Tèm Referans: Kay Empresyon - Empresyon pou materyèl sou vyolans sou fanm ak tifi andikapepourFondasyon Depase Fwontyè| JobPaw.com
Introduction

KONTEKS / Context
Nan kad Pwojè k ap fèt sou reyalite fanm ak tifi andikape, ekip la ap genyen pou emprime plizyè materyèl, pou distribisyon nan divès òganizasyon estratejik pou yo entegre l nan enplementasyon SASA ! ak Kore Tifi pa yo. Konsa, li bezwen yon kay empresyon ki kapab fè bon kalite empresyon sou papye bon kalite, ak livrezon Jakmèl.


Description de taches

I. OJEKTIF KONSILTASYON AN / Objective of Consultancy
Empresyon ak livrezon kopi dokiman sa yo : 4 Afich, 3 Ti Pale, 3 Teyat ak Liv konple

II. DESKRIPSYON JENERAL KONTRA A ak RESKONSABILITE KONSILTAN AN/General Description of Contract & Responsibilities of Consultant

• Fè eprèv 1 nan chak kalte materyèl yo pou validasyon Jakmèl
• Disponib pou korije sa ki merite korije
• Apre apwoubasyon eprèv, fè empresyon :
o 8,800 Afich (2200 kopi chak nan 4 Afich) - 11x17 TOUT Koulè, sou papye bristol glossy rekto verso
o 3,300 Ti Pale (1100 kopi chak nan 3 Ti Pale) - 8.5x11 TOUT Koulè, sou papye bristol glossy rekto verso
o 660 Teyat (220 kopi chak nan 3 Teyat yo, ak 10 paj anviwon pou chak) - 8.5x11 TOUT Koulè, sou papye bristol glossy rekto verso
o 200 kopi Liv konple « Yon Kominote Ini San Vyolans » (anviwon 120 paj) – 8.5x11 Tout koulè, sou papye nòmal ak paj kouvèti yo ak bon kalite papye di
• Livrezon pou rive Jakmèl, Haiti

III. TRAVAY POU LIVRE/ Deliverables
• Tout eprèv ak kopi finalize site pi wo

IV. DIRE ak DAT LIMIT / Duration & Deadlines
• Dele pou eprèv : 7 jou ouvrab apre siyati kontra
• Dele pou livrezon final : 3 semenn apre siyati kontra

V. RESKONSABILITE DEPASE FWONTYE YO / Depase Fwontyè yo Responsibilities
• Pataje tout dokiman referans, logo ak lòt
• Bay fitbak sou eprèv anndan 3 jou ouvrab
• Bay 30% toutswit apre siyati kontra; epi 70% apre Beyond Borders/ Depase Fwontyè yo verifye livrezon an e apre Depase Fwontyè yo rive jwenn fakti nan men kay empresyon


Profil du consultant ou des consultants ou de la firme

VI. PWOFIL KANDIDA / Candidate Profile
• Genyen kapasite ak konesans nan fè empresyon ak livrezon a lè
• Gen aksè ak papye bon kalite, jan sa presize nan tèm referans
• Disponibilite
• Bon konpetans nan kominikasyon ekri epi pale Kreyòl

VII. EGZIJANS pou DEPOZE APLIKASYON / Submission of Application
• Yon pwofòma an Goud ki detaye empresyon ak livrezon ak kalite papye; dele 3 Janvye 2021 sou consultant@beyondborders.net


Dossier d’appel d’offres

Cliquer ici pour télécharger le dossier complet d’appel d’offres


Envoyer le pli à

consultant@beyondborders.net