Search
Introduction




Fondasyon FONKOZE se yon enstitisyon Ayisyen ki a bi non likratif ki kreye nan lane 1994 pa Pè Joseph Philiipe ak yon gwoup òganizasyon de baz ki gen rekonesans itilite piblik depi 2005. Fonkoze se yon fanmi òganizasyon k ap travay nan kole zepòl pou ofri sèvis finansye ak sèvis ki pa finansye pou tout Ayisyen – sitou fanm yo - jwenn mwayen pou yo retire fanmi yo nan lamizè



Fonctions

Objektif
Akonpaye manm CLM pwogram nan mete sou responsabilite w pou yo rive genyen konfyans nan tet yo, pou yo devlope epi jere aktivite ekonomik pou retire tèt yo nan lamizè.

Tach espesifik

? Òganize reyinyon pou fè PWR, trase kat zòn nan, anrejistre tout enfòmasyon ki soti nan yon seyans PWR, lokalize, idantifye epi fè seleksyon moun ki kalifye pou pwogram CLM
? Fè seleksyon antrepriz pou Manm yo, fè fòmasyon pou yo epi prepare yo pou yo resevwa aktif yo
? Akonpaye Manm yo, pou yo evalye tèt yo, defini objektif lavi yo epi angaje yo pou yo atenn objektif yo selon lòd priyorite yap diskite ak ou; pandan wap asire yo gen kapasite pou kontinye planifye pou kont yo apre grdyasyon.
? Prepare orè pou semèn nan epi fè omwens yon vizit pa semèn ki dwe dire pou pi piti 30 minit ansanm ak Manm nan
? Fè vizit regilye lakay Manm nan pou asire yo byen epi aktivite yap mennen yo byen epi an sekirite.
? Idantifye pwoblèm Manm yo ki gen pou wè ak devlopman aktivite yo epi ak fanmi yo, ede yo fè plan pou rezoud yo.
? Asire revni ak depans nan antrepriz yo byen diskite ak kalkile
? Idantifye pwoblèm pèsonèl Manm yo ka genyen epi ede yo jwen fason pou rezoud yo rapidman. Si sa depase oumenm, kontakte sipèvizè w pou l ede w.
? Prepare tout rapò biwo direksyon pwogram nan mande epi remèt li bay sipevizè w lè li mande sa.
? Bay Manm yo konsèy epi ede yo pran desizyon sou kòman pou yo pran swen aktif yo epi itilize yo pou amelyore kondisyon lavi yo.
? Ekri tout detay sou sa ki diskite avèk manm CLM nan plis rezilta ki soti nan diskisyon ki te fèt, nan kaye manm nan ak sou tablèt ou telefòn ki genyen aplikasyon pou sa, pwogram nan remèt ou a.
? Patisipe nan montaj KDK ak AVEK yo.
? Bay manm CLM yo fòmasyon ak enfòmasyon sou kòman pou yo jere aktif yo.
? Òganize epi patisipe regilyèman nan reyinyon KDK an ak AVEK yo.
? Etabli bòn relasyon ak tout ONG ak moun nan pwogram gouvènmantal kap travay nan zòn nan pou fasilite manm yo gen aksè ak sèvis oswa pwodwi enstans sa yo ofri pou kominote a.
? Fè tout sa ki nesesè pou asire reyisit tout manm CLM yo ak antrepriz yo.

Lòt Tach :

? Patisipe nan evalyasyon manm nan pwogram nan nenpòt lòt zòn, selon sa direksyon an deside
? Patisipe nan tout lòt aktivite jeneral (gradyasyon, lansman, fòmasyon, reyinyon atelye retrèt) nan pwogram nan nenpòt zòn pwogram nan ye, selon sa direksyon an deside.
? Patisipe nan tout lòt tach sipevizè a mande w ki nan kad travay pwogram nan.


Qualifications Requises

Kalifikasyon :

? Fini lekòl epi kòmanse nan domèn sosyal, ekonomik oswa jesyon
? Genyen pou pi piti yon lane eksperyans nan yon travay ki gen awè ak akonpaye, fòme moun ; devlopman aktivite ekonomik ; ankadre moun ki pòv.
? Genyen bon konesans de zòn Sidès ak reyalite povrete nan zon nan prensipalman komin Marigot ak Jakmèl.
? Genyen eksperyans nan fè fòmasyon ak peyizan oswa moun defavorize nan vil
? Genyen abitid evolye nan zòn difisil tankou nan mòn oswa katye lavil defavorize.
? Kapab pale epi ekri Kreyòl ak fransè.
? Kapab kondwi yon moto siklèt sowa genyen motivasyon pou aprann.


Pwofil
? Onèt, genyen espri ekip
? Konprann moun
? Kapasite pou travay avèk moun kondisyon sosyal defavorize
? Genyen imilite
? Kapasite fè rapò teknik ak finansyè
? Kapasite pou travay an ekip
? Kapasite pou itilize yon smart phone oswa tablèt pou kolekte done





Conditions particulières

les candidats doivent être originaires du Sud-Est plus précisement à Jacmel, Fonds'Oies et Marigot


Dossier de candidature doit avoir ...

CV+ Lettre de Motivation+ Copie des diplômes


Envoyez à vos amis par


back top