Search
Introduction

Fondasyon FONKOZE se yon enstitisyon Ayisyen ki a bi non likratif ki kreye nan lane 1994 pa Pè Joseph Philiipe ak yon gwoup òganizasyon de baz ki gen rekonesans itilite piblik depi 2005. Fonkoze se yon fanmi òganizasyon k ap travay nan kole zepòl pou ofri sèvis finansye ak sèvis ki pa finansye pou tout Ayisyen – sitou fanm yo - jwenn mwayen pou yo retire fanmi yo nan lamizè


Fonctions

1. Travay an akò avèk ekip AKSYON a pou asire tout aktivite yo ap fèt kòm sa dwa nan tout branch ki sible yo
2. Ansanm avek ekip la, Defini epi suiv plan pou frennen malnitrisyon nan branch sible yo
3. Akonpaye mis teren yo nan travay yo pou asire li fèt sou baz standa kalite epi san gaspiyaj
4. Etabli lyen ant kominote Fonkoze ap sèvi yo epi enstitisyon sante kote timoun ki soufri malnitrisyon yo ap refere
5. Asire koòdinasyon teren pou tout entèvansyon ki ap fèt dirèkteman ant patnè yo avèk kliyan Fonkoze yo
6. Prepare sesyon fòmasyon nitrisyon yo epi fòme mis yo pou yo kapab transmèt yo an kolaborasyon avèk sipèvizè li epi rès ekip la
7. Travay avèk seksyon Suivi ak evalyasyon a pou garanti chak timoun ki enskri resevwa suivi kòm sa dwa
8. Ede depatman sante a nan redaksyon rapò yo chak 6 mwa, nan kominikasyon ant biwo santral la avèk branch yo
9. Soumèt chak mwa yon rapò kosolide sou baz rapò tout mis teren yo reyslize an relasyon avèk aktivite nitrisyon yo
10. Patisipe nan evalyasyon pèfomans mis teren yo chak ane
11. Responsab pou tout materyel li resevwa sou responsabilite li nan kad travay li (telefòn, òdinatè, tablèt, lòt…
12. Akonpli tout travay adisyonèl direktè depatman sante a ta mande li fè nan kad travay depatman sante a


Qualifications Requises

diplòm inivèsitè nan yon domèn ki gen avwè avèk sante kominotè oswa nitrisyon


Dossier de candidature doit avoir ...

CV+ Let Motivasyon + Kopi diplòm


Envoyez à vos amis par


back top