Anons Travay: Pwogram pou anpeche vyolans sou fanm ak tifi
Ofisye Sipò Teknik / Pwojè Kowalisyon pou Prevansyon Vyolans sou Fanm ak Tifi
Vil: Jakmèl
Pwofil Òganizasyon an
Fondasyon Depase Fwontyè yo” etabli an Ayiti depi 2015 pa Beyond Borders, yon ONG Ameriken kap travay an Ayiti depi lane 1993. Depase Fwontyè yo ede moun konstwi mouvman pou yo soti tèt yo nan opresyon ak izolman. Depase Fwontyè yo soutni tout mouvman ki genyen kòm objektif pou konbat sistèm restavèk la(esklavaj Timoun), fasilite tout moun jwenn aksè ak edikasyon inivèsèl, lite kont vyolans kap fèt sou fanm ak tifi epi ranplase sistèm k’ap peze pòv yo ak yon lòt sistèm ki soutni travay diy epi ki bay dirab.
Aktivite Depase Fwontyè yo reyalize direkteman ak estaf li an epi tou nan tèt kole ak lòt òganizasyon ki se patnè lokal li yo. Lap egzekite twa (3) pwogram li genyen yo ki se: Repanse Pouvwa (elimine vyolans kap fèt sou fanm ak tifi), Pwoteksyon Timoun e Inisyativ Kominote Modèl (IKM).
Pwofil Pozisyon an
Sipò teknik, yon volè nan Pwogram Repanse Pouvwa, ap ankouraje plis òganizasyon konn metodoloji Pwogram Repanse Pouvwa itilize pou fè prevansyon kont vyolans sou fanm ak tifi, epi ranfòse mouvman nan peyi a kont vyolans k ap fèt sou fanm ak tifi. Wòl Ofisye Sipò Teknik la se kolabore avèk Manadjè Sipò Teknik la pou akonpaye òganizasyon ki nan Kowalisyon pou Prevansyon Vyolans Sou Fanm ak Tifi nan pwosesis enplemantasyon SASA! ak Kore Tifi apati vizit, echanj, fòmasyon, konsèy elt. Epi, ede Manadjè Sipò Teknik la idantifye ak kore lòt patnè ak òganizasyon tou.
Ansanm ak Manadjè Sipò Teknik, Espesyalis Pwogram, ak lòt manm Ekip, planifye epi kòdone aktivite presi ki kapab ede chak patnè devlope kapasite yo pi byen e rive jwenn otonomi yo nan travay y ap fè nan kominote pa yo. Kore Manadjè Sipò Teknik la nan ranfòse kapasite fòmatè Ekip la pou yo kapab an mezi pataje fòmasyon ak teknik ki kapab ede patnè yo grandi. Ofisye Sipò Teknik la dwe ede monte yon bon rezo kote chak òganizasyon manm Kowalisyon pou Prevansyon Vyolans Sou Fanm ak Tifi kapab konte sou lòt pou vanse nan travay prevansyon kont vyolans sou fanm ak tifi. Ede monte yon sistèm pledwaye solid pou kapab fè yon ansanm pwopozisyon bay enstans ki konsène yo sou enpòtans prevansyon vyolans sou fanm ak tifi genyen nan yon kominote. Travay ak manm Ekip la nan lide pou kapab kontinye fòme tèt li sou metodoloji yo epi pataje eksperyans ak konesans avèk manm Ekip la.
Fonctions
Responsablite:
Devlopman Kapasite ak Estrikti Patnè Sipò Teknik nan Kowalisyon pou Prevansyon Vyolans Sou Fanm ak Tifi
• Travay ansanm avèk Manadjè Sipò Teknik, Espesyalis Pwogram Vyolans sou Fanm ak Tifi, ak lòt manm Ekip nan devlope kad lojik, bidjè, kalandriye aktivite ak pwopozisyon pwojè pou Sipò Teknik, sitou sa ki genyen pou wè ak Kowalisyon pou Prevansyon Vyolans Sou Fanm ak Tifi. Sa genyen ladan: ede planifye ak bay fòmasyon, fè apèl ak bay sipò a distans pou chak patnè, ale nan vizit ak echanj nan sit patnè yo, fè kowòdinasyon pou kore òganizasyon manm Kowalisyon an nan bay rapò oubyen pou avanse nan travay yo, elatriye. Pòs la ap mande anpil vwayaj plizyè kote nan peyi a.
