Konsiltan Kowalisyon pou Prevansyon Vyolans sou Fanm ak TifipourFondasyon Depase Fwontyè| JobPaw.com
Introduction

KONTÈKS
Nan kad yon Pwojè pou prevansyon kont vyolans sou fanm ak tifi kote 8 òganizasyon mete tèt ansanm nan yon kowalisyon (1 nan yo ap bay sipò teknik sou metodoloji SASA! ak Kore Tifi, 1 nan yo ap bay sipò òganizasyonèl pou fasilite ranfòsman chak òganizasyon, 3 nan yo ap enplemante Kore Tifi nan kominote pa yo e, 3 nan yo ap enplemante SASA! nan kominote pa yo. Pwojè sa a te kòmanse enplemante nan lane 2019.


Description de taches

I. OBJEKTIF KONSILTASYON AN
Konsiltan Kowalisyon pou Prevansyon Vyolans sou Fanm ak Tifi a ap gen pou li ede nan jesyon administratif pwojè a, sitou nan asire bon jan suivi finansye e, pèmèt patnè finansye pwojè a jwenn bon kalite rapò.

II. DESKRIPSYON JENERAL KONTRA A ak RESKONSABILITE KONSILTAN AN
• Planifye rankont administratif pwojè a regilyèman pou asire bon jan suivi.
• Ede Kowalisyon an ranfòse bon sistèm pou rapò finansye, klasifikasyon dosye finans, ak fòma pou rapò naratif ki koresponn ak bezwen patnè finansye a, bezwen patnè kowalisyon an k ap bay sipò teknik ak sipò òganizasyonèl. Sa kapab genyen ladan vizit bò kote chak òganizasyon patnè, divès kote nan peyi a.
• Eseye ranfòse sistèm finans chak òganizasyon, an kolaborasyon ak lòt manm kowalisyon an ki bay sipò òganizasyonèl.
• Konpile rapò naratif chak 6 mwa nan men chak patnè, e kowòdone finalizasyon rapò naratif pou patnè finansye chak lane, an anglè.
• Bay chak òganizasyon sipò ki nesesè pou yo kapab reyisi ranpli e suiv sistèm rapò finans konsiltan an mete an plas. NB: Sa kapab mande vizit bò kote divès patnè yo divès kote nan peyi a.
• Rete an kominikasyon sere avèk òganizasyon k ap bay sipò teknik ak sipò òganizasyonèl pou bay rekòmandasyon pou ranfòsman 6 òganizasyon k ap fè enplemantasyon SASA! ak Kore Tifi yo.

III. TRAVAY POU LIVRE
• Mizajou sou Fòma rapò finans ak naratif ki koresponn ak regleman bayèdefòn plis, rekòmandasyon òganizasyon k ap kowòdone Kowalisyon an.
• Nòt soti nan chak rankont administratif nan yon google docs.
• Rapò final finans ak naratif chak 6 mwa ki pran an kont nan tout entegralite yo tout rapò 8 òganizasyon nan Kowalisyon an.
• Rapò chak lane pou patnè finansye, 2 semenn anvan delè yo bay pou òganizasyon yo kapab bay fitbak e remèt li.

IV. DIRE ak DAT LIMIT

Janvye-Mas: Maksimòm 24 jou travay:
• Oryantasyon/preparasyon apati dokiman ki deja egziste yo.
• Vizit chak patnè k ap fè enplemantasyon (6 patnè) nan plizyè zòn nan peyi a pou pran an kont avanse yo deja fè nan pwojè a ak tout done/enfòmasyon ki pral pèmèt travay konsiltasyon an fèt;
• Redaksyon rapò sou vizit yo;
• Fasilitasyon konvèsasyon ak ekip jesyon kowalisyon omwen chak mwa e lè gen bezwen.

Avril/Me: Maksimòm 7 jou travay:
• Fasilitasyon konvèsasyon ak ekip jesyon kowalisyon;
• Kore chak patnè si nesesè pou asire genyen bon done, enfòmasyon, pyès jistifikatif pou bon jan rapò;
• Fè rapò naratif ak finansye pou bayedefòn anvan 20 me pou li ka finalize (apati kesyon patnè yo ak lòt) epi tradui anvan fen me 2021

Jen: Maksimòm 2 jou travay:
• Fasilitasyon konvèsasyon ak ekip jesyon kowalisyon omwen chak mwa e lè gen bezwen.
• Repons pou kesyon bayèdefon, si genyen.

V. RESKONSABILITE DEPASE FWONTYÈ YO (KÒM ÒGANIZASYON PATNÈ KI JWE WÒL KOWÒDINASYON)
• Pataje tout dokiman referans ak kowòdone pwen fokal chak òganizasyon lè sa nesesè.
• Patisipe aktifman antanke manm kowalisyon nan rann enfòmasyon, rapò, ak bidjè kowalisyon disponib.
• Peye konsiltan an chak mwa pou pi piti peryòd tan apre validasyon fakti konsiltan an remèt li.


Profil du consultant ou des consultants ou de la firme

VI. PWOFIL KANDIDA
• Omwen 3 lane eksperyans nan jesyon administratif yon pwojè.
• Kapasite ak eksperyans nan ekri rapò finansye ak naratif.
• Konprann bon prensip finans/ regleman finans.
• Eksperyans nan konstwi kapasite òganizasyon de baz.
• Disponibilite pou planifye ak vwayaje plizyè kote nan peyi a (Konsiltan an reskonsab pou mwayen transpò li).
• Bon kapasite nan lang Kreyòl (pale, ekri) nesesè.
• Bon kapasite nan lang Angle (pale, ekri) yon diplis.
• Kapab travay ak moun ki genyen reyalite ki diferan.
• Dakò pou suiv tout prensip ak regleman sou asèlman seksyèl, eksplwatasyon seksyèl ak pwoteksyon timoun òganizasyon an mande l suiv, epi demontre bon prensip nan kad travay ak nan lavi pèsonèl.
• Demontre respè pou tout moun nan tout sikonstans.


Dossier d’appel d’offres

Cliquer ici pour télécharger le dossier complet d’appel d’offres


Envoyer le pli à

VII. EGZIJANS pou DEPOZE APLIKASYON
• Remèt yon profòma ki detaye pri pa jou (vwayaj ak jou travay lakay), yon CV, lèt motivasyon ki rezime eksperyans ki gen pou wè ak konsiltasyon an, ak 3 bon referans nan consultant@beyondborders.net anvan 06 Janvye 2021.