Search
Introduction

I. Entwodiksyon
Depase Fwontyè Yo se yon fondasyon Beyond Borders kreye depi lane 2015 k ap travay pou kore mouvman sosyal an Ayiti. Beyond Borders kreye depi 1993. Vizyon Depase Fwontyè yo/Beyond Borders genyen se pou yon Ayiti kote:

? Ayisyen ak Ayisyèn monte gwo defi yo depi yo kesyone ansanm, fè rev ansanm epi aji ansanm;
? Fanm ak om jwènn plis pouvwa depi yon balanse pouvwa antre yo de fason pi ekilib;
? Fanmi ak kominote yo vanse ak plis siksè paske relasyon yo baze sou konfiyans ak yon respè youn pou lòt;
? Moun rive konprann divèsite se yon fòs pa yon feblès li ye;
? Tout timoun grandi nan yon anviwòn kote yo antoure pa moun ki renmen, nouri, ak edike yo;
epi
? Nou tout jwènn siyifikasyon pi fon nan lavi nou lè nou bay plis valè sou laverite pase sa ki fè nou alèz, sou pataje pase sa nou ka rive genyen, epi sou lajistis sou bènefis pesonèl.

Depase Fwontyè yo/Beyond Borders travay pou reyalize vizyon sa a atravè misyon li an ki se pou bati mouvman kap ede moun libere tèt yo kont izolasyon ak opresyon. Depase Fwontyè yo/Beyond Borders vize kore kat (4) mouvman prensipal nan peyi Dayiti:
1. Mouvman pou libere timoun ki viktim pratik restavèk la (sèvitid domestik);
2. Mouvman pou fini ak vyolans sou fanm ak tifi ;
3. Mouvman pou tout timoun jwenn aksè ak yon edikasyon kalite ; ak
4. Mouvman pou pèmèt moun soti nan povrete ekstrèm.


Genyen yon “Senkyèm Mouvman” ki vize angaje moun ki pa Ayisyen/Ayisyèn nan mouvman sa yo, chanje mantalite moun yo parapò ak peyi Dayiti epi enfliyanse nan sans pozitif fason you angaje ak peyi Dayiti, swa depi lòt bo dlo, swa an Ayiti menm.

Depase Fwontyè yo/Beyond Borders mete kanpe de (2) pwogram ki se: Inisyativ Kominote Modèl (IKM); Repanse Pouvwa. Fondasyon genyen biwo nan Potoprens, Lagonav ak Jakmèl. Li genyen patnè ki travay nan yon bon pati nan peyi a. Beyond Borders genyen estaf ki travay plizyè kote Ozetazini, Angletè.

II. Kontèks Konsiltasyon :
Sa fè Preske 10 zan de sa, popilasyon Ayisyèn an ap fè fas a yon seri de difikilte ki paralize fonksyònman yo. Soti nan enstitisyon sosyal ki pi ansyen ki se fanmi rive nan òganizasyon ki pi modèn lan, pwoblèm sa yo gen konsekans nan estrikti yo ak nan operasyon yo. Ensekirite nan prèske tout fòm, men pi espesyalman jounen jodi a, kote se lavi moun ki an danje, sitiyasyon sa yo devlope yon nivo estrès vrèman elve nan lavi chak grenn Ayisyen.

Presyon sa yo sou moun rive pote chanjman nan konpòtman yo e menm nan relasyon yo ak lòt moun.
Fas ak obsèvasyon sa yo, yon konsiltasyon sikolojik kapab ede moun ki nan Fondasyon Depase Fwontyè k ap viv sitiyasyon sa yo nan peyi a remonte pant sa. Li pral sèvi kòm yon sous rekonfò pou moun k ap travay, nan ka ta gen mank konsantrasyon, motivasyon oswa nenpòt lòt enkyetid siko-sosyal ki kapab anpeche bon pèfòmans bò kote estaf yo.

Konsiltasyon sa tou kapab ede sila yo ki ta viv yon move moman nan vi yo, ki ta sibi vyòl, vòl, move trètman elatriye.

Fonctions

Résumé du poste :
III. Responsabilite Konsiltan
1. Oganize-Reyalize seyans endividyèl / kolektif tou depan de demann / bezwen estaf ou byen fanmi pwòch yo (madanm oubyen mari ak pitit)
2. Enfòme Resous Moun o ka ou genyen estaf ki mande pou fanmi pwòch (madanm oubyen mari ak pitit) swiv seyans ou konsiltasyon
2. Toujou disponib pou tande manm estaf yo pou asistans sikolojik
3. Gade ak anpil atansyon konfidansyalite enfòmasyon ke manm estaf yo ou byen fanmi pwòch (madanm oubyen mari ak pitit) yo pataje nan kad konsiltasyon
4. Pataje plan trètman twoma ak rekòmandasyon sou kantite seyans nesesè.
5. Prepare rapò mansyèl akonpanye de fakti pou reyalize pèman.


Konsiltan an genyen pou pran reskonsabilite pou asire li genyen pwòp asirans medikal li pou peryòd kontra a, epi pou li peye taks dapre sa lalwa Ayisyen an mande nan kad kontra konsiltasyon an.

Qualifications réquises

Compétences et qualifications requises :




V. Konpetans ak eksperyans



? Genyen pou pi piti yon lisans nan domèn Sikoloji.



? Genyen pou pi piti 3 lane nan travay sou domèn sa.



? Genyen yon konpòtman pwofèsyonèl pou asire bonjan konfidansyalite epi swivi sere nan ka ki merite.



? Genyen kapasite pou bonjan jesyon/ òganizasyon tan ak plizyè tach alafwa.



? Bòn kapasite kominikasyon.




Dossier d’appel d’offres

Cliquer ici pour télécharger le dossier complet d’appel d’offres


Envoyer le pli à

consultant@beyondborders.net


Ouverture de pli

01/01/1970 à 00:00


Remarques contact

Charlo Jerome
c.jerome@beyondborders.net
(509) 3144 6556


Envoyez à vos amis par


back top