Konsiltan pou Kowalisyon pou Prevansyon Vyolans sou Fanm ak TifipourFondasyon Depase Fwontyè| JobPaw.com
Introduction

KONTÈKS
Nan kad Pwojè pou prevansyon vyolans sou fanm ak tifi kote 8 òganizasyon mete ansanm pou fè yon kowalisyon pou Prevansyon Vyolans sou Fanm ak Tifi. Pami yo, 1 ladan yo ap bay sipò teknik sou metodoloji SASA! ak Kore Tifi, 1 nan yo ap bay sipò òganizasyonèl pou ede ranfòse chak òganizasyon, 3 nan yo ap enplemante Kore Tifi nan kominote pa yo epi, 3 nan yo ap enplemante SASA! nan kominote pa yo.

I. OBJEKTIF KONSILTASYON AN
Konsiltan Kowalisyon pou Prevansyon Vyolans sou Fanm ak Tifi a ap genyen pou li ede nan jesyon administratif pwojè a pandan dire kontra li, sitou nan asire bon jan swivi finansye ak pèmèt patnè finansye a jwenn bon jan rapò.


Description de taches

II. DESKRIPSYON JENERAL KONTRA A ak RESKONSABILITE KONSILTAN AN
• Planifye rankont administratif pwojè a regilyèman pou asire bon jan swivi.
• Ede Kowalisyon an kreye bon sistèm pou rapò finansye, klasifikasyon dosye finans, ak fòma pou rapò naratif, ki koresponn ak bezwen patnè finansye a ak patnè kowalisyon k ap bay sipò teknik ak sipò òganizasyonèl. Sa kapab genyen ladan vizit bò kote chak òganizasyon patnè nan debi pwojè a, divès kote nan peyi a.
• Eseye ranfòse sistèm finans chak òganizasyon, an kolaborasyon avèk lòt manm kowalisyon an ki bay sipò òganizasyonèl.
• Konpile rapò naratif omwens de (2) fwa nan men chak patnè, e kowòdone finalizasyon rapò naratif pou patnè finansye chak lane, an anglè.
• Bay chak òganizasyon sipò ki nesesè pou yo kapab reyisi ranpli e swiv sistèm rapò finans konsiltan an mete an plas. NB: Sa kapab mande vizit bò kote divès patnè yo divès kote nan peyi a.
• Rete an kominikasyon sere avèk òganizasyon k ap bay sipò teknik ak sipò òganizasyonèl pou bay rekòmandasyon pou ranfòsman 6 òganizasyon k ap fè enplemantasyon SASA! ak Kore Tifi yo.

III. TRAVAY POU LIVRE
• Fòma rapò finans ak naratif ki koresponn ak regleman bayèdefòn ak rekòmandasyon òganizasyon k ap kowòdone Kowalisyon an.
• Nòt soti nan chak rankont administratif nan yon google docs.
• Rapò final finans ak naratif pandan de (2) fwa ki pran an kont nan tout entegralite yo tout rapò 8 òganizasyon nan Kowalisyon an.
• Rapò chak lane pou patnè finansye, 2 semenn anvan delè yo bay pou òganizasyon yo kapab bay fitbak e remèt li.

IV. DIRE ak DAT LIMIT

Fevriye-Mas: Maksimòm 20 jou pou fè:
• Oryantasyon/preparasyon/ lekti dokiman tankou pwojè a, rapò lòt konsiltan ak denyè rapò chak patnè,
• Vizit chak nan 6 patnè nan zòn yo nan peyi a;
• Ekri rapò sou vizit yo;
• Fasilitasyon konvèsasyon ak ekip jesyon kowalisyon omwens chak mwa e lè gen bezwen.

Avril/Me: Maksimòm 7 jou pou fè:
• Fasilitasyon konvèsasyon ak ekip jesyon kowalisyon.
• Kore chak patnè si nesesè pou asire eleman yon bon rapò
• Fè rapò naratif ak finansye pou bayedefòn anvan 20 me pou li ka tradyi/ finalize anvan fen me 2021

Jen: Maksimòm 2 jou pou fè:
• Fasilitasyon konvèsasyon ak ekip jesyon kowalisyon omwens chak mwa e lè gen bezwen.
• Reponn kesyon bayèdefon, si genyen.

V. RESKONSABILITE DEPASE FWONTYÈ YO (KÒM ÒGANIZASYON K AP KOWÒDONE KOWALISYON AN)
• Pataje tout dokiman referans ak kowòdone pwen fokal chak òganizasyon lè sa nesesè.
• Patisipe aktifman antanke manm kowalisyon nan rann enfòmasyon, rapò, ak bidjè kowalisyon disponib.
• Peye konsiltan an chak mwa selon yon fakti li jwenn nan men Konsiltan an.


Profil du consultant ou des consultants ou de la firme

VI. PWOFIL KANDIDA
• Omwen 3zan eksperyans nan jesyon administratif yon pwojè.
• Kapasite ak eksperyans nan ekri rapò finansye ak naratif.
• Konprann bon prensip finans/ regleman finans.
• Eksperyans nan konstwi kapasite òganizasyon de baz.
• Disponibilite pou planifye ak vwayaje plizyè kote nan peyi a (Konsiltan an reskonsab pou mwayen transpò li).
• Bon kapasite nan lang Kreyòl (pale, ekri) nesesè.
• Bon kapasite nan lang Angle (pale, ekri) yon diplis.
• Kapab travay ak moun ki genyen lòt reyalite ki diferan.
• Dakò pou swiv tout prensip ak regleman sou asèlman seksyèl, eksplwatasyon seksyèl ak pwoteksyon timoun òganizasyon an mande l swiv, epi demontre bon prensip nan kad travay ak nan lavi pèsonèl.
• Demontre respè pou tout moun nan tout sikonstans.


Dossier d’appel d’offres

Cliquer ici pour télécharger le dossier complet d’appel d’offres


Envoyer le pli à

consultant@beyondborders.net