4 an ap travay nan yon domèn konsa
• Genyen konesans nan Odit ak kontwòl entenn.
• Genyen kapasite pou itilize lojisyèl de biwo tankou Word ak Excel, se yon obligasyon pou pòs la.
• Metrize lojisyèl Quickbooks, se yon obligasyon pou pòs la.
• Genyen kapasite pou ekri rapò
• Genyen konesans sou jesyon pwojè
• Genyen kapasite pou kominike byen
• Kapasite pou travay sou presyon epi respekte delè nan yon aviwonman difisil
• Kapasite pou Travay an ekip epi Devlope bon relasyon moun ak moun
• Kapasite pou jere avèk diskresyon enfomasyon ki sansib oswa konfidansyèl
• Eksperyans travay avèk ONG oubyen òganizasyon charite
• Angaje pou fè pwomotion egalite ak divèsite
Conditions particulières
Depase Fwontyè, se yon anplwayè ki ofri menn opòtinite a tout moun. Nou ankouraje moun ki ap viv ak yon andikap, fanm ak manm gwoup ki depi lontan ki majinalize yo aplike
Conditions de travail
Se yon kontra travay a tan pasyèl, anplwaye a ap gen pou li travay 24è tan nan semèn nan se sipèvizè li kap detèmine orè semèn travay la. Men a tan plen Fondasyon Depase Fwontyè travay lendi a vandredi avèk posiblite pou travay samdi tou de 8è nan maten a 4è nan aprè midi.
Dossier de candidature doit avoir ...
Nou ankouraje kandida ki enterese yo pou yo soumèt :
• CV
• Kopy lisans ak lot diplòm
• yon lèt motivasyon
• tout lòt dokiman ki prouve fòmasyon l ak eksperyans travay li
• 3 referans pwofesyonèl