Search
Introduction




Fondasyon FONKOZE se yon enstitisyon Ayisyen ki a bi non likratif ki kreye nan lane 1994 pa Pè Joseph Philiipe ak yon gwoup òganizasyon de baz ki gen rekonesans itilite piblik depi 2005. Fonkoze se yon fanmi òganizasyon k ap travay nan kole zepòl pou ofri sèvis finansye ak sèvis ki pa finansye pou tout Ayisyen – sitou fanm yo - jwenn mwayen pou yo retire fanmi yo nan lamizè



Fonctions

OBJEKTIF :

RANFOSMAN KAPASITE:

• Bay case manager yo fòmasyon nan zafè lasante epi fè resiklaj pou yo tou.

• Sipèvize fòmasyon case manager yo ap bay manm CLM yo sou sijè ki genyen pou wè lapwopte, sante k lijyèn; yo epi fè rekòmandasyon sou kòman pou amelyore fòmasyon an.

• Fè vizit pou pipiti kay 50 manm CLM nan yon mwa pou gade kondisyon santé yo ak santé fanmi yo epi fè rekòmandasyon lè sa nesesè.

• Akonpaye manm CLM ak fanmi yo lè sa nesesè nan nenpòt sant santé oswa lopital pou asire yo jwenn swen ak medikaman yo bezwen; pandan lap devlope kapasite yo pou yo kapab kontinye itilize sèvis sant sante/lopital yo an tout otonomi.

• Bay case manager ki gen ka maladi yo sipò ak oryantasyon pou ede yo jere sitiyasyon an.

RECHÈCH:

• Fè rechèch sou ki maladi ki pi frekan nan zòn nap travay epi wè kòman nou ka ede manm CLM ak lòt viktim nan kominote a.

• Fè rechèch sou kantite manm ak fanmi yo ki prefere itilize medsin tradisyonèl oswa ougan lè yo malad epi fè rekòmandasyon


TACH ESPESIFIK

1- Sektè espesyalis Sante
• Entèveni nan tout sa ki gen rapò ak sante
• Fè lyen pou fasilite aksè a trètman ak medikaman pou moun nan zòn pwogram nan ye
• Jwen epi kominike enfòmasyon sou koman moun ka itilize sèvis vaksen ak planin nan kominote nap travy yo.
• Mete an plas yon rejis sou planin ak vaksinasyon pou tout manm CLM ak fanmi yo.
• Fè lyen ak depatman sante Fonkoze pou distribisyon ak dokimantasyon vitamin ak medikaman deparasitaj pou manm CLM yo ak pitit yo.
• Ansam ak case manager yo, òganize seyans depistaj pou malnitrisyon pou tout timoun CLM ki gen 5 laj yo ant 6 mwa epi 5 lane.
• Asire tout timoun ki gen malnitrisyon yo refere nan yon etablisman sante pou trètman.
• Fè diagnostik ak trètman pou manm CLM ak fanmi yo lakay yo, nan ka ki pa bezwen pou yo ale lopital.

• Asire manm CLM ak fanmi yo ki merite ale lopital rive lopital. Epi fè swivi sou ka yo pou konnen si santé yo amelyore.

• Asire pandan vizit yo tout manm ak fanmi yo ki sou medikaman, ap pran yo kòm sa dwa. Epi asire sa yo ki gen randevou lopital yo respèkte randevou yo.
• Fè koòdinasyon pou klinik mobil lè sa posib ak disponib. Bay rapò ak rekòmandasyon.


LÒT TACH:

• Patisipe pou pipiti nan 1 reyinyon KDK oswa Gwoupman chak mwa pou eksplike wòl yon sektè espesyalis santé epi bay konsiy ak konsèy sou zafè la santé ki ap itil tout moun nan kominote a.

• Bay direksyon an yon rapò chak mwa sou evolisyon santé manm pwogram nan epi sou relasyon Pwogram CLM Fonkoze a ak etablisman sante nan zòn travay la.



Qualifications Requises

Kalifikasyon

? Gen lisans oswa pran ekzamen pou lisans gouvènman an nan syans enfimyè.
? Genyen, Pou pi piti, yon lane eksperyans nan yon lopital, klinik nan oswa travay yon kominote ki gen moun zafè pa bon.
? Genyen abitib patisipe nan klinik mobil
? Genyen abitid patisipe nan rechèch nan domèn sante kominotè
? Ka kondwi moto se yon diplis
? Kapab epi disponib pou ale nan tout kwen kote pwogram CLM nan ye
? Genyen konesans nan zouti enfòmatik biwotik
? Genyen kapasite pou pale ak ekri kreyòl ak fransè.
? Genyen bon konesans de zòn sidès ak reyalite lasante nan zòn nan prensipalman komin Marigot ak Jakmèl.
? Genyen eksperyans nan fè fòmasyon ak peyizan oswa moun defavorize nan vil


Conditions particulières

les candidats doivent etre originaires du Sud-Est plus precisement a Jacmel, Fonds'Oies et Marigot


Dossier de candidature doit avoir ...

CV+ Lettre de motivation+ diplômes


Envoyez à vos amis par


back top