Anketèz (fanm) pour Fondasyon Depase Fwontyè | JobPaw.com
Postes à pourvoir: 8
Introduction

Kontèks
Depase Fwontyè , ki pote non Depase Fwontyè yo an Ayiti, wè nan peyi d Ayiti semans pou yon nouvo mond kote moun yo simonte gwo defi nan aprann poze kesyon, fè vizyon, ak aji ansanm; kote fanmi ak kominote yo, sou yon baz konfyans ak respè youn pou lòt, fè pwogrè. Avèk misyon pou ede moun ranfòse mouvman sosyal pou liberasyon an Ayiti, Beyond Borders e Fondasyon Toya nan pwoje co-finanse ak INYON EWOPEYEN referans EuropeAid/168526/DH/ACT/ ap travay pou pèmèt Ayisyen devlope zouti ak ladrès pou mete fen nan pratik kote timoun tonbe nan restavèk, pou asire bon kalite edikasyon primè pou tout moun, pou fè prevansyon kont vyolans sou fanm ak tifi, pou asire mwayen ki dirab ak jistis ekonomik pou sila ki pi fèb yo. Pou plis enfòmasyon sou travay nou, ale sou sit wèb Beyond Borders.
Fondation TOYA se yon enstitisyon feminist ki travay pou fè promosyon dwa ak lidèchip tifi ak jèn fanm nan peyi Dayiti. Li ofri yon espas sosyal ak edikatif ki pèmèt tifi yo ak jèn fanm dékouvri potansyèl yo, epi reve moun yo vle ye demen an yon fason pou yo travay pou devlopman pa yo ak kominote yo. Pou li rive atenn misyon l li chache kolaborasyon lòt òganizasyon nan nivo lokal ak entènasyonal yon fason pou pi fè plis enpak nan kominote kote program nou yo emplemante.

Se nan konteks sa, Beyond Borders / Depase Fwontyè yo ansanm ak Fondation TOYA ap lanse yon entèvansyon ak finansman Inyon Ewopeyèn pou fè vanse dwa tifi adolesan; genyen yon fokis patikilye pou devlope yon manyèl ki ap sèvi kòm resous pou fasilite devlopman kapasite ekonomik tifi adolesan an menm tan, fè prevansyon vyolans kont tifi. Atravè pwojè sa a, Beyond Borders / Depase Fwontyè yo pral devlope yon nouvo gid ki pral pèmèt tifi devlope kapasite yo nan ekonomi ak chanje sitiyasyon ekonomik yo nan lavni. E Beyond Borders / Depase Fwontyè ak Fondation TOYA yo pral fè yon pilòt nan Depatman Sid-Ès la ak Fondation TOYA nan Depatman Lwès apati patenarya avèk yon lòt Òganizasyon.

Beyond Borders / Depase Fwontyè yo/ (FT) Fondation TOYA nan kad pwojè sa a ap chèche anketè ki kapab fasilite ak pran nòt nan fokis group, pou asire nou byen konprann reyalite aktyèl jèn fi.


Fonctions

Deskripsyon jeneral/Objektif kontra yo

Objektif Jeneral: Fè koleksyon done kalitatif pou yon rechèch fòmatif ki ap pèmèt Depase Fwontyè yo/ Beyond Borders ak Fondation TOYA pi byen konprann reyalite ekonomik tifi e ki kapab ede òganizasyon yo kreye yon nouvo zouti pou ranfòse kapasite ekonomik tifi.


Qualifications réquises

Pwofil konsiltan
• Li dwe yon fanm.
• Genyen kapasite ak konesans pou anime ak pran nòt nan fokis gwoup ak fè Retranskripsyon fokis gwoup.
• Eksperyans nan fè ankèt ak tifi ak jèn fi oswa ak timoun.
• Metrize fonksyonman telefòn/tablèt androyid.
• Disponibilite pou voyaje Jakmèl ak fè koleksyon done nan lè ankèt la prevwa fèt.
• Bon konpetans nan kominikasyon ekri epi pale Kreyòl.
• Bon relasyon ak moun/kapab konprann moun.
• Respekte lè.
• Dakò fè koleksyon done nan lè ki bon pou kominote a (menm si se pa lè biwo).
• Demontre respè pou tout moun nan tout sikonstans selòn kondisyon ki prezante yo.
• Merite konfyans.
• Kapasite pou respekte fason lòt moun aprann epi gen pasyans.
• Kapasite resevwa ak apresye kritik pou amelyore pèfòmans
• Kapab swiv enstriksyon.
• Disipline, motive, onèt
• Konpetans travay sou òdinatè
• Konprann ak respekte konfidansyalite


Conditions particulières

Reskonsabilite Beyond Borders/Depase Fwontyè yo/ Fondation TOYA
1. Bay anketèz yo dokiman ki enpòtan epi bay oryantasyon wòl nan debi konsiltasyon.
2. Ofri fòmasyon pou anketèz yo Jakmèl. Peye transpò ak domi pou moun yo Jakmèl pandan 2 jou fòmasyon yo.
3. Bay sipò a distans lè sa nesesè pou anketèz yo pandan yo nan kominote a.
4. Asire planifikasyon lojistik pou antrevi ak fokis gwoup yo.
5. Peye yon frè pou anketèz yo selòn kontra ki fèt ak yo, apre livrezon tout travay la ak yon fakti ki remèt.


Conditions de travail

Pwodwi ak dèle
• Prezans nan fòmasyon 2 jou Jakmèl – fen mwa Jen 2021/ oswa Jiye
• Lis posib patisipan ki envite nan fokis gwoup – Jiye 2021
• Fasilitasyon antrevi ak fokis gwoup, ak nòt, transkripsyon ak sipò elektwonik pou antrevi ak fokis gwoup yo - Jiye 2021
• Prezans nan atelye pou entèprete done rechèch fòmatif 2 jou Jakmèl –Jiye 2021/ debi Out 2021


Dossier de candidature doit avoir ...

Soumèt aplikasyon an
• CV
• Lèt kouvèti ki dekri eksperyans enpòtan pou anketèz
• Omwen 2 bon referans pwofesyonèl
• Yon pwofòma detaye pou 6 jou rechèch la kap gen fokis gwoup,antrevi,retranskripsyon ak rapò.


Remarque contact

N ap kontakte sèlman moun ki prezante CV ak pwofòma ki pi byen reponn ak pwofil anketè nap chache yo.


Autres remarques

Beyond Borders / Depase Fwontyè/ Fondation TOYA yo se anplwayè ki ekitab (li ofri tout moun menm opòtinite). Nou ankouraje kandida fanm, moun andikape, ak lòt gwoup majinalize pou yo postile.


Date limite

2021-06-18