Konsiltan pou Sipòte ak Evalyasyon Kapasite Mouvman Sosyal an Ayiti pourFondasyon Depase Fwontyè| JobPaw.com
Introduction

Depase Fwontyè Yo se yon fondasyon Beyond Borders kreye depi lane 2015 k ap travay pou kore mouvman sosyal an Ayiti. Beyond Borders kreye depi 1993. Vizyon Depase Fwontyè yo/Beyond Borders genyen se pou yon Ayiti kote:

? Ayisyen ak Ayisyèn monte gwo defi yo depi yo kesyone ansanm, fè rev ansanm epi aji ansanm;
? Fanm ak gason jwènn plis pouvwa depi yon balanse pouvwa antre yo de fason pi ekilib;
? Fanmi ak kominote yo vanse ak plis siksè paske relasyon yo baze sou konfyans ak respè youn pou lòt;
? Moun rive konprann divèsite se yon fòs pa yon feblès li ye;
? Tout timoun grandi nan yon anviwòn kote yo antoure pa moun ki renmen, nouri, ak edike yo; epi
? Nou tout jwènn siyifikasyon pi fon nan lavi nou lè nou bay plis valè sou laverite pase sa ki fè nou alèz, sou pataje pase sa nou ka rive genyen, epi sou lajistis sou benefis pèsonèl.

Depase Fwontyè yo/Beyond Borders travay pou reyalize vizyon sa a atravè misyon li an ki se pou bati mouvman kap ede moun libere tèt yo kont izolasyon ak opresyon. Depase Fwontyè yo/Beyond Borders vize kore kat (4) mouvman prensipal nan peyi Dayiti:
1. Mouvman pou libere timoun ki viktim pratik restavèk la (sèvitid domestik);
2. Mouvman pou fini ak vyolans sou fanm ak tifi ;
3. Mouvman pou tout timoun jwenn aksè ak yon edikasyon kalite ; ak
4. Mouvman pou pèmèt moun soti nan povrete ekstrèm.

Genyen yon “Senkyèm Mouvman” ki vize angaje moun ki pa Ayisyen/Ayisyèn nan mouvman sa yo, chanje mantalite moun yo parapò ak peyi Dayiti epi enfliyanse nan sans pozitif fason you angaje ak peyi Dayiti, swa depi lòt bo dlo, swa an Ayiti menm.

Depase Fwontyè yo/Beyond Borders mete kanpe twa (3) pwogram ki se: Inisyativ Kominote Modèl Riral (IKM Riral) ; Inisyativ Kominote Modèl Lavil (IKM Lavil) ; Repanse Pouvwa. Fondasyon an genyen biwo nan Potoprens, Lagonav ak Jakmèl. Li genyen patnè ki travay nan yon bon pati nan peyi a. Beyond Borders genyen estaf ki travay plizyè kote Ozetazini ak Kanada.

Objektif Travay pou Evaliye Mouvman yo: Dapre rechèch ki fèt, mouvman sosyal ki gen gwo baz yo kapab transfòme oubyen ede transfòme sosyete de fason efikas epi dirab ala lontèm. Pou mouvman yo kapab egziste ak pran jarèt, li enpòtan pou moun ki konsène nan mouvman yo - tankou finansè, ONG, aktivis ak rezo yo elatriye - rive gen menm kalite bon konprann antre yo. Zouti Evalyasyon Kapasite Mouvman an (ZEKaM), ki te devlope pa Global Fund for Women (an kreyòl ayisyen “Fon Mondyal pou Fanm”) epi ki genyen tit an angle “Movement Capacity Assessment Tool (MCAT)” fèt pou angaje bann ak kalite pati ki konsène yo, yon jan pou yo tout kapab fè evalyasyon mouvman yo an ansanm. Aktè mouvman yo kapab sèvi ak rezilta evalyasyon an pou kòmanse diskite sou kijan pou yo fè fas ak defi yo epi vanse pi devan tankou yon mouvman. Zouti sa kapab sèvi tou tankou yon zouti planifikasyon ak evalyasyon pou swiv pwogrè yon mouvman pandan yon kantite tan.

Depase Fwontyè yo/Beyond Borders ap chache yon konsiltan pou travay ak estaf Depase Fwontyè yo an Ayiti pou reyalize evalyasyon mouvman li sipòte yo. Lide a se pou evalye chak mouvman li yo nan peyi a e li deja gentan reyalize pou youn nan mouvman li yo ki se mete fen nan pratik restavèk la. Koulye a, l ap kontinye avèk mouvman pou fini ak vyolans sou fanm ak tifi.


