Search
Introduction

Entwodiksyon
“Fondasyon Depase Fwontyè” etabli an Ayiti depi 2015 pa Beyond Borders, yon ONG Ameriken kap travay an Ayiti depi lane 1993. Depase Fwontyè yo ede moun konstwi mouvman pou yo soti tèt yo nan opresyon ak izolman. Depase Fwontyè yo soutni tout mouvman ki genyen kòm objektif pou konbat sistèm restavèk la (esklavaj Timoun), fasilite tout moun jwenn aksè ak edikasyon inivèsèl, lite kont vyolans kap fèt sou fanm ak tifi epi ranplase sistèm k’ap peze pòv yo ak yon lòt sistèm ki soutni travay diy epi ki bay dirab.
Aktivite Depase Fwontyè yo reyalize direkteman ak estaf li an epi tou nan tèt kole ak lòt òganizasyon ki se patnè lokal li yo. Lap egzekite twa (3) pwogram li genyen yo ki se: Repanse Pouvwa (elimine vyolans kap fèt sou fanm ak tifi), Inisyativ Kominote Modèl (IKM) Riral ak Inisyatif Kominote Modèl (IKM) Ibènn.


Fonctions

Objektif pos la
Depase Fwontyè yo ap chache yon Assistant Finans kalifye, ekspèrimante pou sipòte Depatman Finans nan Lagonav

Reskonsablite Kontab la
Kontab la ap gen pou li asiste Reskonsab Finans lan nan ekzekisyon tach li yo. Li reskonsab pou li kontabilize tout tranzaksyon kap fèt anndan òganizasyon an, lap gen pou li bay rapò finansyè pwogram sa epi jere kès yo a. Kontab la ap gen pou li prepare pewòl estaf yo epi peye DGI, ONA ak OFATMA tou. Kontab la dwe asire ke Depase Fwontyè yo respekte nòm kontab nasyonal ak entènasyonal ak pwosèdi jesyon finans Fondasyon Depase Fwontyè yo tabli.

Kontab la dwe egzekite tach sa yo:
• Fè kontabilite tout transkasyon pou pwogram nan Lagonav
• Prepare rapò finansye swivan bezwen
• Asiste nan fè jesyon pewòl
• Kreye, finalize, epi fè swivi dosye finans yo
• Asiste nan prepare rapò pou aktivite pwogram yo
• Fe rekonsilyasyon kont bank yo chak mwa
• Peye Taks: DGI, ONA, OFATMA ak Asirans Sante nan dat sa dwe fèt la
• Pase ekriti jounalye yo nan yon sistèm kontab (Quickbooks)
• Byen jere dosye finans yo pou yo kapab odite avèk fasite epi travay ak oditè yo
• Asire ke tout dokiman finans yo byen klase
• Patisipe nan tout rankont finans lè sa nesesè
• Patisipe nan tout rankont planifikasyon ak evalyasyon ak ekip IKM Lagonav
• Tout lòt responsabilite Fondasyon Depase Fwontyè yo jije nesesè pou Pwogram yo avanse


Qualifications Requises

Kalifikasyon
• Etid an kontabilite/jesyon
• Pase o mwens 3 zan ap travay nan yon domèn konsa
• Genyen konesans nan fiskalite Ayisyèn nan
• Genyen kapasite pou itilize lojisyèl de biwo tankou Word ak Excel
• Metrize lojisyèl Quickbooks
• Genyen kapasite pou ekri rapò
• Genyen konesans sou jesyon pwojè
• Genyen kapasite pou kominike byen
• Genyen yon bòn konesans Kòd Travay Ayisyen an
• Kapasite pou travay sou presyon epi respekte delè nan yon aviwonman difisil
• Kapasite pou Travay an ekip epi Devlope bon relasyon moun ak moun
• Kapasite pou jere avèk diskresyon enfomasyon ki sansib oswa konfidansyèl
• Eksperyans travay avèk ONG oubyen òganizasyon charite
• Angaje pou fè pwomotion egalite ak divèsite

Depase Fwontyè, se yon anplwayè ki ofri menn opòtinite a tout moun. Nou ankouraje moun ki ap viv ak yon andikap, fanm ak manm gwoup ki depi lontan ki majinalize yo aplike


Conditions de travail

Lendi a vandredi avek posiblite pou travay samdi, de 8è a 4è


Dossier de candidature doit avoir ...

Nou ankouraje kandida ki enterese yo pou yo soumèt :
• CV
• yon lèt motivasyon
• tout lòt dokiman ki prouve fòmasyon l ak eksperyans travay li
• 3 referans pwofesyonèl
nan kourye elèktronik sa: rekritman@beyondborders.net. Tanpri mete nan tit imèl la : Kontab Lagonav
Dat limit pou soumet dosye yo pou pi ta 17è00 jou kap vandredi 03 Janvye 2020. Se selman kandida ki preselèksyone yo ke nou ap kontakte.


Envoyez à vos amis par


back top