• Travay ansanm ak Manadjè Sipò Teknik la,Espesyalis Pwogram, Ofisye Swivi ak Evalyasyon ak lòt manm ekip nan nan prepare zouti ki kapab ede pi byen nan evalyasyon entèvansyon yo.
• Prepare ansanm ak Manadjè Sipò Teknik la rapò aktivite yo pou remèt Kowòdinasyon an.
• Fè konnen travay la epi enspire, ankouraje divès òganizasyon pou yo pran fòmasyon nan Fondasyon an sou divès tèm nan “anpeche vyolans sou fanm ak tifi”.
• Travay ansanm avèk tout Ekip la nan devlopman, adaptasyon ak tradiksyon materyèl kominikasyon ki bon pou divès patnè ki ap resevwa sipò teknik.
• Fè pwomosyon materyèl kominikasyon ak metodoloji SASA! ak Kore Tifi.
• Travay pou metrize bon konesans sou metodoloji pwogram nan ap swiv, toujou kontinye aprann/ ranfòse kapasite tèt li nan domèn nan pandan l ap travay pou asire li pare pou kreyativite ak inovasyon.
• Devlope bon relasyon avèk pwofesyonèl plis lidè nan divès sektè pou byennèt Pwogram nan.
• Angaje avèk manm Ekip Pwogram nan nan devlope relasyon avèk divès enstitisyon (Inivèsite, Fakilte, Lekòl, Ministè, ONG…) pou fasilite yo jwe yon wòl aktif nan kreye yon konsyans ak yon kilti ki ede konbat vyolans sou fanm ak tifi nan enstitisyon yo.
• Patisipe nan ranfòse kapasite fòmatè Sipò Teknik yo.
Ranfòsman Kapasite Entèn
• Ankadre, sipòte oubyen akonpaye manm Ekip Sipò Teknik nan tout etap travay yo ap fè.
• Òganize espas e kreye opòtinite pou ranfòse kapasite rezo sou teren Jacmel ak estaf pou yo kapab sèvi kòm modèl pou lòt òganizasyon. Fè sa an kolaborasyon ak Espesyalis Pwogram Vyolans sou Fanm ak Tifi, Kòdinatèz Pwogram nan, ak Manadjè Sipò Teknik.
• Reprezante Pwogram nan nan evenman nasyonal kou entènasyonal, si gen bezwen.
Kòdinasyon Entèvansyon Sipò teknik
• An kolaborasyon ak Manadjè Sipò Teknik, fè kòdinasyon tout lojistik ak kontni pou divès entèvansyon Sipò Teknik ki gen rapò ak patnè nan Pwojè Kowalisyon pou Prevansyon Vyolans Sou Fanm ak Tifi.
Lòt Tach
Deskripsyon tach sa a pa konplè. Tout lòt responsabilite Fondasyon Depase Fwontyè yo jije nesesè pou Pwogram Repanse Pouvwa a avanse ap fèt ak konsantman anplwaye a.
Qualifications Requises
Konpetans ak Kalite Kle
• Omwen 3zan eksperyans nan domèn vyolans sou fanm ak tifi / dwa fanm obligatwa.
• Eksperyans ak SASA! ak/oubyen Kore Tifi yon gwo diplis
• Gen eksperyans nan akonpanye lòt òganizasyon nan kad patenarya
• Gen kapasite nan swivi avèk evalyasyon
• Bon kapasite kominikasyon ekri ak pale an Kreyòl. Franse yon diplis.
• Kapasite pou inove epi pote solisyon avèk difikilte plis defi
• Gen bon konpreyansyon sou reyalite sosyokiltirèl ayisyen
• Konn byen boule ak moun epi ka chèche kominikasyon ak rezoud pwoblèm
• Ka veye detay
• Konpetans sou òdinatè, nan kominikasyon òganizasyonèl pa imel
• Ka fè yon travay mache sou ray ak kapasite pou jere plizyè aktivite ansanm
• Kapasite pou travay yon fason konstriktif an ekip
• Disipline, motive, merite konfyans, pale klè, kredib, konvenkan
• Kapasite pou respekte fason lòt moun aprann, epi gen pasyans
• Kapasite adaptasyon nan anviwònman difisil
• Disponibilite pou voyaje san pwoblèm nan tout zòn nan peyi a. Fleksib pou vwayaje ak itilize mwayen transpò piblik
• 3 bon referans
Dossier de candidature doit avoir ...
Voye yon lèt an Kreyòl ki eksplike motivasyon ou genyen pou pòs la, CV, 3 referans (bay nimewo telefòn ak adrès imèl ou)