Fondasyon FONKOZE se yon enstitisyon Ayisyen ki a bi non likratif ki kreye nan lane 1994 pa Pè Joseph Philiipe ak yon gwoup òganizasyon de baz ki gen rekonesans itilite piblik depi 2005. Fonkoze se yon fanmi òganizasyon k ap travay nan kole zepòl pou ofri sèvis finansye ak sèvis ki pa finansye pou tout Ayisyen – sitou fanm yo - jwenn mwayen pou yo retire fanmi yo nan lamizè
Fonctions
Objektif :
? Ede pwogram CLM mobilize kominote a pou kore jefò Manm yo ap fè nan kote yap viv.
? Pèmèt komite yo rete aktif epi genyen yon baz solid pou kontinye kore sa ki pi pòv yo nan kominote yo.
? Fasilite entegrasyon manm yo nan la vi asosiyatif kominote kote yap viv.
? Devlope ak manm CLM yo epi lòt moun nan kominote a yon sistèm pou epay ak kredi asosiyatif ke yo ka jere.
? Asire manm CLM yo rete oganize epi kontinye travay ansanm aprè yo fin gradye.
? Ede jèn pitit manm CLM òganize epi jwenn fomasyon ki nesesè pou yo devlope aktivte ekonomik pou sipòte tèt y oak fanmi yo.
Tach jeneral
? Patisipe nan fè verifikasyon final nouvo manm CLM kap rantre nan pwogram nan.
? Asiste Sipèvizè rejyonal nan sipèvizyon lè yo bezwen sa.
? Patisipe nan tout aktivite/rechèch ki ap fè nan lide pou ranfòse estrateji pwogram nan pou bay pi bon rezilta.
? Patisipe nan aktivite jeneral CLM (seleksyon, lansman, reyinyon kominotè, gradyasyon…)
Tach espesifik
? Kowòdone montaj KDK yo, oswa fè lyezon ant pwogram nan ak gwoupman ou oganizasyon ki déjà egziste yo.
? Idantifye bezwen fòmasyon komite yo epi fè yon plan fòmasyon ak ranfòsman kapasite pou komite yo chak ane.
? Kondwi manm KDK ou gwoupman yo nan idantifye kèk pwoblèm yo ka rezoud poukont yo nan kominote yo, epi travay ak yo pou yo rezoud yo.
? Fè oswa òganize fòmasyon pou manm komite yo selon plan anyèl ranfòsman kapasite komite yo.
? Dokimante tout eksperyans CLM fè ak Komite yo epi pataje eksperyans sa yo ak rès estaf la.
? Fè rapò aktivite chak mwa pou remèt bay sipèvize a.
? Vizite pou pipiti 50 manm CLM chak mwa pandan lap fokis sou relasyon manm yo ak komite yo.
? Vizite pou pipiti 24 manm Komite lakay yo oswa nan aktivite yo chak mwa pandan lap fokis sou relasyon manm komite genyen ak Case manager, manm CLM epi lòt manm komite yo.
? Patisipe nan 5 reyinyon komite pou pipiti chak mwa, epi bay fidbak ak estaf ki konsène yo (Case manager, Sipèvizè rejyonal) chak fwa sa nesesè.
? Patisipe nan montaj ak fòmasyon manm CLM plis lòt moun nan kominote a pou Epay ak kredi asosiyatif (metòd AVEK)
? Kenbe ajou rejis enfomasyon sou komite ak asosiyasyon kap fè epay ak kredi yo
? Apwouve epi fè swivi sou pwojè KDK yo soumèt pou itilizasyon Community Development Fund (CDF).
Lot tach
? Ede nan tout lot tach sipevizè a jije nesesè pou, fè pwogram nan avanse nan bon direksyon.
Qualifications Requises
Kalifikasyon
? Boukle 4 ane etid nan inivèsite nan Travay sosyal, Sosyoloji ou Antropoloji
? Genyen 2 lane eksperyans pwouve nan animasyon sosyal sitou nan travay ak gwoupman moun defavorize nan zòn riral ak katye majinal nan lavil.
? Genyen bon konesans de zòn Sidès prensipalman Marigo ak Jakmèl
? Genyen bon kapasite pou itilize zouti enfomatik biwotik
? Kapab kondwi yon moto siklèt se yon diplis
? Kapab pale ak ekri kreyòl epi fransè
Lot konpetans
? Dinamik, genyen espri ekip epi kreyatif.
? Genyen fasilite nan langaj li, ak gwo kapasite pou kominike ak peyizan epi ak moun nan katye defavorize nan lavil.
? Kapab bati epi jere relasyon ak moun
? Onèt, ponktyèl.
Conditions particulières
les candidats doivent être originaires du Sud-Est plus précisément à Jacmel, Fond'oies ou à Marigot