Description de taches

III. Responsabilite Konsiltan
1. Devlop yon metodoloji ak yon plan travay (ansanm ak kalandriye) pwopoze pou reyalize pwojè a
2. Pran tan pou byen konnen zouti ZEKaM nan epi kowòdone travay ak pwen fokal Depase Fwontyè yo sou aplikasyon elektwonik zouti a
3. Konnen byen epi enplike nan mouvman fanm/ feminis/ mouvman kont vyolans sou fanm ak tifi an Ayiti
4. Travay ak pwen fokal Depase Fwontyè yo pou idantifye tout aktè mouvman ki ta kapab patisipe nan evalyasyon an
5. Kontakte epi diskite ak enstitisyon ki enplike nan mouvman kont vyolans sou fanm ak tifi
6. Asire chak aktè ki pral patisipe nan evalyasyon an konprann zouti ZEKaM nan epi sipòte yo pou byen ranpli li nan delè ki defini, si nesèsè
7. Fè swivi bò kote aktè/òganizasyon yo pou kapab ranpli epi patisipe nan evalyasyon an
8. Asire analiz ak entèpretasyon done ki ranmase yo epi prepare rapò analiz (ak sipò Reskonsab Swivi ak Evaliasyon Depase Fwontyè yo)
9. Prepare epi òganize atelye echanj sou rapò a
10. Sipòte Depase Fwontyè yo nan preparasyon ak òganizasyon “Espas Louvri” pou defini oryantasyon mouvman ki chita sou rezilta rapò a
11. Pwodwi rapò sentèz ki soti nan rankont Espas Louvri yo
12. Òganize vwayaj sou tèren nan ka sa nesèsè an kòdinasyon / planifikasyon ak Depase Fwontyè yo (ki genyen pou kouvri depans ki makonnen ak deplasman ak lojman)

Konsiltan an genyen pou pran reskonsabilite pou asire li genyen pwòp asirans medikal li pou pèryòd kontra a, epi pou li peye taks dapre sa lalwa Ayisyen an mande nan kad kontra konsiltasyon an.


IV. Reskonsabilite Depase Fwontyè yo/Beyond Borders
1. Rankontre ak Konsiltan pou diskite objektif, apwòch, zouti ZEKaM nan elatriye
2. Diskite epi apwouve metodoloji ak apwòch pou reyalize evalyasyon an
3. Defini ki kalite aktè ki ap patisipe nan evalyasyon an
4. Fasilite premye kontak ant Konsiltan ak òganizasyon / aktè mouvman Depase Fwontyè yo genyen relasyon ak yo
5. Sipòte Konsiltan an pou rezoud pwoblèm teknik ak aplikasyon elektwonik zouti a
6. Sipòte Konsiltan pou planifye epi òganize rankont Espas Louvri
7. Mete lajan disponib pou reyalizayon Espas Louvri
8. Bay Konsiltan yon espas nan biwo Depase Fwontyè yo nan Jakmèl pou fasilite travay la (si nesèsè)
9. Kouvri frè telefòn pou kominikasyon ak aktè enplike ak estaf la
10. Asire/bay frè deplasman / lojman lè Konsiltan bezwen ale sou tèren nan kad aktivite kontra a
11. Sipòte Konsiltan an pou rezoud nènpòt lòt pwoblèm li ka fè fas pandan lap egzekite kontra a


Profil du consultant ou des consultants ou de la firme

V. Konpetans ak eksperyans
? Genyen pou pi piti yon lisans nan domèn Syans Sosyal
? Genyen pou pi piti 5 lane nan travay sou kesyon sosyal nan peyi a
? Genyen oubyen kapab konstwi yon bon rezo kontak nan mitan òganizasyon yo ki nan mouvman kont vyolans sou fanm ak tifi/ mouvman feminis/ mouvman fanm
? Genyen kapasite ak eksperyans nan mete moun ak òganizasyon/enstitisyon ansanm pou diskite epi jwenn solisyon sou kesyon sosyal ann Ayiti
? Genyen lyen, kapasite pou atire moun pou travay ansanm
? Genyen kapasite pou bon jan jesyon/ òganizasyon tan ak plizyè tach alafwa
? Bon jan kominikasyon pou ankouraje kolaborasyon
? Genyen eksperyans nan itilize metòd ak teknik ki pèmèt moun patisipe yon fason aktif nan diskite yon pwoblèm (metodoloji “Espas Louvri” se yon ajou).
? Genyen eksperyans nan pwodui rapò sentèz ki soti nan travay an gwoup
? Genyen konpetans ak metriz lojisyèl tankou Microsof ‘’Word” ‘’PowerPoint’’, Excel, CommCare
? Genyen konpetans pou travay sou lojisyèl elektwonik (sitou nan kad ranmase ak analize done)
? Fò nan detay, Pwo-aktif, fleksib, kreyatif, kapab travay yon fason trè endepandan
? Metrize divès lang ki pèmèt li kominite ak estaf ak aktè nouvman yo (Kreyòl an premye, Fransè ak Anglè vini apre).

VI. Egzijans Pou Depoze Kandidati
? Yon Lèt Motivasyon ki eksplike entèrè ak eksperyans pètinan
? CV ki ajou epi ki montre eksperyans yon travay similè oswa aplikab
? Kopi Lisans ak lòt fòmasyon pwofesyonèl ki pètinan
? Pwofoma ki an goud (HTG) ak yon tarif jounaliye
? 2 referans pwofesyonèl



Dossier d’appel d’offres

Cliquer ici pour télécharger le dossier complet d’appel d’offres


Envoyer le pli à

Dosye kandidati tout moun ki entèrese dwe remèt avan 7è nan aswè jou kap dimanch 24 oktòb 2021 sou adrès elektwonik consultant@beyondborders.net. Nan liy sijè imèl la, tanpri mete “Konsiltan Evalyasyon Mouvman_RP”