Search
Introduction

Depase Fwontyè Yo se yon fondasyon kap travay pou kore mouvman sosyal ann Ayiti. Fondasyon sa vize kore senk (5) mouvman prensipal nan peyi a : Mouvman pou libere timoun ki nan eksplwatasyon ak esklavaj ; Mouvman pou fini ak vyolans sou fanm ak tifi ; Mouvman pou tout timoun jwenn bon kalite ledikasyon ; Mouvman pou pèmèt moun soti nan povrete ekstrèm ; Mouvman pou chanje vizyon misyonè etranje sou peyi Dayiti. Pou operasyonalize vizyon sa yo, Depase Fwontyè yo mete kanpe twa (3) pwogram ki se : Inisyativ Kominote Modèl Riral (IKM Riral) ; Inisyativ Kominote Modèl Lavil (IKM Lavil) ; Repanse Pouvwa.
Nan travay pou sipòte mouvman pou timoun jwenn bon kalite ledikasyon, Inisyativ Kominote Modèl nan Lagonav travay men nan men ak Meri Ansagalè, KAZEK ak AZEK nan 6 seksyon komin Ansagalè a, biwo enpeksyon eskolè Ministè Edikasyon Nasyonal mete pou zile a, ONG ak rezo lekòl
Pwofil Pozisyon an:
Fondasyon an ap chèche yon Ofisye Edikasyon pou entegre ekip IKM Lagonav la. Ofisye Edikasyon an pral aplike pwogram Fondasyon an ki kadre ak misyon li genyen pou sipòte mouvman sosyal. L ap genyen pou mete ansanm aktè ki enplike nan edikasyon sou zile a pou idantifye pwoblèm, chache solisyon pou amelyore kalite edikasyon an ak pèmèt tout timoun ale lekol. Manm estaf la ap travay sou otorite Kòdinatè/tris Pwogram Inisyativ Kominote Modèl la.


Fonctions

1. Etabli bon relasyon ak tout aktè enpòtan kesyon edikasyon sou zile a konsène.
2. Patisipe nan konsepsyon pwogram ak pwojè Fondasyon an.
3. Egzekite kad lojik ak bidjè mouvman edikasyon an sou zile a.
4. Fè konsepsyon epi aplike zouti suivi ak evalyasyon aktivite ak pwojè yo.
5. Aplike zouti evalyasyon mouvman sosyal fondasyon an adapte.
6. Fasilite reyinyon aktè edikasyon yo nan nivo seksyon ak komin yo sou lidèchip KAZEK yo ak enspeksyon eskolè a.
7. Sipòte aktivite ranfòsman kapasite enspeksyon eskolè Ministè Edikasyon Nasyonal la.
8. Sipòte otorite lokal yo ak enspeksyon eskolè a nan inisyativ yo ap pran pou amelyore kalite edikasyon an epi pèmèt tout timoun ale lekòl.
9. Kòdone aktivite pledwaye ki marye ak mouvman edikasyon an.
10. Òganize seminè pou ranfòse kapasite aktè yo.
11. Aplike epi kòdone aktivite yo selon plan fondasyon an.
12. Travay omwen 40 è tan pa semèn, epi rete fleksib si yon aktivite tonbe nan yon lè wikenn oswa nan swa tanzantan.
13. Respèkte tout prensip administratif, finansyè ak jesyon Fondasyon an genyen.
14. Prepare rapò ki byen detaye regilyèman sèlon kondisyon fondasyon ak bayè de fon yo mande.
15. Travay kòm manb ekip avèk tout estaf nan fondasyon an.
16. Reprezante fondasyon an nan divès milye.
17. Rete ouvè pou Nenpòt lòt responsablite ke Kòdinatè/tris Pwogram oubyen Dirèktè fondasyon an ka mande.


Qualifications Requises

PWOFIL KANDIDA
Eksperyans ak Istorik
- Eksperyans travay nan domèn edikasyon ak animasyon kominotè.
- Omwens 5 ane eksperyans nan jesyon pwojè edikasyon, animasyon kominotè, anseyman oubyen jere lekòl.
- Diplome nan yon domèn syans sosyal tankou : syans edikasyon, sikoloji oubyen sosyoloji.
- Kapasite pou pran inisyatif epi motive tèt ou.
- Konesans sou pwoblèm dwa moun espesyalman dwa edikasyon.
- Byen fò nan Kreyòl ak Franse.

Konpetans ak Kalite Kle
- Fleksib avèk kapasite pou prezante enfòmasyon nan divès fason selon bezwen patisipan yo.
- Bon konpetans sou òdinatè (omwens bon metriz lojisyèl biwo : word, eksèl, power point).
- Ouvè pou vizite ak konekte ak tout kalte moun, ak tout kalte fwa ak relijyon, epi ki reprezante tout kouch sosyal, san diskriminasyon.
- Kreyatif avèk kapasite pou pran inisyativ.
- Alèz devan gwoup moun.
- Bon kapasite kominikasyon, ni pale ni ekri.
- Bon kapasite analiz.
- Kapasite pou jere plizyè aktivite ansanm, motive pou wè rezilta.
- Kapasite pou aprann vit nan eksperyans.
- Pale klè, kredib, konvenkan.
- Alèz nan travay kominote a epi avèk divès kalite moun.
- Konn byen boule ak moun.
- Alèz nan kominote riral yo.
- Kapasite adaptasyon nan anviwonman difisil.
- Kapasite pou kondui moto.


Conditions particulières

NB : Nou kapab depoze dosye yo nan adres sa : Nan Jozen Ansagalè pou pita Vandredi kap 11 Septanm 2020 avan 4è nan aprè midi, oubyen voye li nan adres
imel sa : rekritman@beyondborders.net.
Lè ou ap depoze kandidati ou, sonje mete sou anvlòp la “Ofisye Edikasyon” si se pa imel mete li nan tit la.


Conditions de travail

Lendi a Vandredi de 8h am a 4h pm avèk posiblite pou travay Samdi.


Dossier de candidature doit avoir ...

- Yon CV
- Yon lèt ki eksplike motivasyon ou pou pòs la
- 2 referans pwofesyonèl ( Non yo, nimewo telefòn yo ak adrès imèl yo
- Yon pyès idantite
- Prèv travay pase


Envoyez à vos amis par


back top