Search
Introduction

Fondasyon FONKOZE se yon enstitisyon Ayisyen ki a bi non likratif ki kreye nan lane 1994 pa Pè Joseph Philiipe ak yon gwoup òganizasyon de baz ki gen rekonesans itilite piblik depi 2005. Fonkoze se yon fanmi òganizasyon k ap travay nan kole zepòl pou ofri sèvis finansye ak sèvis ki pa finansye pou tout Ayisyen – sitou fanm yo - jwenn mwayen pou yo retire fanmi yo nan lamizè


Fonctions

Pòs :Espasyalis nan Agrikilti (pwodikson vejetal ak animal)
Sipèvizè : Direktè Rejyonal CLM

OBJEKTIF:
? Ede direksyon an defini yon estrateji elvaj ak agrikilti nan Pwogram CLM ki ramase sila ki pi pòv yo nan kominote yo.
? Asiste direksyon an nan swivi sou rantabilite ak antretyen pou pwodwi elvaj ak agrikòl manm yo nan pwogram CLM.
? Ranfòse kapasite estaf la pou yo kapab ankadre manm yo nan kesyon elvaj ak agrikilti
? Dokimante tou nouvo eksperyans ki ka sèvi leson pou tout pwogram nan
? Ede nan tabli yon estrikti nan kominote yo ki ap ranfòse filyè elvaj ak agrikilti kote moun pòv yo ka toujou pwofite de li.
? Ede pwogram CLM nan etabli kèk filyè agrikilti a travè yon seri aktivite ki ka pèmèt manm CLM nou yo ak lòt moun nan kominote nap travay yo patisipe nan yon pwen oswa yon lòt nan aktivite filyè yo, ki ka pèmèt yo rantre lajan menm aprè pwogram nan kite zòn nan.


? Devlope yon zouti yon manm CLM kapab fasilman itilize pou jere aktivite jaden ak elavj. Zouti sila yo dwe pèmèt manm yo kapab tabli pwòp kont èksplwatasyon yo kalandriye kilti, entretyen, aplikasyon pwodwi fitosanitè (pou jaden; ak kalndriye vaksen, deparasitaj ak vitamin( pou bèt).


Tach jeneral
? Patisipe nan fè verifikasyon final nouvo manm CLM kap rantre nan pwogram nan.
? Asiste Direktè Sipèvizè rejyonal nan sipèvizyon lè yo bezwen sa.
? Patisipe nan tout aktivite/rechèch ki ap fè nan lide pou ranfose estrateji pwogram nan pou bay pi bon rezilta.
? Patisipe nan aktivite jeneral pwogram nan (seleksyon manm CLM, rankont kominotè, lansman, gradyasyon, reyinyon ak atelye…)

Tach espesifik

• Bay case manager yo fòmasyon nan elvaj bèt ak agrikilti ki idantifye kòm aktivite ekonomik pou CLM epi fè resiklaj pou yo tou.

• Sipèvize fòmasyon nouvo case manager yo ap bay manm CLM yo sou jaden ak elvaj, epi fè rekòmandasyon sou kòman pou amelyore fòmasyon an.

• Fè vizit pou pipiti kay 20 manm CLM pou chak Rejyonal nan yon mwa pou gade kondisyon elvaj ak jaden yo epi fè rekòmandasyon lè sa nesesè.

• Fè vizit avèk oswa san Case Manager yo sou tèren pou gade kijan yap travay, analize kapasite yo pou wè ki feblès yo genyen nan travay sitou nan domèn agrikilti ak elvaj, epi fè rekòmandasyon ak planifye pou ranfòse kapasite yo.

• Bay Case manager ki gen ka pi difisil yo sipò ak oryantasyon pou ede yo jere sitiyasyon an

• Asire pandan vizit yo bèt ou jaden manm nan ap devlope a ap bon pou li. Si non, pou l ta notifye sipèvizè rejyonal la pou yo ka fè swivi ki nesesè a ansanm.

• Pou pipiti yon fwa pa mwa, verifye pri diferan zannimo ak entran pou agrikilti ak pwodwi agrikòl ki sanble ak sa manm yo pwodwi ; nan mache ki nan zòn nap travay yo pou nou ka konn ki pri pou yo achte ak vann. Epi akonpaye ekip kap fè acha a pou asire bon kalite bèt ak bon kalite entran.

• Fè envantè estrikti sipò pou sante bèt (Veterinè, famasi veteriné) nan zòn nan epi tabli yon plan ranfòsman pou yo ka fonksyone djanm.

• Travay ansanm ak Espesyalis devlopmam sosyal pou oganize elvaj manm yo ap devlope la nan yon lojik devlopman filyè.

• Mete an plas yon rejis sou vaksinasyon ak deparazitaj tout bèt manm CLM ki nan pwogram nan, epi asire kanlandriye vaksinasyon ak deparazitaj la respekte kòm sa dwa
• Travay pou ogmante baz aktif pwogram nan nan fè rechèch ki lòt aktivite elvaj oswa agrikòl ki ka fèt nan zòn nap travay la ki ka ede manm CLM yo gen lòt revni

• Devlope nouvo antrepriz epi dokimante tout enfòmasyon ki gen pou wè ak aktivite sa a

• Ede Manm yo jwenn tout moun oubyen Founisè ki vann semans ak ensektisid bon kalite nan zafè kilti manm yo ap pratike, sa vle di menm aprè gradyasyon, pou Manm yo pa genyen difikilte pou yo jwenn bagay sa yo achte lè yo bezwen yo.

• Entèvni lè yon manm CLM gen pwoblèm nan Elvaj yo pou ede Case Manager yo ansanm ak manm nan jwenn solisyon ki nesesè pou yo pa fè pèt.

• Bay Sipevizè a rapò jan sa tabli nan travay la.

Lot tach
• Ede nan tout lòt tach sipevizè a jije nesesè pou, fè pwogram nan avanse nan bon direksyon.


Qualifications Requises




Kalifikasyon


? Boukle 5 ane etid nan agronomi


? Genyen 2 lane eksperyans pwouve nan pwodiksyon animal ak vejetal


? Genyen kapasite pou itilize zouti enfòmatik biwotik yo


? Genyen eksperyans nan devlope ak analize filyè agrikòl ak elvaj


? Genyen bon konesans de zòn sidès ak reyalite elvaj ak agrikilti zòn nan, prensipalman komin Marigot.


? Genyen eksperyans nan fè fòmasyon ak peyizan


? Kapab kondwit moto se yon diplis


? Kapab pale ak ekri kreyòl plis fransè.





Lot konpetans


? Dinamik, genyen espri ekip epi ki kreyatif.


? Genyen fasilite nan langaj li, ak gwo kapasite pou kominike ak peyizan epi ak moun nan katye defavorize nan lavil.


? Kapab bati epi jere relasyon ak moun


? Onèt, ponktyèl.



Conditions particulières

il faut que le postulant soit originaire du Sud-est plus precisément a Jacmel Marigot ou Fonds'oies


Dossier de candidature doit avoir ...

CV +lettre de Motivation+copie de diplomes


Envoyez à vos amis par


back top