Ajan Administratè pwogram sante pour FONKOZE | JobPaw.com
Introduction

Fondasyon FONKOZE se yon enstitisyon Ayisyen ki a bi non likratif ki kreye nan lane 1994 pa Pè Joseph Philiipe ak yon gwoup òganizasyon de baz ki gen rekonesans itilite piblik depi 2005. Fonkoze se yon fanmi òganizasyon k ap travay nan kole zepòl pou ofri sèvis finansye ak sèvis ki pa finansye pou tout Ayisyen – sitou fanm yo - jwenn mwayen pou yo retire fanmi yo nan lamizè


Fonctions

Objektif : Bay administrayon Pwogram Devlopman Moun nan yon sipò pou li planifye avèk òganize pi byen pwosesis entèvansyon pwogram la. Men sa Ajan-Administratè pwogram sante a genyen pou li fè:


? Anrejistre materyèl Depatman an nan yon fichye elektwonik
? Verifye rapò finansye enfimyè yo
? Jere estòk materyèl Depatman nan nivo biwo santral
? Verifye avans yo, fè suivi ak kontabilite
? Ede prepare dekesman pou suivi pèman founisè yo
? Anrejistre tout demann dekesman nan log elektwonik Depatman an
? Anrejistre nan kaye avans lan, tout avans ki soti nan Depatman an
? Resevwa epi prepare rekizyon materyèl Estaf Depatman an
? Klasifikasyon dokiman administratif yo
? Asiste administratè Depatman an nan reyinyon Estaf ak enfimyè yo
? Resevwa nouvo materyèl yo nan men Responsab Acha a
? Asire swivi distribisyon yo nan branch yo
? Patisipe nan sipèvizyon ki ap fèt nan branch yo
? Antre enfomasyon nan log boutik sante ak log depans branch yo,
? Fè envantè materyèl ki achte yo chak 3 mwa epi fè yon rapò sou estòk lan chak 3 mwa
? Ranje materyèl yo pa kategori nan 2 depo yo
? Ak Tout lòt tach ki nesesè ak pòs lan


Qualifications réquises


PWOFIL AK KONPETANS
ETID : diplòm fen etid segondè fòmasyon nan biwotik+ 1 lane pou piti nan inivèsite nan domenn jesyon

EKSPERYANS: esperyans yon lane minimum nan domenn administrativ

KONPETANS :
• Espri ekip
• Entegrite ak respè pou moun
• Kolaborasyon
• Kreyativite ak sans inovasyon
• Metrize zouti biwotik: Word, Excel, Power Point, Access,Outlook
• Kapasite pou li, ekri ak pale byen Kreyòl ak Franse. Li avantaje si li konn anglè tou


Dossier de candidature doit avoir ...

CV + Kopi setifika
Let Motivasyon


Date limite

2021-01-21