Search
Introduction

Fondasyon FONKOZE se yon enstitisyon Ayisyen ki a bi non likratif ki kreye nan lane 1994 pa Pè Joseph Philiipe ak yon gwoup òganizasyon de baz ki, gen rekonesans itilite piblik depi 2005. Fonkoze se yon fanmi òganizasyon k ap travay nan kole zepòl pou ofri sèvis finansye ak sèvis ki pa finansye pou tout Ayisyen – sitou fanm yo - jwenn mwayen pou yo retire fanmi yo nan lamizè


Fonctions



OBJEKTIF AKSYON : Yon pi bon nitrisyon avèk yon pi bon santé pou manm Fonkoze avèk kominote yo. Pou rive la Aksyon ap reyalize on seri entèvansyon tankou :

• Rekonèt, suiv avèk trete tout moun ki soufri malnitrisyon

• Sipote moun nan kominote lwen yo pou yo resevwa konesans avèk kapasite pou yo kenbe malnitrisyon a lwen, lwen fanmi yo, lwen kominote yo



OBJEKTIF PÒS LA :

- Sipote moun nan kominote lwen yo pou yo resevwa konesans avèk kapasite pou yo ogmante pwodiksyon yo déjà jwenn nan jaden yo oswa nan grandi zannimo tankou poul, kabrit oswa kochon.

- Oganize gwoup moun ki enterese yo pou aktivite pou ogmante kalite pwodiksyon yo vin tounen on aktivite ki ka rete kanpe san kòb pwojè

TRAVAY CHAK JOU:

Nan kolaborasyon avek Enstitisyon ki ap mete estrateji a an plas :

• Prepare yon plan daksyon anyèl ki entegre tout entèvansyon ki prevwa nan Aksyon pou pwodiksyon riral

• Asire yon bon jesyon operasyon aktivite pwodiksyon riral yo sou teren nan respè prensip Aksyon ak Fonkoze

• Sipèvize tout sèvis pwodiksyon riral yo, sa vle di: fomasyon, kotchin nan jaden demonstrasyon yo, pwomosyon antreprenarya pou dirabilite, relasyon avèk lot aktè sou teren a pou yon entevansyon konplemante, asirans kalite avèk rezilta travay pwodiksyon riral la

• Fè lyen avèk tout aktè konsène yo, sa vle di enstitisyon leta yo tankou Ministè Agrikilti, lòt enstitisyon avèk pwojè ki entèvni nan menm zòn yo, òganizasyon peyizan. Kit fi kit gason ki ap opere nan zòn nan epi tout lòt patnè ki pètinan.



SWIVI AVEK EVALYASYON an kolaborasyon avèk responsab suivi avèk evalyasyon a:

• Defini avèk swiv endikatè spesifik yo

• Mete anplas fòm rapò yo

• Analize tout enfòmayon ki resevwa, emèt rekomandasyon, epi prezante yo nan nivo COP la pou yon priz de desizyon an ekip

• Vizite teren pou sipèvizyon

• Oganize vizit teren lòt patisipan nan pwogram la tankou evalyatè, lidèchip, etc..

• Dokimante eksperyans yo pou pataje leson apriz



RAPÒ:

• Revize rapò enstitisyon patnè yo, epi prepare epi remèt tout rapò (teknik ak finansye) an akò avèk aktivite pwodiksyon riral yo epi avèk kalandriye rapòtaj la

• Travay avek kontab la avek administrasyon a pou garanti on bon jesyon finans pou aktivite pwodiksyon riral yo.



ADMINISTRASYON

• Patisipe ak COP la nan preparasyon bidjè anyèl depatman sante a.

• Tabli bonjan relasyon ak Direktè Branch yo pou fasilite kominikasyon ansanm ak distribisyon materyèl pwogram lan.

• Koòdone ak lòt entèvansyon Fonkoze yo pou asire ke aksyon kap poze yo konplemantè youn ak lòt pou sèvis menm kliyan yo

• Asire jesyon materiel pwogram la yon jan pou tout ekip la gen resous pou li travay san pa gen gaspiyaj



JESYON RESOUS IMEN

LÒT TACH

• Promouvwa misyon sosyal Fonkoze-a

• Fè tout lòt aksyon COP la Mande ki an rapò ak pwodiksyon riral





?




Qualifications Requises

Pwofil ak konpetans

ETID : Diplòm inivèsitè nivo lisans nan yon domèn agrikilti oswa devlopman riral + metriz oswa 10 lane eksperyans travay nan peyi a

EKSPERYANS : 5 lane eksperyans nan yon pòs lidèchip pou jesyon pwogram devlopman kominotè avèk pratik nan planifikasyon, evalyasyon, jesyon bidjè, Jesyon rezo, edikasyon granmoun.

KONPETANS :
• Lidèchip, espri ekip ak inisyativ
• Kapasite pou travay avèk tout kouch sosyal
• Entegrite ak respè pou moun
• Sansibilite pou dwa moun avèk dwa fanm
• Metrize zouti biwotik : word, excell, power point,
• Kapasite pou li, ekri ak pale byen Kreyòl ak Franse. Li avantaje si li konn angle tou.
• Kapasite fizik avèk disponibilite pou travay nan zòn difisil ki mande mache a pye oswa fè anpil tan sou moto
• Kapasite pou travay de fason endepandan
• Kapasite pou bay pèfomans sous baz objektif


Conditions de travail

être capable de travailler a Port-au-Prince comme dans les villes de province


Dossier de candidature doit avoir ...

CV
Copies des diplômes
Lettre de Motivation
2 references


Envoyez à vos amis par


back top